Skip to Main Content

Kansè Tiroyid

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Tiroyid se yon glann nan anba gòj la. Kòm yon glann andokrin, tiroyid la fè ak sekrete òmòn ki ede kontwole batman kè, tansyon, tanperati kò ak pwa. To sivans kansè tiroyid ka wo si yo dyagnostike l bonè. Dyagnostike maladi a byen ak trètman endividyalize enpòtan pou jwenn siksè alontè ak mwens efè segondè.

Pou jwenn medyè rezilta posib, sant Sylvester Comprehensive Cancer Centeritilize yon metòd pliridisiplinè. Yon ekip andokrinolòj entegre, onkolojis chirijikal, onkolojis medikal ak radyasyon, radyolojis, ak patolojis ap detèmine vrè nati kansè tiroyid ou a. N ap rekòmande yon plan trètman pou ou gras ak dènye teknik yo pou ede bat kansè.
 
Soti nan teknoloji imaj avanse, operasyon ki minimalman envazif,ak tès jenetik pou terapi jesyon òmòn ak swen palyatif pou diminye sentòm ak strès — nou la pou ou.

Klase an Etap (staging) se pwosesis pou detèmine ki kantite kansè ki gen nan kò a, ki kote l lokalize, ak kijan l grav, baze sou ni timè orijinal la (primè) ak nenpòt lòt kansè ki pwopaje (metastaze) nan lòt zòn. Echèl klasifikasyon ann etap lan jeneralman koumanse nan I (mwens riske) ak ka monte nan IV (gravman riske):

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Sylvester se yon sant kansè deziyen NCI. National Cancer Institute te rekonèt Sylvester pou travay eksepsyonèl li fè rechèch nan laboratwa li yo, trete pasyan yo nan klinik li yo ak lopital li yo, epi lonje men nan kominote ki pa gen desèvi medikal ak estrateji prevansyon inovatè.

Sèl sant nan Sid Florid avèk yon sant tès andokrin espesyalize. Ou resevwa pi bon presizyon nan dyagnostik ou a, ki fè jwenn trètman ki pi ekzat al meyè rezilta. Sant lan lokalize nan Miller School of Medicine nan Inivèsite Miami, sant lan gen enfimyè espesyalize ak asistan teknik ki pèfòme tès òmòn ki konplike.

Zouti onkoloji radyasyon Avanse. Avèk, sistèm RapidArc® radyoterapi nou an ki founi terapi radyasyon ekstèn ki gen entansite modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Zouti sa yo mennen nan trètman ki pi konpetan ak efikas, dire trètman ki pi kout, presizyon ekzat nan zafè sible timè ak mwens domaj nan tisi ki an sante ki antouraj la.

Plis esè klinik kansè pase nenpòt lòt lopital nan Sid Florid la. Si l nesesè pou kansè w la ak nan etap li ye a, esè klinik nou yo founi w nouvo fason pou trete ak pou potansyèlman geri kansè w la.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Terapi òmòn

    Si yo rekòmande sa, lè w pran konprime òmòn tiroyid chak jou sa ka ranpli de fonksyon:

    • Kenbe metabolism nòmal kò w lè w ranplase òmòn tiroyid ki manke yo

    • Enpoze selil kansè yo grandi jan l desann nivo òmòn ki estimile tiroyid yo (thyroid-stimulating hormone, TSH).

  • IMRT (Intensity modulated radiation therapy) / terapi radyasyon entansite modile

    Fòm avanse terapi radyasyon ekstèn sa pèmèt espesyalis radyasyon bay dòz radyasyon yo fòm ak konfòme yo nan fòm ekzat timè w la genyen. Li ideyal pou timè tiroyid ki gen fòm ki pa regilye yo. Espesyalis radyasyon yo ka kontwole kantite radyasyon ki nan chak reyon ki sible timè a. Kontwòl ekzat ak fleksibilite IMRT a minimize kantite radyasyon ki ale nan tisi ki an sante ki tou pre a. IMRT ka yon opsyon si w pa ka fè operasyon epi si kansè w la kontinye grandi aprè trètman yòd radyoaktif la. Yo itilize l tou pou ralanti kwasans kansè ki pwopaje jouk nan zo yo.

  • Trètman Yòd Radyoaktif

    Ou resevwa trètman yòd radyoaktif sou fòm yon konprime oubyen yon likid ou bwè. Se selil tiroyid ou ak selil kansè tiroyid yo jeneralman ki absòbe yòd radyoaktif la, kidonk gen yon risk minim pou domaje lòt selil ki nan kò w. Yo ka itilize trètman sa aprè tiroyidektomi pou kansè tiroyid diferansye pou detui pati kansè tiroyid yo pa t retire pandan operasyon an. Yo pa itilize l pou trete kansè tiroyid nan mwèl ak anaplastik. Yo ka itilize l tou pou trete kansè ki retounen aprè trètman oubyen ki pwopaje nan lòt pati nan kò a.

    Pwotokòl trètman sa gen landa li:

    • Swiv yon rejim alimantè ki pa gen anpil yòd ladan l anvan ak apre trètman. Lè w swiv yon rejim alimantè ki pa gen anpil yòd ladan l pou anviwon sis semèn, nou ka asire n lè n eskane kò a l ap sèlman montre aktivite yòd yo ki nan trètman an men se pa sa yo ki nan manje ki rich ak yòd ou manje yo.

    • De enjeksyon entramiskilè òmòn ki estimile tiroyid (thyroid-stimulating hormone, TSH) ki rekonbinan pou prepare kò w pou trètman an.

    Pandan terapi radyoaktif, ou dwe pran prekosyon espesyal pou anviwon yon semèn apre trètman sa pou w pwoteje sante lòt moun. N ap mande w pou mete w an karantèn radyoaktif, ki ka se yon jou ou plis nan lopital la epi yon semèn lakay ou. Anplis, ou bezwen evite kontak kole ak lòt moun (patikilyèlman timoun ak fanm ansent) ak evite pataje kabann, prepare manje ou itilize espas twalèt jiskake radyasyon an soti nan kò w.

Tès

  • Biyopsi

    Yon biyopsi se yon echantiyon tisi yo ekzamine pou chache selil kansè. Si yo jwenn kansè, yo ka fè yon fè yon analiz mitasyon jenetik pou timè pou chache molekil timè espesifikman nan timè a. Sa ede nou kreye rekòmandasyon trètman ki pi ekzat la.

  • Ekzamen Iltrason Kou a

    Iltrason itilize ond son ki gen anpil enèji, ki rebondi sou tisi entèn yo oubyen ògàn yo pou fòme yon imaj (sonogram).

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.