Pasyan Sylvester gen opòtinite tou pou yon patisipe nan esè klinik inovatris ki ofri nouvo apwòch trètman ak ede kominote syantifik la reponn kesyon sou nouvo fason pou itilize medikaman ki la deja pou konbat kansè.
Lennar Foundation Medical Center: Ofri Swen Kansè Iltra-Modèn
Sant Sylvester Comprehensive Cancer Center, ki fè pati UHealth –Sistèm Sante Inivèsite Miami an, the ouvri sizyèm sant satelit li an desanm ki konstitiye yon pati enpòtan nan sant Lennar Foundation Medical Center nan kanmpis UM nan Coral Gables.
Doktè Sylvester ofri yon varyete sèvis pou pasyan nan nouvo sant trètmanak dyagnostik 206.000 mèt-kare senk etaj la. Etaj anba a gen ladan lsèvis imaj dyagnostik ak sèvis onkoloji radyasyon, ki gen ladan l tou yon akseleratè lineyè avanse ak yon similatè CT. Etaj nan mitan an rezève pouswen operasyon anbilatwa pou yon varyete kondisyon, kansè ladna l tou, li gen ladan l sis chanm operasyon jeneral, de chanm pou operasyon espesyal ak twa fasilite pou GI/andoskopi.
"Achitekti bati an sa kreye yon anviwonman ki bade ak limyè pou ankouraje gerizon pasyan an ak byenèt li.”
Tout katriyèm etaj sant lan rezève pou sèvis kansè Sylvester, ki gen ladan l yon inite trètman konpreyansif pou enfizyon kimoterapi; yon sant pou swen sante tete ki gen yon teknoloji imaj konpreyansif ak biyopsi; yon sant sante pou gason ak espesyalis nan kansè pwostat ak iroloji; yon sant kansè tèt ak kou; 36 chanm ekzaminasyon; yon famasi; ak yon laboratwa patoloji ki rezève pou pasyan onkoloji. Sèvis sipò, tankou akiponkti, masaj ak travay sosyal tou nan batiman an.
Sylvester Etabli Konsèy Konsiltatif Pasyan ak Fanmi
Sylvester te etabli Konsèy Konsiltatif Pasyan ak Fanmi an pou ka bay pasyan ak fanmi yo yon fowòm pou yo pataje fidbak, sijesyon ak ide sou kijan sant lan ka amelyore eksperyans, satisfaksyon ak konfò pasyan nou yo. Konsèy la rankontre chak mwa, epi yo diskite opòtinite nan operasyon klinik ak swen pasyan pou ka pote chanjman ki pral amelyore eksperyans pasyan an. Konsèy la te koumanse nan mwa janvye 2016 avèk twa pasyan ak manb fanmi yo, nonb moun ki manb yo grandi pou rie 20 pasyan ak fanmi ajoute sou kantite estaf la. Anpil nan manb konsèy la ki sèvi kòm konseye tou enplike nan yon bann inisyativ amelyorasyon pèfòmans atravè sant lan, soti nan sekirite pasyan rive nan sivivans. Nan demach li pou l reyalize amelyorasyon san kanpe, konsèy la kowòdine efò li yo ak gwoup travay C4QI PFAC a, ki gen manb nan gran sant kansè atravè peyi a.
"Anpil nan manb konsèy la ki sèvi kòm konseye tou enplike nan yon bann inisyativ amelyorasyon pèfòmans..."
Ekspansyon Inite Onkoloji Lopital Amelyore Eksperyans Pasyan
Kòm sa fè pati nan angajman san kanpe pou amelyore eksperyans pasyan an, Sistèm Sante Inivèsite Miami an resaman fini ak renovasyon inite ospitalizasyon nan onkoloji ak koumanse renovasyon yon dezyèm selil nan Lopital 560 kabann Inivèsite Miami an. Renovasyon sa yo fèpati yon efò ki gen plizyè faz, k ap dire de ane ki pral transfòme kèk nan chanm pasyan yo an chanm swit – sa k ap redui nonb kabann lisansye yo ak 516 epi k ap etabli plis pase 200 kabann onkolojik espesyal k ap nan senkselil nan kat etajlopital la. Nou espere espas ki renove yo ap amelyore eksperyans pasyan yo nan fason l ap ofri yo yon anviwònman fizik ki atiran epi ki ankouje gerizon, nan ogmantasyon kapasite onkoloji chirijikal ak medikal la, epi y ap pèmèt regwoupe pasyan yo an gwoup pou resevwa swen adapte, epi sipòte sèvis ak entèvansyon onkolojik.
Sylvester Dedye Nouvo Paviyon pou Swen Kansè Tete
Lidè Sylvester ak Uhealth yo, doktè, etaf ak sipòtè, ak Prezidan Inivèsite Miami Julio Frenk mete ansanm 21 Mas pou selebre dedikas Faz I nouvo Paviyon Gail S. Posner pou Swen Kansè Tete nan lokal Braman Family Breast Cancer Institute a. Paviyon Posner an tabli pou founi swen sante konpreyansif pou fanm, tout bagay nan menm espas la. Faz I paviyon an gen 17 chanm egzamen ki kouvri plis pase 7.300 mèt kare. Yo prevwa pou konplete faz II paviyon an nan debi 2018 nan ak ajoute 8.400 mèt kare ki rezève ak swen kansè pou fanm.