Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Timorektomi

    Nan pwosedi sa yo retire yon timè (boul) ak yon ti kantite tisi nòmal nan alantou l. Se chirijyen kansè Sylvester yo ki premye koumanse avèk teknik timorektomi onkoplastik la ak kounyeya y ap anseye lòt chirijyen atravè peyi a. Pandan yon timorektomi, chirijyen w lan retire timè a ak yon ti pati nan alantou tisi a. Doktè w la eskilte rès tisi tete ki rete pou ka bay tete w yon aparans natirèl, li fè ti touch nan lòt tete a pou l ka fè tou de sanble ak youn lòt.

  • Timorektomi avèk Rediksyon Tete

    Pou fanm ki gen gwo tete, onkolojis chirijikal la ak chirijyen plastik la ka fè yon operasyon rediksyon tete, koumanse ak tete ki gen kansè a pou yo ka asire yo rete tisi ki gen boul la ak yon maj ki pwòp — ou sekiritè — nan anlantou boul la. Chirijyen plastik la redui lòt tete a pou l ka sanble ak lòt la.

  • Mastektomi Pasyal

    Operasyon sa, yo konn rele l tou mastektomi segmantal, ladna l yo retire yon pi gwo pati nan tete a plis pase yo retire nan timorektomi.

  • Mastektomi Po ak Pou Evite Pwent Tete

    Lè sa apwopriye ak posib, nan pwosedi sa yo konsève po ak pwent tete a pou minimize sikatris ak amelyore abilite chirijyen an pou l rekonstwi tete w.

  • Mastektomi

    Yon mastektomi retire tout tete a kansè a afekte a. Chirijyen an ka retire youn oubyen plis gangliyon lenfatik anba bra w pandan operasyon an, oubyen kòm yon pwosedi nan pita, pou wè si kansè pwopaje.

    Si w fè yon mastektomi ou yon timorektomi, ou ka chwazi pou w fè yon operasyon rediksyon tete nan menm tan an oubyen w ka deside pou w fè l aprè. Chirijyen w lan ka pèfòme yon timorektomi onkoplastik oubyen chirijyen kansè tete w la ak yon chirijyen plastik ka travay ansanm pou yo fè yon operasyon rekonstriktif. Gen nouvo teknik ki rann li posib pou kreye yon tete ki sanble nan fòm ak aparans ak tete natirèl ou.

  • Biyopsi gangliyon lenfatik santinèl (Sentinel lymph node biopsy)

    Doktè itilize ti operasyon sa pou detèmine si kansè a pwopaje depase timè primè a pou l rive touche sistèm lenfatik ou. Yon gangliyon lenfatik santinèl se premye kote selil kansè yo ka ale lè yo koumanse pwopaje. Pandan biyopsi a, doktè w la enjekte yon koloran espesyal (trasè) pou lokalize gnagliyon yo ak retire yo pou ka chache selil kansè. Si yo pa gen kansè, sa vle di li pa sanble kansè pwopaje epi li pa nesesè pou retire plis gangliyon lenfatik.

    Sylvester ofri yon nouvo trètman ki anpeche retire plis gangliyon lenfatik, menm si yo sispèk santinèl yo. Anvan operasyon, yon seyans eskanè iltrason anba bra a ka endike ki gangliyon lenfatik ki enplike (y ap parèt pi gwo ou anfle). Lè yo itilize kimoterapi anvan operasyon (kimoterapi neyoadjivan), li ka konvèti yon gangliyon lenfatik pozitif an negatif lè yo biyopsize l, sa vle di yo pa bezwen retire plis gangliyon lenfatik.

  • Transfè Gangliyon Lenfatik Venn ak Grèf Lenfatik

    Si w te fè lenfodèm nan yon operasyon anvan sa, chirijyen ekspè Sylvester yo ka enpoze ou founi soulajman nan kondisyon enfim sa ki rive lè gangliyon lenfatik anba bra a ki gen kansè dwe soti pandan yon operasyon, sa ki deranje sikilasyon nòmal fliyid lenfatik yo pou soti nan ponyèt la. Pyiske yo pa gen okenn kote pou ale, fliyid yo retounen nan tisi manm nan,sa ki lakoz anflamasyon ki bay anpil doulè. Nan transfè gangliyon lenfatik vaskilarize, gangliyon lenfatik yo ak stòk san yo transfere nan rejyon kote gangliyon lenfatik yo koupe a pou retabli drenaj nòmal yo.

  • Terapi Radyasyon

    Si w gen yon timè filod ki gen kansè ki poko pwopaje deyò tete w, doktè w la ka mete terapi radyasyon kòm pati nan trètman w la pou detui selil kansè ki rete aprè yo fin retire timè a.

  • Kimoterapi

    Kimoterapi se medikaman pou konbat kansè yo ba w nan venn ou nan yon konprime. Yo ka rekòmande kimoterapi tou anvan operasyon, yo rele sa kimoterapi neyoadjivan, pou ede redui gwosè timè a ak amelyore rezilta operasyon an. Souvan, yo itilize plis pase yon medikaman an menm tan oubyen youn apre lòt pou detui diferan kalite selil kansè nan menm kansè tete a.

  • Follow-Up Care After Phyllodes Treatment

    Timè sa yo pafwa ka retounen nan tete a menm; si w te fè yon mastektomi, yo ka devlope nan po a ak tisi ki pa anba tete a. Majorite rekirans rive sou youn ak de ane aprè operasyon. Timè filod ki gen kansè ka retounen pi rapid pase timè filod ki pa danje.

    Pou ka asire l nenpòt timè ki retounen an gentan kapte nan faz primè. doktè w la prepare yon plan swivi ki genyen:

    • Ekzamen tete klinik nan espas kat ak sis mwa
    • Mamografi, iltrason, ak posibman MRI si mwa aprè trètman, ak sou yon baz regilye.
    • CT-scan pwatrin ou ak vant ou pou de ak senk ane si timè filod ou a te gen kansè ak ou te riske gen rekirans.