Skip to Main Content

Sakòm Zo Primè

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Sakòm zo primè, ou kansè zo, koumanse nan selil zo yo menm. Yo ra anpil. Sa ki pi popilè jiska prezan se kansè zo segondè yo ki pwopaje soti nan lòt ògàn oubyen rejyon nan kò a, tankou poumon, kolon ou tete ak anvayi zo a.

Sakòm Zo Primè Gen Ladan yo:

Kòdom
Kalite timè sa jeneralman grandi nan baz kràn nan ou kolòn vètebral la. Mwen souvan, li rive nan lòt pati nan kolòn nan.

Kondrosakòm
Sa se dezyèm kansè zo ki pi popilè. Li devlope nan selil katilaj yo, pi souvan alantou zo santi. Sepandan, li ka rive nan nenpòt zo, tankou zo kòt.

Sakòm Ewing ou Timè
Kansè sa afekte prensipalman timoun ak adolesan. Majorite timè Ewing koumanse nan zo, men yo ka rive tou nan tisi mou manb yo, tankou nan misk yo. Sakòm Ewing jeneralman rive nan zo kwis, zo basenm ou kaj toraksik/lestomak, men ka rive nan nenpòt zo a.

Timè Selil Jeyan nan Zo
Timè sa yo preske toujou pa danje, men gen kèk ka ra kote yo ka gen kansè. Yo pi souvan rive alantou jenou an ou epòl ak pafwa nan lòt zo. Yo pa souvna pwopaje nan lòt kote, men yo gen tandans retounen aprè yo retire yo nan operasyon.

Osteyosakòm
Sa se kansè zo primè ki pi popilè. Li jeneralman koumanse nan zo ponyèt ou pye tou pre kote nouvo zo yo fòme yo. Majorite moun ki gen kansè sa nan laj ant 10 ak 30 ane, men li ka rive nan nenpòt tranch laj. LI gen tandans pi popilè nan gason pase fanm. Majorite timè rive tou pre jenou, basen, ou epòl, men yo ka rive nan nenpòt zo.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Anpil eksperyans nan trete anpil ka sakòm ak kansè zo ak tisi mou. Paske nou wè tèlman anpil pasyan ki gen sakòm, kansè zo ak tisi mou, nou gen ekspeyrans ou bezwen an pou founi meyè avèk mwens konplikasyon potansyèl.

Terapi sible ak esè klinik pou pasyan ki gen mitasyon timè. Ou ka resevwa opsyon trètman ki pi avanse ki disponib nan rejyon Sid Florid la.

Zouti onkoloji radyasyon Avanse. Sylvester se youn pami sèlman senk sant medikal nan peyi a ki gen terapi radyasyon ViewRay — terapi radyasyon MRI-gide. Avèk, sistèm RapidArc® radyoterapi nou an ki founi terapi radyasyon ekstèn ki gen entansite modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Zouti sa yo mennen nan trètman ki pi konpetan ak efikas, dire trètman ki pi kout, presizyon ekzat nan zafè sible timè ak mwens domaj nan tisi ki an sante ki antouraj la.

Ekspètiz nan pwostèz atifisyèl sou mezi, atikilasyon ak grèf zo. Ou ka jwi mobilite amelyore ak konfidans nan tèt ou aprè trètman kansè avèk èk pwostèz pèsonalize.

Bank ak biwo tisi sakòm Konplè. Ou ka ede pwochen pasyan lè w patisipe nan rechèch ki ede kreye terapi amelyore demen yo.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Operasyon

    Desizyon yo baze sou gwosè ak etap kansè a, ak lòt faktè endividyèl tou. Aprè doktè a fin retire tout kansè li ka wè yo nan moman operasyon an, yo bay pasyan yo kimoterapi pou tiye nenpòt selil kansè ki te rete, oubyen ki te pwopaje nan lòt pati nan kò a. Kalite operasyon gen ladan yo:

    • Eksizyon Lokal Elaji (Wide Local Excision): Nan operasyon sa, doktè a retire kansè a ak kèk tisi ki an sante nan alantou l.

    • Operasyon Evite Manm: Nan pwosedi sa, chirijyen w lan retire timè an nan yon bra ou pye san l pa koupe l, kidonk li pwoteje itilizasyon ak aparans manm nan. Yo retire timè a gras ak yon eksizyon lokal elaji. Si chirijyen an rete tisi adisyonèl ak zo, li ka ranplase l ak yon grèf ou avèk yon enplant tankou zo atifisyèl.

