Skip to Main Content

Kansè Kòl Matris

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Kòl matris la pati enferyè ki mens matris la ki mennen nan vajen an ak deyò kò a. Kansè kòl matris koumanse nan kòl matris la — jeneralman dousman, atravè tan. Souvan genyen konfizyon ant kansè ak pre-kansè, epi nou gen ekspètiz pou nou founi yon dganostik ki ekzat. Ekip nou an gen ladan li yon jinekològ ki espesyalize nan trete lezyon prekansè ak travay kole avèk onkolojis jinekolojik pou anpeche ou trete kansè prekòs.

Byenke se enfeksyon HPV ki lakoz majorite kansè kòl matris, se pa tout fanm ki gen HPV ki devlope kansè sa. Fanm ki pa fè tès pou HPV ou selil anòmal nan kòl matris yo regilyèman gen gwo risk. Gen yon sansibilizasyon k ap miltipliye pou anpeche HPV lakay ti fi, jèn, jèn fanm ak ti gason. Gason ki transjan ki toujou gen yon kòl matris ka devlope kansè kòl matris.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?


Yon Klinik ki Konsakre ak Displazi. Klinik Displazi a nan Sylvester a ofri ekzamen, dyagnostik, ak trètman pou maladi pre-envazif aparèy jenital enferyè a, ki gen ladan l displazi anal lakay ni gason ni fanm. Nou ofri yon gwo gam sèvis pou anpeche kansè, ki gen ladan l swen konplè, edikasyon, ak seyans konsèy sou HPV ak displazi.

Meyè sant nan Sid Florid pou operasyon jinekolojik robotik. Teknoloji iltramodèn nou an ban nou presizyon ekzat pou anlèvman timè. Operasyon ki fèt avèk asistans robotik ofri pi gwo kontwòl ak lese plis kantite tisi posib.

Swen nou devlope pou fanm espesyalman. Nou founi swen ki sipòte avèk rechèch ki pèsonalize pou bezwen chak fanm, avèk pi gran konfòtabilite. Nou ofri pwosedi avanse nan klinik nou, dènye tès dyagnostik yo pou rezilta rapid, avèk aksè nan sèvis sante konplè pou fanm tout laj.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman


Klinik Displazi a nan Sylvester ofri dyagnostik ak trètman pou maladi pre-envazif aparèy jenital enferyè a, ak tout ekzamen ak trètman pou displazi anal lakay ni gason ni fanm.

Sèvis klinik disponid pou nenpòt fanm yo dyagnostike ki gen displazi kòl matris, vajinal ou vilvè. Nenpòt fanm ki gen fwoti (Pap smear) sèvikal anòmal ka kalifye tou pou evalyasyon. Sèvis klinik yo disponib tou pou ekzamen ak trètman displazi anal lakay gason ak fanm.

Sèvis yo gen ladan yo:

  • Swen ki fèt ak tan ak ki efikas pou tout fanm ki gen tès fwoti sèvikal anòmal avèk gason ak fanm ki gen risk pou ou avèk displazi anal.
  • Evalyasyon, trètman ak jesyon displazi sèvikal, vajinal, vilvè ak anal.
  • Seyans konsèy HPV ak displazi.

  • Konizasyon

    Pwosesis sa enplike anlèvman yon ti moso tisi ki gen fòm kòne nan kòl matris la ak kanal sèvikal la. Yo ka itilize l pou trete kasinòm in situ (sou plas) ak kansè kòl matris etap 1. Yo ka retire tisi a avèk yo n skalpèl, yon lazè, ou avèk yon pwosedi eksizyon bouk elektrochirijikal (Loop electrosurgical excision procedure, LEEP). Metòd LEEP la itilize yon bouk fen an fil avèk yon kouran elektrik pou retire tisi anòmal ak kansè.

  • Operasyon Robotik

    Onkolojis jinekològ Sylvester yo se ekspè nan itilizasyon operasyon robotik pou kansè kòl matris epi pèfòme plizyè milye pwosedi. Teknoloji avanse a bay chirijyen w lan pi gwo kontwòl ak presizyon, ki ka ofri mwens doulè ak retablisman ki pi rapid. Ekip chirijikal ou a seiveye w atravè tout pwosedi w la epi li prè pou ede w lè w bezwen. Jodiya, yo pèfòme prèske 80 ak 90 pousan nan operayson isterektomi robotikman. Nan kèk ka, yo ka konsève fonksyon ovè yo.

    • Isterektomi Total: Chirijyen an retire matris ak kòl matris pasyan an. Yo ka reyalize sa atravè vajen an, yon ensizyon nan vant, oubyen laparoskopikman atravè plizyè ti ensizyon. Souvan yo ka prezève fonksyon ovè yo, kidonk pale ak doktè w la.
    • Isterektomi Radikal: Nan pwosedi sa, chirijyen an retire matris la, kòl matris la, vajen siperyè a, ak parametriyòm nan, ansanm avèk gangliyon lenfatik rejyonal yo. Pale ak doktè w la, paske yo ka pa oblije bezwen retire ovè yo.
    • Trachelektomi Radikal: Yo ka itilize pwosedi sa ki espesyalize anpil pou trete fanm ki nan etap prekòs kansè kòl matris, ki toujou vle fè timoun. Aprè yo fin retire kòl matris la, yo atache matris pasyan an avèk pati ki rete nan vajen an, epi yo kreye yon pwen (yon may) pou aki tankou kòl matris la ak ouvèti matris la.
  • Biyopsi Gangliyon Lenfatik Santinèl

    Gangliyon lenfatik santinèl la se premye kote kansè a plis ka pwopaje soti nan timè a. Yon koloran yo enjekte tou pre timè a vwayaje atravè kanal lenfatik yo pou ale nan gangliyon lenfatik yo. Premye gangliyon lenfatik ki resevwa koloran an, yo retire l. Yon patolojis ekzaminen echantiyon an anba yon mikwoskòp pou verifye si gen kansè. Si yo jwenn selil kansè, li ka pa nesesè pou yo retire plis gangliyon lenfatik. Pwogrè nan domèn teknoloji rann depistaj gangliyon lenfatik santinèl vin 95 pousan ou pi wo.

