Trètman


Trètman pou kansè lakrimal (glann kriye) ka gen yon konbinezon kimoterapi, imoniterapi ak operasyon.

  • Kimoterapi

    IACC Neyoadjivan (anvan operasyon) sanble amelyore sivivans ak diminye rekirans kansè. Yo file yon katetè nan arèt la ak monte nan atè lakrimal la kote yo enjekte kimoterapi a. Sa ede anpeche efè segondè sistemik.

  • Iminoterapi ou Biyolojik Terapi

    Yo rele l tou terapi biyolojik, iminoterapi ranfòse defans natirèl kò a pou l konbat timè. Li itilize materyèl swa kò a fabrike ou swa yo fabrike nan yon laboratwa pou amelyore, sible, ou retabli fonksyon sistèm imin ou. Rituximab se iminoterapi ki pi popilè yo itilize pou trete timè glann lakrimal.

  • Ekzanterasyon

    Pou maladi ki plis avanse, chirijyen an retire je a ak pòpyè a, grès, nèf ak misk ki nan pati òbit je a. Ou ka kalifye pou yon je atifisyèl (pwotèz) pèsonalize aprè operasyon an. Ekspè nou yo ap egale gwosè ak koulè lòt je a.

Tests 


Pandan yon ekzamen je, doktè w la ap poze w kesyon sou sentòm ou yo ak ka tyeke vizyon w ak mouvman je w avèk yon oftalmoskòp endirèk (yon enstriman ki gen yon limyè ak yon ti loup).

Tès imaj yo itilize pou dyagnostike timè lakrimal yo gen pami yo:

  • Iltrason

    Yo jeneralman fè tès sa pou detèmine gwosè, fòm ak pozisyon yon timè ye. Sylvester gen machin iltrason iltramodèn avèk teknisyen iltrason ki devwe ak ki byen fòme. Nou travay ansanm ak ekspè je nan Bascom Palmer, yo founi rezilta dyagnostik rapid ak ki efikas.

  • Seyans Eskanè MRI

    Yon MIR tèt la pèmèt nou wè anndan je a ak lòt tisi.

  • Seyans Eskanè Tomografi Emisyon Pozitron (Positron emission tomography, PET scan)

    Seyans eskanè PET-Scan ede nou detèmine si timè pwopaje nan lòt pati nan je a ou kò a.

  • Seyans Eskanè Tomografi Enfòmatize CT-Scan (Computerized Tomography)

    Reyon-X yo pran yon seri foto anndan je w ak estrikti ki antoure l yo. Yon òdinatè konbine imaj sa yo, epi l kreye yon imaj 3D detaye pati a.

  • Biyopsi

    Sentòm ak tès yo ka sijere ou gen yon timè lakrimal, men yo souvan bezwen yon biyopsi pou konfime dyagnostik la. Yon oftalmològ souvan ap pòfòme yon biyopsi pou retire selil nan glann kriye w. Yo voye selil nan echantiyon biyopsi an nan yon laboratwa pou yo ka ekzaminen l nan yon mikwoskòp epi teste l chache siy kansè.