Skip to Main Content

Maladi Je ki pa gen kansè

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Timè ki pa gen kansè ak anflamasyon pafwa fòme nan tisi ki arebò je yo. Pati ki grandi sa yo rele yo timè ki pa gen kansè (benign) ou maladi ki pa gen kansè. Sepandan, yo ka lakoz malèz grav ak anpil lòt pwoblèm sante, tankou pouse je a pi devan, bonbe ou fè l sòti. Moun ki gen kondisyon je ki pa danjere ak ki gen kansè resevwa meyè swen ki gen nan peyi a nan men ekspè nan Sylvester ak enstisti Bascom Palmer Eye Institute nan Sistèm Sante Inivèsite Miami an. U.S. News & World Report klase enstiti Bascom Palmer Eye Institute meyè lopital oftalmoloji nan peyi a.

Men kèk maladi je ki pa gen kansè (benign):

  • Sedotimè Òbital: Se yon anflamasyon ki souvan bay anpil doulè tisi ki dèyè je a, ki fòme nan espas twou kote je a chita a (òbit la). Kondisyon sa pa pwopaje nan lòt tisi ou lòt kote nan kò a, men anflamasyon an ka fè enpak sou lòt tisi arebò je a. Anflamasyon an ka fè l difisil pou fè mouvman ak je w oubyen ka lakoz je a soti sou deyò. Sedotimè òbital ka afekte youn oubyen tou de (2) zye yo.

  • Ipèplazi Lenfoyid ki pa gen kansè (Benign Lymphoid Hyperplasia, LH): Boul ki ka fòme nan je a, yo ka asosye l avèk lenfòm non-Hodgkin.

  • Maladi Je Tiroyid: Yon kondisyon ki lakoz sistèm imin nan atake glann tiroyid la. Glann lan reyaji fason li sekrete yon eksè òmòn tiroyid, ki afekte misk je a ak tisi konektif nan òbit je a. Sentom yo ka gen pami yo yon gwat (tiroyid ki gwosi nan kou a) ak je ki sòti.

Poukisa pou w Chwazi Nou?

Sylvester se yon sant kansè deziyen NCI. National Cancer Institute te rekonèt Sylvester pou travay eksepsyonèl li fè rechèch nan laboratwa li yo, trete pasyan yo nan klinik li yo ak lopital li yo, epi lonje men nan kominote ki pa gen desèvi medikal ak estrateji prevansyon inovatè.

Ekip swen pliridisiplinè. Ou gen yon ekip swen pou je konplè ansanm avèk ou. Ekip ou a gen ladan l tou ekspè nan oftalmoloji, dèmatoloji, onkoloji okilè, onkoloji radyasyon ak patoloji. Yo travay ansanm pou yo ka ba w swen pèsonèl ak meyè rezilta posib ou ka jwen.

Plis eksperyans pase lòt sant yo. Nou konsilte plis pasyan ki gen maladi ke ki popilè ak ki ra pase tout lòt kote, epi sa parèt klè nan abilite nou poou n dyagnostike ak trete kondisyon ki grav.

Youn nan sèlman sis Sant Ekselans Kansè deziyen nan Florid. Nou trete kansè, sèlman kansè, ak ofri w meyè rezilta posib. Ou dwe konfidan konnen ou nan meyè plas ki ekziste pou trete kansè w la nan Sid Florid.

U.S. News & World Report klase enstiti Bascom Palmer Eye Institute #1. Enstiti Bascom Palmer Eye Institute se meyè etablisman nan peyi a pou trètman maladi ak twoub nan je, daprè U.S. News & World Report.

