Skip to Main Content

Kansè Kolòn Vètebral

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Kolòn vètebral la se yon kolòn fib nève ki long. Objektif li se pou pote mesaj ale ak tounen nan sèvo a ki kontwole mouvman kò nou. Kolòn nan sipòte touestabilite ak estrikti kò nou. Gen twa manbràn pwotektris (menanj) ki vlope alantou kolòn vètebral la.

Timè Kolòn ak kansè kolòn nan devlope nan zo, nèf ak lòt tisi kolòn vètebral la.

Timè kolòn vètebral ki gen kansè ak timè kolòn vètebral ki pa gen kansè ka konprese kolòn vètebral la ak nèf yo. Domaj nève pèmanan souvan soti nan konpresyon. Terapi agresif ka potansyèlman limite pèt fonksyon nève ou ede restore fonksyon nève.

Kalite Timè Kolòn Vètebral:

Timè Epidiral
Timè epidiral grandi nan zo ki konpoze kolòn vètebral la. Yo se yon risk paske yo ka konprese kolòn vètebral ou, nèf ou ak fliyid kolòn vètebral la.

Timè Entradiral
Timè entradiral se timè kolòn vètebral ki fòme nan "dura mater" a. Dura mater se manbràn ki pi eksteryè, pi di ak plis fib pami tou twa manbràn yo (menanj) ki kouvri sèvo a ak kolòn vètebral la.

  • Timè Entramedilè: Timè sa yo devlope deyò kolòn vètebral la, tankou nan antouraj dura mater a (menanjyòm) oubyen mam rasin nèf yo ki lonje soti nan kolòn vètebral la (chwanòm ak nerofibròm). Timè sa yo pa gen kansè nan majorite ka.
  • Timè Entramedilè: Timè tki koumanse nan selil sipò yo anndan kolòn vètebral la. Majorite se swa astrositòm oswa epandimom.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Sylvester se yon sant kansè deziyen NCI. National Cancer Institute te rekonèt Sylvester pou travay eksepsyonèl li fè rechèch nan laboratwa li yo, trete pasyan yo nan klinik li yo ak lopital li yo, epi lonje men nan kominote ki pa gen desèvi medikal ak estrateji prevansyon inovatè.

Kimoterapi entratekal (Intrathecal chemotherapy) pou kansè sèvo ak newolojik ki apwopriye. Trètman avanse sa ofri pi gran presizyon ak sekirite pase kimoterapi tradisyonèl pou kèk timè patikilye. Pou terapi sa, yo livre medirèkteman dirèkteman nan anplasman timè a atravè plakèt k ap fonn (dissolving wafer).

Lidè nan rechèch terapi jenetik. Se yon ekip ki gen ekspè nan pi nouvo trètman molikilè ak jenetik mondyal k ap pran swen w.

Radyo-operasyon Kouto Gama (Gamma Knife Radiosurgery) pou timè sèvo ki pa operab. Yo ka detui timè piti yo lè yo itilize teknoloji inovatif sa si operasyon pa rekòmande.

Youn nan sèlman sis Sant Ekselans Kansè deziyen nan Florid. Ou dwe rete konfidan konnen ou nan meyè plas ki ekziste pou trete kansè w la nan Sid Florid. Pwobabilite pou yon pasyan siviv kansè apre senk ane nan yon Sant Kansè Devwa 17 pousan fwa pi plis pase pa lòt lopital yo.

Ekip swen pliridisiplinè ki gen ekspètiz yo rekonèt nasyonalman. Moun ki konpoze ekip swen w lan se ekspè nan kalite kansè w la ekzakteman ak nan tout aspè nan li. Tout doktè w yo, enfimyè ak plis moun kolabora pou sove lavi.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Siveyans aktif

    Also called watchful waiting or monitoring, if small tumors are noncancerous and aren't growing or pressing on surrounding tissues, your doctor may recommend not treating the tumor yet. You will receive regular check-ups and tests to keep monitoring the condition.

  • Operasyon

    Few patients receive surgery for spinal tumors due to the risk and nearby location of nerves. However, newer techniques are making it an option for some patients. Surgery may be followed by radiation therapy, chemotherapy, or both, to ensure removal or destroying of all cancerous cells. Types of surgery include:

    • Reseksyon Posterolateral: Yo retire timè kolòn vètebral la atravè yon ensizyon nan do, epi kolòn vètebral la ak zo yo ranfòse. Operasyon sa ka redui konplikasyon ak redui tan retablisman.

    • Resesyon En Blòk: Teknik sa se pou timè yo ka retire anpyès. Yo ka itilize pou timè selil ki jeyan, kondrosakòm ba-mwayèn, ak kòdom ki lokalize nan zo kolòn vètebral ou oubyen akote kolòn vètebral ou.

    • Operasyon Timè Kolòn vètebral Metastatik: Teknik tankou dekonpresyon kolòn vètebral ka soulaje presyon ki sou kolòn vètebral la ak rasin nèf yo. Li kreye espas nan kolòn vètebral la pou ka kontinye ak terapi radyasyon dozaj elve.

    • Anjyografi Sirenal: Anjyografi sirenal ka redui pèt sa nan operasyon. Chirijyen w lan ap enjekte yon koloran kontras ak fè yon X-ray pou ka wè ki kote veso sangen yo ye. Yon radyològ entèvansyonèl answit enjekte yon ti grenn nan veso sa pou anpeche w senyen.

