Skip to Main Content

Program Onkoloji Global ak Entènasyonal

San Sylvester Comprehensive Cancer Center nan Inivèsite Miami ap fè efò nan sans pou l soulaje inegalite nan kotwòl kansè nan peyi sou-devlope ak ki nan wout devlopman (low-and middle-income countries, LMICs) atravè inisyativ Pwogram Onkoloji Global ak Entènasyonal la.

Kòman

  • Opòtinite edikasyon entè ak eksteryè
  • Bay yo grent rechèch entèn, kreyasyon pozisyon rechèch apre doktora ak konekte kolaboratè rechèch entènasyonal ak UM.
  • Amelyore eksperyans pasyan entènasyonal ak ofri oryantasyon pou patnè nou yo pou devlope pwòp sèvis pa yo lè n ap konsire kontrent yo genyen nan domèn resous.
Tout efò Onkoloji Global ak Entènasyonal gen ladan yo inisyativ ki sou pye avèk patnè nou yo nan LMIC yo ki fokis sou 3 domèn prensipal:
  1. Edikasyon
  2. Rechèch
  3. Swen Pasyan

Vizyon pou Pwogram Onkoloji Global & Entènasyonal nan Sylvester

Pou ka gen renome entènasyonal pou rechèch kansè ekstrawòdinè ak swen pèsonalize ki fokis sou pasyan

Edikasyon
Pou dirije edikasyon ak fòme pwofesyonèl swen sante nan kontwòl kansè nan espas ki gen manke resous.

Rechèch
Bati yon pwogram rechèch onkoloji global ki gen estanda entènasyonal k ap envestige diferans nan biyoloji kansè, ak disparite ki gen nan prevansyon, swen, rechèch avèk enpak sosyal ak li genyen sou moun atravè mond lan.

Swen Pasyan
Pote yon metòd ki santre sou pasyan nan domèn trètman kansè pandan n ap konsidere yon nivo resous apwopriye ki disponib anndan LMIC a.