Skip to Main Content

Konsèy Administratif Siveyans

Mesaj Prezidan Konsèy Administrasyon



Adam CarlinKòm etan Konsèy Administratif Siveyans sant Sylvester Comprehensive Cancer Center an, Mwen anganje m pou m fè tout sa ki nan pouvwa m pou m plase Sylvester nan pi meyè pozisyon pou kontinye fè siksè nan misyon l pou redui fado kansè a nan Sid Florid ak lòt kote. Siksè nou nan reyalizasyon mandan sa depann si nou bay swen medikal ki pi avanse ak yon eksperyans pèsonèl eksepsyonèl ki egalego pou chak grenn pasyan nou yo ak tout fanmi pwòch yo.

Reyalizasyon misyon nou an ap kontinye depann sou travay di chèchè Sylvester y, doktè yo, ekip ak lidèchip, plis tout sipòtè devwe nou yo nan kominote a.

Se yon vrè onè pou m travay bò kote tout moun sa yo ki tèlman devwe avèl anpil pasyon pou ede travèse yon peryòd ki si tèlman entèresan ak enpòtan pou Sylvester ak trajektwa pou lavni. Efò moun sa yo ki travay di konsa yo parèt klè nan chak avansman Sylvester akonpli – avansman tankou gran ouvèti sant Lennar Foundation Medical Center an desanm 2016; angajman pou $50 milyon The Pap Corps pran an, Champions for Cancer Research, yon òganizasyon militans ki gen pase 21.000 moun ki devwe pou sipòte rechèch sou kansè nan Sylvester; ak Dolphins Cancer Challenge la, ki tèlman reyisi nan enplike kominote a pou fè levedefon pou rechèch kansè nan Sylvester – plis pase $22 milyon k ap kontinye depi 2010.

Gen anpil moun anndan kominote nou a ki pwofondman devye pou sipòte siksè Sylvester, ki gen ladan l kòlèg mwen yo ki nan Konsèy Administrasyon an. Se yon yon privilèj pou m sèvi nan konsèy adinistrasyon an, ki se yon gwoup lidè kominotè ak pwofesyonèl lopital ki vrèman devwe epi ki enplike yo ak anpi pasyon.

Ansanm n ap fè gran pa ki enpòtan anpil ak enteresan pou sipòte misyon final Sylvester ki se elimine kansè.

Meyè ve,

Signature of Adam E. Carlin
Adam E. Carlin
Prezidan
Konsèy Administratif Siveyans Sylvester





Jayne MalfitanoJayne S. Malfitano
Prezidan Konsèy Administrasyon
Harcourt M. and Virginia W. Sylvester Foundation 

Angajman Jayne Malfitano nan Sylvester date plis pase 20 lane depi papa l, Harcourt Sylvester, Jr., te premye pwomèt yon don milti-milyon dola pou Inivèsite Miami pou bati yon sant kansè an omaj ak paran li. Depi lè sa, angajman Jayne pou swen kansè nan Sid Florid vin pi pwofonde. Jayne se yon manb aktif University of Miami Board of Trustees epi vis-prezidan Konsèy Admnistratif Gouvènè sans Sylvester Comprehensive Cancer Center. Anplis, li se prezidan konsèy direktè pou Harcourt M and Virginia W. Sylvester Foundation.

Konsèy Administratif Siveyans

Adam Carlin
Direktè Jesyon Pòtfolyo Prensipal
Morgan Stanley Private Wealth Management
Jayne S. Malfitano
Prezidan ak Direktè
Harcourt M. and Virginia W. Sylvester Foundation
Jose Bared
Ansyen Ofisye Ekzekitif & Prezidan Konsèy Administratif
Farm Stores
Jon Batchelor
Administratè & Vis Prezidan Ekzekitif (Trustee and Executive Vice President)
The Batchelor Foundation
Norman Braman
Pwopriyetè
Braman Motorcars
Jennifer Stearns Buttrick
Direktè Konsèy la, Pro Bono ak Sèvis Kominotè
Stearns Weaver
John Elwaw
Direktè Jesyon, Jesyon Richès
The Elwaw/Cavalieri Group at Morgan Stanley
Miguel Farra
Prezidan Enpo ak Kontabilite
MBAF
Eric Feder
Prezidan
Lennar Commercial Investors
Paul Feinsilver
Prezidan Konsèy Administratif la
FMSbonds, Inc.
Saul Gilinski
Prezidan
Osmopharm
Michael Gittelman
Ofisye Ekzekitif an Chèf
University of Miami Hospital and Clinics
Kinga Lampert
Ko-Administratè
Lampert Foundation
Thomas B. Levinson
Direktè Vant
Coldwell Banker
Linda Moses
Prezidan
The Pap Corps, Champions for Cancer Research
Dr. Stephen D. Nimer
Direktè
Sylvester Comprehensive Cancer Center
Craig Robins
Ofisye Ekzekitif an Chèf ak Prezidan
Dacra
Joan Scheiner
Lily Serviansky Ignacio Urbieta
Ofisye Ekzekitif an Chèf
Urbieta Oil, Inc.