Skip to Main Content

Kansè Ezofajyen

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Ezofaj la konekte gòj la ak vant lan. Se yon tib miskilè ki gen twou. Kansè ezofaj koumanse nan manbràn mike a ki trase tib la. Kansè sa ka pwopaje soti deyò atravè lòt kouch. Li pa gen anpil sentòm.

De kansè ezofajyen prensipal yo se:

  • Kasinòm epidèmoyid (Squamous Cell Carcinoma) grandi nan selil ki trase ezofaj la. Yo rele selil sa yo selil skame (epidèmoyid). Kansè sa jeneralman fòme nan mitan ou pati siperyè ezofaj la.

  • Adenokasinòm se fòm kansè ezofajyen ki pi popilè a. Li fòme nan selil glandilè ki relache likid tankou mikis, jeneralman, nan pati enferyè ezofaj la tou pre vant lan.

Nan sant Sylvester Comprehensive Cancer Center, ekip kansè gastroentestinal (GI) ki pi ekperimante nan Sid Florid ap pran swen w. Soti nan operasyon envazif minimal rive nan nouvo medikaman sible, iminoterapi, ak esè klinik, Sylvester ofri w inovasyon ki mennen nan rezilta kansè ezofajyen amelyore.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Sylvester se yon sant kansè deziyen NCI. National Cancer Institute te rekonèt Sylvester pou travay eksepsyonèl li fè rechèch nan laboratwa li yo, trete pasyan yo nan klinik li yo ak lopital li yo, epi lonje men nan kominote ki pa gen desèvi medikal ak estrateji prevansyon inovatè.

Anpil eskperyans nan kansè ezofajyen ak vant. Sa bay rezilta tankou pi bon dire sivivans ak mwens konplikasyon pase si w trete nan men chirijyen ki wè sèlman kèk grenn ka kansè ezofajyen chak ane.

Espesyalis rekonstriktif nou yo ka rebati yon ezofaj ou vant aprè operasyon. Ou ka rejwenn kalite lavi ou avitye viv la.

Opsyon terapi radyasyon avanse tankou RapidArc, ak yon Siemens 40-slice eskanè CT 4D, ofri terapi radyasyon ekstèn modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). OU resevwa trètman ki pi konpetan ak efikas, dire trètman ki pi kout, presizyon ekzat nan zafè sible timè ak mwens domaj nan tisi ki an sante ki tou pre timè a.

Youn nan sèlman sis Sant Ekselans Kansè deziyen nan Florid. Nou trete kansè, sèlman kansè, ak ofri w meyè rezilta posib. Pwobabilite pou yon pasyan siviv kansè apre senk ane nan yon Sant Kansè Devwa 17 pousan fwa pi plis pase pa lòt lopital yo.

Plis esè klinik kansè pase nenpòt lòt lopital nan Sid Florid la. Si l nesesè pou kansè w la ak nan etap li ye a, esè klinik nou yo founi w nouvo fason pou trete ak pou potansyèlman geri kansè w la.

Ekip swen pliridisiplinè ki gen ekspètiz yo rekonèt nasyonalman. Moun ki konpoze ekip swen w lan se ekspè nan kalite kansè w la ekzakteman ak nan tout aspè nan li.

Aksè nan medsin presizyon. Nou defini kansè w la ak trètman li swivan jèn ki kondi l la, olye sèlman kote l lokalize a ak etap li ye.

Enfimyè navigatè yo asire yo ou pa janm pou kont ou nan pakou kansè w la. Nou asire nou resevwa tout dosye w gen deyò Sylvester yo, kowòdine randevou espesyalite, ak tès, epi reponn kesyon w yo.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman


Kansè ezofajyen gen yon varyete trètman ki ka itilize pou kont yo oubyen konbine ansanm ak lòt pou pwodui meyè rezilta. Trètman pou tou de kalite kansè ezofajyen sa yo se menm opsyon an. Plan swen w lan ap baze sou ka endividyèl ou am istwa medikal, ak ki distans nenpòt kansè a deja pwogrese. N ap baze opsyon trètman tou sou ak ki agresivite selil kansè yo ap grandi. Yo rele sa mwayèn kansè a (cancer grade). Trètman aktyèl yo gen ladan yo:

  • Operasyon

    Yo jeneralman trete adenokasinòm nan operasyon pou retire nenpòt tisi grandilè ki gen kansè. Yo retire kèk tisi ki nan alantou a tou. Teknik operasyon envazif minimal ka redui tan gerizon ak minimize enfeksyon potansyèl. Operasyon se sèl trètman kiratif pou kansè gastrik. Yo souvan fè kimoterapi anvan operasyon vant ak kanal gastrik la.

