Skip to Main Content

Maladi Paget Pwent Tete

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Maladi Paget yon kansè pwent tete ak areyòl, po ki pi nwa alantou pwent tete a ki ra. Li afekte ni gason ni fanm.

Sentòm yo gen ladan yo iritasyon alantou pwent tete a, po ki fann ak ki fè kal ak ekoulman nan pwent tete. Majorite moun ki gen maladi Paget gen yon lòt kalite kansè tou, kidonk li enpòtan pou w ale wè doktè w si w wè nenpòt nan siy sa yo.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Enstiti Kansè Tete Ki Renome, Braman Family Breast Cancer Institute nan Sylvester. Nou ofri trètman ki bati swivan bezwen pèsonèl ou nan youn nan meyè pwogram kansè tete ak swen nan peyi a.

American College of Radiology nome nou Sant Imaj Tet Ekselans (Breast Imaging Center of Excellence). Gras ak ekselan imaj yo, ou resevwa yon dyagnostik ki pi ekzat, ki vin bay yon plan trètman ki pi efikas.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Operasyon

    Operasyon se premye liy trètman pou maladi Piaget. Kalite operasyon w ap bezwen an depann sou ki kantite nan tete w ki afekte. Chirijyen w lan ap retire pwent tete a ak areyòl la, ak tout nenpòt lòt kansè ki nan tete w. Nan kèk ka, operasyon pou konsève tete — ki retire sèlman tisi ki malad yo ak ki kite tisi tete ki an sante yo entak — ka yon opsyon.

  • Operasyon pou Konsève Tete

    Jeneralman, kalite operasyon sa mande pou retire pwent tete a ak areyòl la avèk yon timorektomi pou retire kansè a nan tisi tete ki anba a. Chirijyen yo retire pati ki gen kansè a ak yon ti maj nan tisi ki an sante a ki antoure l la pou yo ka asire yo pa gen okenn tisi kansè ki rete dèyè. Doktè w la ap diskite opsyon w genyen yo ak ede w deside kisa ki pi bon pou ou.

  • Mastektomi

    Si w gen kansè envazif anplis maladi Piaget a, doktè w la ka rekòmande pou retire tout tete w nèt, sa rele mastektomi, pou asire l tout selil kansè yo soti. Si w deside ou vle operasyon rekonstritif pou w retabli tete w, ou ka fè sa kòm yon pati nan operasyon inisyal ou a oubyen tann nan pita pou w fè operasyon.

    Kalite mastektomi ou genyen — mastektomi total ou mastektomi radikal modifye — depann sou degre avansman kansè a.

  • Mastektomi Total ou Senp

    Nan operasyon sa, chirijyen w lan retire tout tete w nèt. men li kite gangliyon lenfatik ki anba bwa w yo entak.

  • Mastektomi Radikal Modifye

    Atravè yon mastektomi radikal modifye. chirijyen w lan retire pwent tete a, areyòl ak tout tisi tete a san l pa retire misk ki anba yo.

  • Biyopsi gangliyon lenfatik santinèl (Sentinel lymph node biopsy).

    Doktè itilize ti operasyon sa pou detèmine si kansè a pwopaje depase timè primè a pou l rive touche sistèm lenfatik ou. Yon gangliyon lenfatik santinèl se premye kote selil kansè yo ka ale lè yo koumanse pwopaje. Pandan biyopsi a, doktè w la enjekte yon koloran espesyal (trasè) pou lokalize gnagliyon yo ak retire yo pou ka chache selil kansè. Si yo pa gen kansè, sa vle di li pa sanble kansè pwopaje epi li pa nesesè pou retire plis gangliyon lenfatik.

    Sylvester ofri yon nouvo trètman ki anpeche retire plis gangliyon lenfatik, menm si yo sispèk santinèl yo. Anvan operasyon, yon seyans eskanè iltrason anba bra a ka endike ki gangliyon lenfatik ki enplike (y ap parèt pi gwo ou anfle). Lè yo itilize kimoterapi anvan operasyon (kimoterapi neyoadjivan), li ka konvèti yon gangliyon lenfatik pozitif an negatif lè yo biyopsize l, sa vle di yo pa bezwen retire plis gangliyon lenfatik.

  • Terapi Radyasyon

    Si w te fè yon operasyon pou konsève tete olye yon mastektomi, ou ka bezwen fè terapi radyasyon pou w detui nenpòt selil kansè ki rete dèyè apre operasyon. Si maladi Piaget a konsantre l nan pwent tete w ak areyòl la epi yo pa jwenn okenn selil kansè nan gangliyon lenfatik ou yo, ou p ap bezwen trètman adisyonèl aprè terapi radyasyon.

  • Kimoterapi

    Kimoterapi se medikaman pou konbat kansè yo ba w nan venn ou nan yon konprime. Yo ka rekòmande kimoterapi tou anvan operasyon, yo rele sa kimoterapi neyoadjivan, pou ede redui gwosè timè a ak amelyore rezilta operasyon an. Souvan, yo itilize plis pase yon medikaman an menm tan oubyen youn apre lòt pou detui diferan kalite selil kansè nan menm kansè tete a.

    Lokal: Si w bezwen kimoterapi nan venn (enfizyon), ou ka fè l nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) a nan lokal prensipal Sylvester a nan Miami, ki se yon inite 12.000 pye-kare ki gen ladan l 33 fotèy enklinab ak 11 sal prive. Si w prefere, ou ka pran trètman enfizyon w lan nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, ou Deerfield Beach.

  • Terapi Bone Frèt (Cold Cap Therapy) pou Minimize Pèt Cheve

    Sylvester ofri terapi bone frèt (Cold Cap Therapy), FDA apwouve l, pou redui pèt cheve pandan kimoterapi. Jan terapi a mache se refwadi yo refwadi bone a pandan trètman.

  • Terapi Sible (Targeted Therapy)

    Terapi sible yo bati pou atake chanjman molekilè ki fè selil kansè yo grandi ak pwopaje. FDA apwouve plizyè terapi sible.

    Èseptin, se yon fòm kansè sible ki popilè, li trete kansè tete HER2-pozitif. Nan kansè tete sa yo, selil kansè yo gen yon mitasyon jenetik ki keye twòp pwoteyin HER2, ki estimile kwasans selil kansè. Èseptin sible ak bloke reseptè yo pou siyal pou grandi ak pwopaje yo pa reyisi pase. Èseptin make selil kansè yo tou pou sistèm imin nan ka detwi yo.

  • Terapi òmòn

    Aprè w fin fè operasyon, ak posibman terapi radyasyon, ou ka bezwen fè younou plizyè terapi adisyonèl, tankou kimoterapi, terapi sible ou terapi òmòn. Pyiske majorite moun ki gen maladi Piaget nan pwent tete yo genyen kansè tete envaziftou, trètman w lan ap baze sou kalite ak etap kansè w genyen an.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.