Skip to Main Content

Byen ak Donasyon Planifye

Donasyon planifye se zouti filantwopik ki pi puisan ki disponib pou byenfetè Sylvester yo. Pou w ka aprann kijan pou w enkli Sylvester nan testaman w, oubyen kijan pou w fè yon kado espesyal ki ofri w pèman chak ane, ekonomi sou enpo ak lòt avantaj, tanpri vizite University of Miami Estate & Gift Planning website.

Nou byen resevwa kado aksyon/stòk ak fich bon nan Inivèsite Miami; sepandan, kado sa yo mande planifikasyon espesyal ak konsiltasyon nan men konseye finansye pwofesyonèl ou a ak estaf Inivèsite Miami an. Inivèsite a rekòmande donatè ki deside fè yon kado aksyon/stòk pou l kontak biwo Sèvis Devlopan nan 305-284-4444. N ap ba w enfòmasyon sou kijan pou w fè transfè a.

Kado ki gen sekirite apresye sa yo jeneralman genyen benefis ki pa asosye ak kado pa chèk, kach ou kat kredi:

  • Ou evite gen enpo kapital. Tout gen yon ka takse siw vann stòk ou aksyon fon komen yo pou kont ou, men se pa lè w transfere posesyon an bay Inivèsite a.
  • Rediksyon pou donasyon w fè a pou rezon enpo sou revni federal baze sou valè konplè ak ekitab aksyon an nan dat ou te fè donasyon an.
  • Ou resevwa kredi nan men UM pou valè ekitab konplè aksyon an, men pri sa koute w se sèlman pri orijinal ou te achte li a.

Pou plis enfòmasyon konsènan avantaj yo, vizite paj Byen ak Donasyon Planifye yo, ounyen kontakte biwo Estate and Gift Planning nan 800-529-6935.