    • Reseksyon mikozal andoskopik envazif minimalman (minimally invasive endoscopic mucosal resection, EMR): Pou kansè ezofajyen ki nan etap prekòs, yon gastroenterolojis pèfòme EMR sou randevou san ospitalizasyon. Yon andoskòp se yon tib fen ki fleksib kigen yon lantiy, limyè ak yon kamera ki atache ak li. Yo fouye yon andoskòp atravè bouch la ak anndan ezofaj la. Kamera a montre doktè a imaj byen detaye. Gastroenterolojis la ka rale ti nodil ou pati ki afekte; kapte yo nan yon ti elastik; epi koupe ak retire yo.

    • Ezofajektomi: Retire pati ki malad nan ezofaj la ak yon maj nan tisi ki an sante yo. Nan majorite ka, aprè sa fin fèt, yo rale vant lan monte ak konekte l ak rès ezofaj la. Nan ka ki pi konplike yo ka itilize yon pati nan trip la pou ranplase ezofaj yo retire a ak fè koneksyon an.

  • Komiterapi (Terapi Medikal Sistemik)

    Yo ka ba w kimoterapi nan venn ou atravè yon konprime epi li se jeneralman yon konbinezon medikaman ki konbat kansè. Kimoterapi se trètman prensipal pou kansè ezofajyen. Pandan dènye ane yo, plizyè nouvo medikaman ogmante opsyon pou kansè ezofajyen. Lè w fè kimoterapi ou kemoradyasyon anvan operasyon yo rele sa terapi neoadjivan.

    • Kimoterapi nan venn (enfizyon) disponib nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) a nan lokal prensipal Sylvester a nan Miami, ki se yon inite 12.000 pye-kare ki gen ladan l 33 fotèy enklinab ak 11 sal prive. Si w prefere, ou ka pran trètman enfizyon w lan nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, ou Deerfield Beach.

  • Kimoradyasyon

    Terapi sa konbine kimoterapi ak terapi radyasyon pou ogmante efè tou de. Pou kansè ezofajyen, yo ka itilize kimoradyasyon anvan ou aprè operasyon. Li ka fè pati trètman an tou pou moun ki pa ka fè operasyon.

  • Terapi Sible

    Trètman sa yo bati pou atake chanjman molekilè ki fè selil kansè yo grandi ak pwopaje. Yo gen potansyèl pou yo plis efikas ak gen mwens efè segondè pase kimoterapi. Yo bay kèk nan medikaman sa yo ansanm ak medikaman kimoterapi, pandan gen kèk lòt yo itilize pou kont yo. Doktè w la nan Sylvester ap pataje avèk ou ki metòd ki pi bon pou kansè w la.

  • Terapi Radyasyon

    Majorite trètman radyasyon ezofajyen nan Sylvester se terapi radyasyon reyon ekstèn, yo bay deyò kò a. Zouti teknolojik avanse k ap travay pou ou yo gen ladan yo RapidArc®, yon teknoloji avanse ki itilize pou livre terapi radyasyon ekstèn modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Sa dimintye dire tan trètman jiska mwatye ak yon uityèm dire terapi radyasyon konvansyonèl la, ki pèmèt nou sible kansè a pi byen, epi diminye domaj sou tisi ki an sante yo.

  • Terapi Fotodinamik (Photodynamic Therapy, PDT)

    PDT itilize yon medikaman ki aktive ak limyè ak yon lazè pou tiye selil kansè yo. Yo ka itilize l pou trete kèk kansè ki nan faz prekòs. Yo pi souvan itilize l pou amelyore sentòm, tankou pwoblèm pou vale, lakay moun ki gen kansè ki avanse.

  • Terapi Lazè

    Terapi lazè itilize reyon lazè olye operasyon pou detui ak retire selil kansè.

  • Elektrokoagilasyon

    Trètman sa itilize kouran elektrik pou tiye selil kansè yo.

  • Kriyoterapi

    Kriyoterapi friz selil yon timè pou l ka detui yo.