    Onkolojis radyasyon Sylvester yo itilize teknoloji ki pi avanse a pou livre radyasyon ekstèn ou entèn nan timè kòl matris yo. Onkolojis radyasyon w lan ap diskiteki trètman ki pi bon pou kansè w la.

  • Terapi Radyasyon Kò Estereyotaktik

    Avèk terapi sa, nou itilize ekipman espesyal pou nou pozisyone w pou n ka livre radyasyon dirèkteman nan timè w la. Yo bay kantite radyasyon total la pandan plizyè jou atravè ti dòz tou piti. Sa limite domaj li ka koze sou tisi ki nòmal yo. Ekspè yo ap etidye kalite terapi radyasyon sa nan esè klinik pou kansè kòl matris peryodik.

  • Kiriterapi

    Nan kalite radyasyon lokalize sa, yon konsantrasyon gwo dòz radyasyon imedyatman antoure sous radyoaktif la, avèk yon desant radyasyon rapid ki ekspoze nan tisi ki tou pre yo. Nan kansè kòl matris, yo aplike sous radyasyon an avèk yon aplikatè entraiterin ou yon bag vajinal. Pou kansè kòl matris ki avanse lokalman, yo jwenn kimoradyasyon, kimoterapi kobine avèk ni radyasyon ekstèn ak kiriterapi efikas.

  • Kimoterapi

    Kimoterapi se yon konbinezon medikaman ki konbat kansè yo administre atravè venn (nan venn) ou nan yon konprime pou ka tiye selil kansè ki rete yo. Yo founi majorite kimoterapi pou kansè kòl matris ansanm ak terapi radyasyon.

  • Terapi Sible

    Terapi sible yo bati pou atake alterasyon molekilè ki fè selil kansè yo grandi ak pwopaje. Trètman sa yo gen potansyèl pou yo plis efikas ak gen mwens efè segondè pase kimoterapi. FDA apwouve plizyè terapi sible.


Tès


Chak ekzamen nouvo pasyan nan Sylvester koumanse ak yon ekzamen fizik ak istwa. Doktè w la ap poze w kesyon sou istwa medikal ou, sentòm ou yo, faktè risk yo ak istwa maladi a nan fanmi w. Apre sa ap gen ekzamen ak tès:

  • Ekzamen Peni

    Yo fouye yon ti enstriman nan vajen w pou doktè a ka gade vajen w ak kòl matris ou pou chache siy maladi. Doktè w la ka pi souvan fè yon tès fwoti (Pap test) kòl matris ou an menm tan. Doktè a ka fouye tou youn ou de dwèt librifye ki nan gan nan vajen w epi tate anba vant ou pou verifye gwosè, pozisyon ak fòm matris la ak ovè yo.

  • Tès fwoti (Pap Test)

    Espesyalis ou a ap itilize yon ti bwòs ou spatil pou l ka jantiman retire selil nan kòl matris ou pou ka gade si gen kansè kòl matris ou chanjman selil ki ka mennen nan kansè kòl matris, ki gen ladan l enfeksyon ou anflamasyon.

  • Tès Papiyomaviris Imen (HPV)

    Sa se yon tès laboratwa ki verifye kèk kalite enfeksyon HPV. Patolojis ou ap verifye ADN ou ARN nan selil yo, yo te pran pandan tès fwoti a, pou dekouvri si se yon kalite HPV ki konekte ak kansè kòl matris ki lakoz yon enfeksyon.

  • Kirtaj Andosèvikal ak Kòlposkopi

    Yon enstriman mikwoskopik ki limen, yo itilize yon kòlposkòp pou verifye vajen an ak kòl matris la pou chache anòmalite. Yo kolekte echantiyon tisi gras ak yon enstriman ki gen fòm kiyè, yon kirèt, epi yo chache siy kansè.

  • Biopsy

    Si nou jwenn selil ki anòmal nan yon tès fwoti, doktè w la ka pran yon echantiyon tisi nan kòl matris la epi yon patolojis ka ekzamine l anba yon mikwoskòp pa chache siy kansè. Yo ka fè sa nan klinik doktè a, oubyen ou ka bezwen ale lopital pou yo ka fè anlèvman yon echantiyon ki pi laj ki gen fòm yon kòn.

    Lè chirijyen an fin jwenn tisi li bezwen an, ekip patoloji a ap fè lòt tès adisyonèl sou tisi biyopsize a pou detèmine:

    • Si kwasans (pati ki grandi a) gen kansè ou nan etap pre-kansè
    • Si kansè, ak ki rapidite li ka grandi ak ki pwobabilite li gen pou pwopaje nan kò a.
    • Kijan kèk trètman ka mache: Profil timè jenomik, yo rele tou tès ADN somatik, se kondiktè pou presizyon nan medsin. Li gade siyati molekilè timè w la pou idantifye karakteristik ki endike ki agresivite li genyen ak ki kalite trètman k ap travay pi byen. Atravè profil jenomik sa, patolojis ou a ka idantifye gwoup mitasyon nan echantiyon tisi timè w la ak kreye yon pwofil timè pou kansè espesyal pa w la. Yo ka itilize pwofil jenomik la pou seleksyone yon terapi sible espesyal pou karakteristik molekilè kansè w la.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.