Trètman

  • Maladi Jenital Pre-Kansè

    Displazi, yon maladi ano-jenital pre-envazif, yo konnen l tou sou non displazi, li popilè epi ka afekte kòl matris la, vajen, vilv ak anis la. Lè yo trete l nòmalman, yo ka evite kansè nan kote sa yo. Koneksyon ant enfeksyon avèk HPV ak kondisyon sa yo deja byen eetabli. Majorite fanm yo dyagnostike ki gen displazi kòl matris te fè yon tès fwoti sèvikal anòmal. Epi majorite gason ak fanm ki gen displazi nan anis la te fè tès fwoti anal anòmal. Sèvis klinik disponid pou nenpòt fanm yo dyagnostike ki gen displazi kòl matris, vajinal ou vilvè. Nenpòt fanm ki gen fwoti (Pap smear) sèvikal anòmal ka kalifye tou pou evalyasyon. Sèvis klinik yo disponib tou pou ekzamen ak trètman displazi anal lakay gason ak fanm.

  • Operasyon

    Objektif prensipal operasyon se eseye yon gerizon gra ak anlèvman kansè a nan vajen an. Pandan operasyon an, yo ka pèfòme yon biyopsi nan gangliyon lenfatik la nan arèt la ak pèlvis la, ki se kote kansè vajinal toujou pwopaje ou metastaze. Rezilta biyopsi a ap ede doktè w la wè si kansè a pwopaje. Si gangliyon lenfatik yo gen selil kansè, doktè a ka bezwen retire lòt tisi pandan operasyon an. Operasyon pou kansè vajen ka gen ladan l:

    • Operasyon lazè: Olye yon kouto, yon reyon lazè fè koupe kèk ti kote san senyen nan vajen an pou retire yon timè ou lezyon sifas.

    • Eksizyon Lokal Elaji (Wide Local Excision): Si timè a relativman piti, chirijyen an ka retire kansè a ak kèk nan tisi ki an sante yo ki nan alantou li.

    • Vajinektomi: Operasyon sa retire tout oubyen pati nan vajen an.

    • Isterektomi Total: Si lezyon vajinal la enplike kòl matris la ak matris la, meyè opsyon chirijikal la ka se pou retire matris la ak tout sèviks la. Nan Sylvester, 80 ak 90 pousan isterektomi fèt kounyeya robotikman.

    • Diseksyon Gangliyon Lenfatik: Chirijyen an ka retire youn ou plizyè gangliyon lenfatik pou ekzaminen anba yon mikwoskòp pou chache siy kansè. Yo ka retire gangliyon lenfatik pèlvyen paske gen yon kansè nan vajen siperyè a. Si kansè a nan vajen enferyè a, yo ka retire gangliyon lenfatik arèt yo.

  • Terapi Radyasyon

    Nan ka timè ki pi piti, doktè souvan itilize terapi radyasyon pou trete kansè vajinal. Doktè w la ka itilize yon ti dòz kimoterapi ansanm ak terapi radyasyon (kimoradyasyon) pou rann trètman w lan pi efektif. Aprè operasyon, ou ka swiv terapi radyasyon pou tiye nenpòt selil kansè ki te rete.

  • Terapi Radyasyon Entèn

    Yo bay terapi radyasyon pi pre kansè a posib. Pou kansè vajinal ki nan etap primè, yo plase sous radyasyon an nan vajen an.

  • Kimoterapi

    Kimoterapi se yon konbinezon medikaman ki konbat kansè yo administre atravè venn ou nan yon konprime pou ka tiye selil kansè ki rete yo.

  • Kimoterapi Tropikal

    Se yon krèm ou losyon yo ka bay pou kansè selil skame, yo aplike l nan vajen an.