  • Nitrisyon, Jesyon Doulè, ak Swen Sipòtif

    Ezofaj la se wout prensipal pou manje ak likid rantre nan vant lan. Moun ki gen kansè ezofajyen ka fè eksperyanse bezwen nitrisyonèl espesyal pandanak aprè trètman. Yo ka gen difikilte pou manje paske timè a oubyen efè efreyan trètman am ratresi ezofaj la. Yon tib pou manje ka ede pasyan yo jwenn nitriyan yo bezwen yo jiskake yo fin refè nèt.

  • Sipò Sikososyal

    Sant Couorlis pou Onkoloji Sikososyal (Courtelis Center for Psychosocial Oncology) nan Sylvester founi yon ekip pwofesyonè nan sante mantal ki gen ladan yo sikyat, sikològ, travayè sosyal ki lisansye, ak yon omonye pou ede w ak fanmi w fè fas ak kansè w lan. Pwogram sa adrese enpak relasyon lespri-kò sou sante, maladi, prevansyon ak retablisman. Pou w pran yon randevou, tanpri rele 305-243-4129.


Tès


Pwosedi pou dyagnostike kansè ezofajyen aprè yon revizyon fizik ak istwa medikal ka gen ladan l:

  • Reyon-X pou Pwatrin avèk Deglitisyon Baryòm (Chest X-ray with Barium Swallow (Upper GI Series))

    Tès dyagnostik sa ekzaminen sistèm dijestif siperyè a: ezofaj la, vant, ak dyodenòm (premye seksyon nan ti trip la). Ekip swen sante w la ap mande w pou w vale yon fòm likid baryòm. Baryòm se yon likid kalkè metalik yo itilize pou abiye anndan ògàn nan pou yo ka parèt nan yon reyon-X.

  • Andoskopi Siperyè (Upper Endoscopy, EGD)

    Yon andoskopi siperyè se yon pwosedi pou ekzaminen anndan ezofaj la, vant lan, ak diyodenòm nan. Tès sa itilize yon andoskòp — yon tib fen. fleksib ki gen yon limyè avèk yon ti kamera videyo nan pwent li. Atravè andoskòp la, doktè a ka fouye enstriman tou pou retire yon echantiyon tisi pou biyopsi (si nesesè).

  • Seyans eskanè CT-scan

    Seyans eskanè CT-scan kreye yon seri imaj detaye anndan kò a gras ak yon machin reyon-X ak yon òdinatè. N ap enjekte yon koloran nan yon venn. Yo ka ba w koloran an tou sou fòm likid. Koloran an ede ògàn ak tisi yo parèt pi klè. Yo rele pwosedi sa tou yon tomografi kalkile (computed tomography), tomografi enfòmatize ou tomografi aksyal enfòmatize.

  • Iltrason andoskopik

    Iltrason itilize ond son pou ede kreye imaj mi ezofaj la, vant, ak gangliyon lenfatik ki tou pre yo. Yo dirije andoskòp la anndan bouch ak gòj, apre sa anndan ezofaj la ak vant lan.

  • Seyans eskanè PET-scan (Positron Emission Tomography)

    W ap kouche nan machin PET skanè a, pandan skanè PETa ap vire alantou kò w. Yo enjekte glikoz radyoaktif, yon sik, anndan youn nan venn ou yo. Eskanè PET la fè plas kote glikoz la itilize pou enèji9 nan sèvo w. Selil timè ki enfekte yo parèt pi klere nan foto a paske yo plis aktif ak pran plis glikoz pase selil ki an sante yo. Yo itilize PET tou pou jwenn diferans ant yon timè primè ak yon timè metastatik ou segondè.

  • Torakoskopi ak Laparoskopi

    Tès sa yo pèmèt doktè w la ekzaminen gangliyon lenfatik anndan pwatrin nan ak anndan vant lan. Yo fouye yon tib ki gen yon kavite ak ki klere nan yon ti kote koupe tou piti nan po w. Yo retire nenpòt kote yo sispèk pou yo ka etidye l anba yon mikwoskòp ki pwisan.

  • Profil Timè Jenomik

    Yo rele l tou tès ADN somatik, tès san revolisyonè sa se kondiktè pou medsin presizyon. Li gade siyati molekilè timè w la pou idantifye karakteristik ki endike ki agresivite li genyen ak ki kalite trètman k ap travay pi byen.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.