Skip to Main Content

Pwojè

Pwojè Aktyèl

Sondaj Kansè Anyèl | Envestigatè Prensipal: Dr. Natasha Schaefer Solle
Gras ak done yo kolekte atravè yon sondaj ponpye konplete chak ane, envestigatè ap travay pou konprann risk kansè ki rive espesyalman ponpye Florid yo ak kreyen yon baz done risk ak konpòtman tout ponpye Florid yo. Pwojè sa kounyeya gen ladan l sondaj AERIAL (Advancing Epidemiology of Retired fIrefighters Aging Longitudinally). Orijinalman li te lanse nan dezyèm ane inistativ la (2016-2017), AERIAL fokis sou ponpye ki retrete al ap chache konprann ki kansè yo dyagnostike pandan retrèt pami ponpye ki te aktif ak ekspozisyon okipasyonèl yo te sibi pandan yo te aktif nan travay la ak/ou faktè ijyèn ki vin debouche sou kansè.

Pwogram Echantiyonaj Anviwònmantal | Envestigatè Prensipal: Dr. Sylvia Daunert
Ekip echantiyonaj anviwònmantal la ap travay sou siveyans kasinojèn ak konpoze danje ki degaje nan ekipman akonpanyeman yo, amelyore metòd analiz brasè a ki te devlope nan dezyèm ane (2016-2017). ak devlope teknoloji pou siveye kasinojèn ak konpooze danje yo.

Linkaj (Linkage) FCDS | Envestigatè Prensipal: Dr. David Lee
Pwojè Linkaj FCDS la ap konekte achiv sètifikasyon Fire Marchal avèk achiv Sistèm Done Kansè Florid pou idantifye dispwopòsyonalite kansè ki afekte ponpye Florid yo.

App Ekspozisyon (Exposure App) | Envestigatè Prensipal: Dr. Barbara Millet and Clay Ewing
Ekip devlopman Exposure App la ap kreye yon aplikasyon pou pèmèt ponpye gen yon achiv dijital jan yo ekspoze ak risk nan travay yo, chèchè yo ka itilize pou jwenn evidans kansè ki gen rapò ak travay ponpye fè. Enfòmasyon sa yo ap ede konplete dosye sante pèsonèl ponpye a. Pandan tan sa, envestigatè Eksperyans itilizatè Exposure App la ap travay kole ak ekip devlopman aplikasyon an pou asire yo konsepsyon zouti a, fonksyonalite, patikilarite, kontni, ak fasilite pou itilize l ap ede satisfè objektif pwojè a.

Fòme Fòmatè a (Train the Trainer) | Envestigatè Prensipal: Dr. Erin Kobetz
Ekip pwojè Fòme Fòmatè a ap kolabore ak Sant Gordon pou Rechèch nan Edikasyon Medikal (Center for Research in Medical Education) pou devlope yon kirikoulòm pou prevansyon kansè nan sèvis ponpye. Konesans nou ranmase pandan pwojè Komonikasyon Sante a ap ede tou pou enfòme devlopman kirikoulòm sa.

Ekzamen Kansè | Envestigatè Prensipal: Dr. Natasha Schaefer Solle
Pwojè Ekzamen Kansè a founi ekzamen pou kansè kolorektal ak matris pou ponpye ki aktif ki kalifye avèk enplimantasyon yon zouti ekzamen adomisil. Adisyonèlman, nan twazyèm ane (2017-2018), pwojè ekzamen kansè a enkòpore pwojè Guardrails la ki te premyeman enkli nan inisyativ 2016 la. Pwogram Byennèt Guardrails la (Guardrails Wellness Program) itilize nitrisyon pèsonalize ak rekòmandasyon ekzèsis pou optimize sante ak konbat risk kansè lakay ponpye.

Bank Timè | Envestigatè Prensipal: Dr. Alberto Caban-Martinez
Amelyore swen pou ponpye ki gen kansè mande rechèch nan mekanism molekilè selil kansè yo. Pou envestige mekanism sa yo, yo bezwen espesimenn timè ki frèch. Pwojè sa ap etabli yon bank timè pou rann espesimenn sa yo disponib pou chèchè kansè isit la nan Sylvester.

Pwojè ki deja Konplete

Kominikasyon Sante | Envestigatè Prensipal: Dr. Tyler Harrison
Envestigatè pwojè Kominikasyon Sante yo travay pou konprann kilti ponpye yo, travay yp, ak konesans sou kansè. Yo devlope tou materyèl kanpay edikasyon ak chanjman konpòtman.

PBDE & Fonksyon Tiroyid | Envestigatè Prensipal: Dr. Natasha Schaefer Solle
Envestigatè yo ekzamine asosyasyon ant nivo PBDE ak fonksyon tiroyid ponpye nan Sid Florid ki aktif. Pwojè sa travay pou l dekri ak karakterize kalite ak kantite PBDE ki prezan nan san ponpye yo swivan kalite ekspozisyon okipasyonèl (i.e., ane nan sèvis ponpye, tit nan travay, reponsabilite ponpye).