    • Anpitasyon: Yo raman bezweb operasyon pou retire (anpite) yon bra ou pye. Nan kèk ka, se ka meyè opsyon. Jounen jodiya, chirijyen Sylvester yo gen abilite pou ranplase nenpòt atikilasyon nan kò a, tankou epòl, jenou, senti, ou koud avèk pwostèz atifisyèl ou grèf zo. Chwa teknik la depann sou sitiyasyon endividyèl ou.

  • Terapi Radyasyon

    Li sible presizeman timè w la ak livre pa deyò kò a (sa rele terapi radyasyon reyon ekstèn) pou trete kansè ou soulaje sentòm. Teknolojik avanse k ap travay pou yo gen ladan yo terapi radyasyon ekstèn modile entasifye (intensity modulated external radiation therapy, IMRT) ak terapi radyasyon MRI-gide ViewRay™. Zouti sa yo pèmèt pi mye sible timè ak mwens domaj potansyèl sou tisi nan alantou yo.

  • Kimoterapi

    Yo souvan bay kimoterapi nan yon plan trètman avèk operasyon ou terapi radyasyon pou ogmante enpak pou l touye kansè. Jeneralman yo ba w nan venn pi atravè konprime oralman (nan bouch) yon melanj medikaman ki konbat kansè.

    Si w bezwen kimoterapi nan venn (enfizyon), ou ka fè l nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) a nan lokal prensipal Sylvester a nan Miami, ki se yon inite 12.000 pye-kare ki gen ladan l 33 fotèy enklinab ak 11 sal prive. Si w prefere, ou ka pran trètman enfizyon w lan nan lokal Kendall ak Deerfield Beach.

  • Terapi Sible (Targeted Therapy)

    Terapi sible yo bati pou atake alterasyon molekilè ki fè selil kansè yo grandi ak pwopaje. Terapi sible a disponib pou kèk pasyan, swivan rekòmandasyon onkolojis Sylvester w la. Yo bay kèk nan medikaman sa yo ansanm ak medikaman kimoterapi, pandan gen kèk lòt yo itilize pou kont yo. Objektif trètman sa yo se pou anpeche kansè grandi. Yo ka itilize yo tou pou dirije kimoterapi nan timè a ak plis presizyon.

  • Esè Kliniik

    Yo ka konsidere ak diskite esè klinik yo avèk ou swa kòm yon trètman pou kont li oubyen kòm adisyon ak yon lòt terapi. Esè klinik se dènye etid rechèch ki disponib yo, yo fokis sou kreye estanda swen modèn amelyore.

  • Imonoterapi (Terapi Biyolojik)

    Medikaman oubyen konbinezon pwize nan pouvwa pwòp sistèm imin kò a genyen pou l batay ak kansè.


Tès

Anplis yon ekzamen fizik ak revizyon istwa medikal ou, tès ak pwosedi sa yo ka itilize pou dyanostike kansè zo primè:

  • X-Ray

    Pandan yon X-ray zo ak ògàn nan zòn sentòm yo sa ka bay enfòmasyon enpòtan.

  • CT-Scan ou Cat Scan (Computed Tomography)

    Tomografi kalkile se yon pwosedi kote yo pran foto detaye anndan kò w sou plizyè ang. Yon koloran ede ògàn ou tisi pou parèt klè.

  • MRI

    MRI itilize leman, radyo-ond ak yon òdinatè pou kreye yon seri foto detaye anndan kò a ak nenpòt anòmalite.

  • Seyans Eskanè Zo

    Pèmèt nou wè nenpòt selil k ap divize rapidman, tankou selil kansè nan zo a. Yo enjekte yon ti kantite materyèl radyoaktif ki sekiritè nan yon venn. Materyèl la kolekte nan zo yo epi yo ka detekte l avèk yon eskanè.

  • PET Scan (Positron Emission Tomography)

    Menm jan ak seyans eskanè zo, PET-scan itilize yon sik ki lejèman radyoaktif yo enjekte nan sikilasyon sangen w. Sik radyoaktif sa kolekte nan timè, kote yo ka detekte l ak yon kamera espesyal. PET-scan ede lokalize timè ak detèmine si selil kansè ap pwopaje.

  • Biyopsi

    Nan prèske tout ka yo, doktè a retire (biyopsi) yon ti echantiyon selil ak tisi nan timè w la pou konfime dyagnostik la. Yon patolojis, ou ekspè selilè, ap ekzaminen echantiyon an anba yon mikwoskòp pou verifye si gen kansè.

    • Biyopsi Timè: Yon biyopsi timè rive lè biyopsi ak operasyon pou retire timè a planifye ansanm.

    • Mikwoskopi Lejè: Avèk tisi yo retire a, patolojis la chache kèk chanjman ki gen nan selil la. Chirijyen w lan ka mezire ki tisi ak longè zo ki enplike pou jije sa ki gen pou retire a, ak kisa ki ka sove.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.