Skip to Main Content

Istwa Nou

Sylvester Atravè Ane yo

Sant Sylvester Comprehensive Cancer Center, yon pati nan Uhealth – Sistèm Sante Inivèsite Miami (University of Miami Health System), se inik sant kansè akademik nan Sid Florid la epi li sèvi kòm sanktyè pou rechèch sou kansè, dyagnostik, ak trètman nan Uhealth.

1973 - SANT KANSÈ KONPREYANSIF SID FLORID

Istwa rich sant kansè a remonte jiska 1973, lè sa yo te konnen l sou non Comprehensive Cancer Center for the State of Florida.

1974 - PWOGRAM RECHÈCH KONTWOL SOU KANSÈ

Nan lane 1974, yo te inisye premye Pwogram Rechèch Kontwòl sou Kansè pou Eta Florid la nan sant kansè a gras ak doktè Jack Healey.

1976 - ETABLISMAN SÈVIS REJYONAL ENFOMASYON SOU KANSÈ

Biwo Sèvis Rejyonal Enfòmasyon sou Kansè, National Cancer Institute te fonde, te etabli nan Sylvester nan lane 1976. Sèvis Enfòmasyon sou Kansè se te sous prensipal enfòmasyon sou kansè pou pasyan, fanmi yo, gran piblik la, ak pwofesyonèl sante nan Florid, Pòtoriko, ak U.S. Virgin Islands.

1986 - HARCOURT SYLVESTER JR. PWOMÈT $27.5 MILYON

An 1986, filantwopis Harcourt Sylvester Jr. pwomèt $27,5 milyon pou sipòte pwogram kansè nan fakilte medsin nan. Nan rekonesans pou pi gwo donasyon jiska dat ki fèt nan Inivèsite Miami, yo te chanje non sant kansè a pou rele l Sylvester Comprehensive Cancer Center an omaj pou paran Mesye Sylvester, Harcourt Sr. ak Vigirnia. Jiska dat, Fondasyon Harcourt M. & Virginia W. Sylvester kontribiye plis pase $50 milyon nan Inivèsite Miami Leonard M. Miller Fakilte Medsin.

1989 - DEVLOPMAN

Yo te poze pyemye wòch la pou nouvo etablisman klinik la 17 Me, 1989..

1992 - SYLVESTER COMPREHENSIVE CANCER CENTER OUVRI POT LI

Apre twa lane konstriksyon, sant kansè a ki 117.500 mèt-kare te ouvri pòt li an Jen 1992.

2012 - DOKTÈ STEPHEN D. NIMER RIVE

Stephen D. Nimer, M.D., rejwenn sant kansè a kòm direktè nan lane 2012. Yon ekspè renome nan lesemi ak lenfom, Doktè Nimer pran kòn lan nan Sylvester apre 20 lane nan sant Memorial Sloan Kettering Cancer Center nan Nouyòk, kote l te kenbe syèj Alfred P. Sloan nan.

2015 - SANT PA EKSELANS

Eta Florid te nomine Sylvester Sant Kansè Pa Ekselans (Cancer Center of Excellence) nan mwa Mas 2015, youn pami kat nan eta a. Epi tou an 2015, yon etid sant Memorial Sloan Kettering Cancer Center nan Nouyòk te montre pasyan ki te trete nan Sylvester gen yon 10 % chans anplis pou yo rete vivan pase pasyan ki trete nan lòt lopital.

JOUNEN JODIYA

Sylvester kounyeya gen plis pase 300 doktè ak chèchè ki fokis sou kansè, ki gen ladan l tou plis pase 100 ekspè nan kansè yo rekrite nan meyè enstitisyon kansè nan peyi a pandan twa ane pase yo.

Doktè ak chèchè nan Sylvester dekouvri, devlope, ak livre plus terapi ki apwen sa ki ba yo pi bon rezilta. Nan Sylvester, pasyan yo gen aksè ak plis opsyon trètman ak plis esè klinik pou kansè pase pi fò lopital ki nan sidès Etazini.