  • Terapi Radyasyon

    Rayon lazè ki gen enèji wo, reyon gama, oubyen reyon proton diminye yon timè anvan operasyon. Yo ka itilize terapi radyasyon tou kòm trètman prensipal si operasyon pa yon opsyon. Li ka ede soulaje sentòm yon timè lakoz. Gen de kalite terapi radyasyon estanda prensipal:

    • Terapi Radyasyon Entèn: Yon ti kantite sibstans radyoaktif founi radyasyon dirèk anndan selil kansè a gra ak yon egwi , fil ou katetè. Oubyen yo ka delivre l gras ak ti grenn kiriterapi (brachyterapi) chirijyen w lan ap enplante tou pre timè yo. Yon espesyalis radyasyon ap diskite meyè terapi pou ou.

    • Terapi radyasyon Reyon Ekstèn: Avèk terapi radyasyon reyon ekstèn, w ap kouche konfòtabman, w ap kouche plat. Machin radyasyon an ap fè rotasyon dousman alantou kò w. L ap livre yon reyon radyasyon ki byen pwente sou timè a ou kote kansè a grandi a. Teknoloji Sant Kansè Sylvester asire ekspozisyon nan radyasyon radyasyon minim ou preske pa genyen ki konsène tisi kò ki an sante. Nan kalite terapi radyasyon reyon ekstèn genyen ladan yo:

      • Terapi Radyasyon Konfòmèl 3-Dimansyonèl (3-Dimensional Conformal Radiation Therapy, 3-D CRT): AYon òdinatè kreye yon imaj 3D timè sèvo a oubyen kolòn vètebral la. Sa ede nou bay dòz radyason ki pi wo posib la.

      • Terapi radyason Entansite Modile (Intensity-modulated radiation therapy, IMRT): Sa se yon kalite terapi radyasyon 3D tou. Reyon radyasyon fen ki gen diferan entansite (fòs) frape timè yo sou plizyè ang.

      • Radyochiriji Estereyotaktik: Yon sèl grenn dòz radyasyon an fokis dirèteman nan timè sèvo a. Radyochiriji estereyotaksik ak radyochiriji se lòt non yo bat teknik sa. Se pa yon pwosedi chirijikal.

      • Radyo-operasyon Kouto® Gama (Gamma Knife® Radiosurgery): Fokis yon gwo dòz radyasyon sou yon ti timè (mwens pase 3 santimèt avèk presizyon ekszat.

  • Kimoterapi

    Kimoterapi se yon trètman kansè ki itilize medikaman pou kanpe kwasans selil kansè yo. Medikaman yo ka swa tiye selil kansè yo oubyen enpoze yo grandi ak pwopaje. Kimoterapi adjivan se kimoterapi apre operasyon ou biyopsi. Yo enjekte kimoterapi (kòm yon likid) nan yon venn ou misk gras ak yon IV (kontraksyon pou "intravenous", nan venn); ou pran l oralman nan bouch, tankou konprime; ou yo bay li dirèk nan espas ki plen fliyid nan sèvo a.


Tès

  • MRI

    Yon leman, radyo-ond ak yon òdinatè reye yon seri foto detaye sèvo ak kolòn vètebral ou. Gadolinyòm, yo enjekte nan yon venn, kolekte alantou selil kansè yo ak fè yo byen klere nan imaj la. Imaj rezonans manyetik nikleyè (Nuclear magnetic resonance imaging, NMRI) se yon lòt non pou yon MRI. Yo ka fè yon spektroskopi rezonans manyetik (Magnetic resonance spectroscopy, MRS) tou pandan yon MRI scan. MRS dyanostike timè, swivan konpozisyon chimik li.

  • CT-Scan ou Cat Scan (Computed Tomography)

    Pwosedi sa fè seri foto detaye kote anndan kò w sou plizyè ang. Yo ka enjekte yon koloran nan yon venn ou ba w li kòm yon likid. Koloran an fè anòmalite tisi ak ògàn yo parèt klèman. Yo rele tès sa tou tomografi kalkile (computed tomography), tomografi aksyal enfòmatize ou tomografi enfòmatize (computerized).

  • X-Ray

    Yon X-ray ka idantifye vètèb (zo) patikilye k ap konprese kolòn vètebral ou a. Li ka ede nou evalye tou aliyman kolòn vètebral ou. Yo ka pèfòme X-Ray pandan trètman an, tou. Pa ekzanp, pou ede yon chirijyen plase fè ak vis pedikil pou estabilize kolòn vètebral la aprè anlèvman chirijikal timè a.

    • Myelografi: Yo pran X-ray aprè yo fin enjekte koloran an nan kavite fliyid kolòn veètebral ou. Ou ka wè chema yon timè. Yo pi souvan itilize myelografi pou planifye yon trètman anvan yo itilize terapi radyasyon ki gen gwo dozaj ak presizyon elve yo rele radyochiriji estereyostatik.

  • PET Scan (Positron Emission Tomography)

    W ap kouche nan machin PET skanè a, pandan skanè PETa ap vire alantou kò w. Yo enjekte yon ti kantiteglikoz radyoaktif nan yon venn. PET skanè a fè yon foto ki kote glikoz la ye nan sèvo w. Selil timè ki danje yo ap parèt pi klere nan foto a. Selil kansè yo absòbe plis glikoz pase selil nòmal yo paske selil kansè yo aktif anpil. Tès la ka detekte si yon kansè se yon timè primè ou si selil yo pwopaje sot nan lòt kote nan kò a.

  • Biyopsi

    Si tès imaj yo montre ka gen yon timè sèvo, n ap fè yon biyopsi. Chirijyen an dirije yon egwi nan timè a ak retire yon ti kal fliyid ou tisi. Epi patolojis (ekspè selilè) nou yo ekzamine sa anba yon mikwoskòp.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.