Espesyalis operasyon rekonstriksyon. Si maladi je w la grav, epi ekzije kèk operasyon, nou ofri w opsyon operasyon rekonstriktif ak operasyon plastik. Ekip Sylvester-Bascom Palmer nou an genyen meyè espesyalis nan domèn sa pou ka fasyal ak je. Nou ka retabli yon aparans ki rapwoche ak natirèl la nan meyè fason an. Objektif nou se p ou retabli yon aparans natirèl ak pèmèt ou retounen nan aktivite chak jou w pi vit posib.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman


Trètman yo pèsonalize swivan bezwen chak moun. Men lis terapi nou chwazi pami yo a:

  • Siveyans Aktif

    Doktè w la oubyen ekip Sylvester w la ka rekòmande siveyans aktif, yo konn rele tou atant vijilan, pou kèk anflamasyon je òbital. Si sa apwopriye, n ap siveye kondisyon w lan prè pou wè si l fikse pou kont li. Si non, nou ale nan yon nan lòt plan trètman nou yo.

  • Terapi Esteroyid Dòz Wo

    Esteroyid medikal se medikaman ki imite esteroyid natirèl glann adrenal yo pwodui nan kò a. Esteroyid diminye anflamasyon nan kò a epi yo anpeche kèk selil miltipliye. Medikaman esteroyid vin sou fòm oral (konprime) oubyen yo livre yo nan venn (avèk yon egwi) atravè yon venn. Lòt esteroyid tropikal genyen ladan yo krèm ak gout. Kòtikoesteroyid se yon esteroyid yo itilize souvan pou kwasans je ak okilè.

  • Terapi Radyasyon

    Li founi terapi radyasyon pou kondisyon je nan de fason: terapi radyasyon reyon ekstèn ak kiriterapi plak. Lè sa apwopriye, kiriterapi ka livre trètman nan timè a san okenn ekspozisyon sou selil ki an sante ki tou pre a. Yo atache yon kalite "grenn" radyasyon (gwosè yon grenn diri) nan timè a.

  • Komiterapi (Terapi Medikal Sistemik)

    Lè terapi esteroyid pa mache, kèk pasyan resevwa medikaman kimoterapi pou ede redui anflamasyon ak ratresi nenpòt timè. Yo ka bay kimo sou fòm konprime ou pran nan bouch ou nan venn.

    • Si w bezwen kimoterapi nan venn (enfizyon), ou ka fè l nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) a nan lokal prensipal Sylvester a nan Miami, ki se yon inite 12.000 pye-kare ki gen ladan l 33 fotèy enklinab ak 11 sal prive. Si w prefere, ou ka pran trètman enfizyon w lan nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, ou Deerfield Beach.

  • Operasyon Envazif Minimal

    Lè w bezwen, yo ka retire timè òbital (je) gras avèk operasyon tradisyonèl ou operasyon andoskopik envazif minimal. Yo pèfòme operasyon envazif minimal atravè nen w gras ak yon andoskòp, yon enstriman fleksib ki sanble ak yon tib ki gen yon limyè ak yon ti kamera. Andoskòp la gen zouti tranchan ki piti piti sou li pou retire nenpòt tisi ou timè yo dekouvri. Avantaj operasyon andoskopik la se ti ensizyon piti, jeneralman ou geri pi rapid, ak sejou nan lopital la pi kout. Opsyon operasyon kosmetik ak rekonstriktif disponib aprè operasyon si l nesesè.


Tès


Pandan yon ekzamen je, doktè w la ap poze w kesyon sou sentòm ou yo ak ka tyeke vizyon w ak mouvman je w avèk yon oftalmoskòp endirèk (yon enstriman ki gen yon limyè ak yon ti loup). Aprè sa, tès imaj yo ka gen ladan yo:

  • Iltrason

    Ekzamen Iltrason ede nou detèmine gwosè, fòm, ak ki kote timè a ye. Yo itil espesyalman lè yo pa ka wè dèyè do je a pandan ekzamen je a. Sylvester gen machin iltrason iltramodèn avèk teknisyen iltrason ki devwe ak ki byen fòme. Nou travay ansanm ak ekspè je nan Bascom Palmer pou nou founi rezilta dyagnostik rapid ak ki efikas.

  • Seyans Eskanè MRI

    Yon MRI itilize yon kobinezon ki gen yon leman ak ond radyo, ansanm avèk yon òdinatè pou kreye yon seri foto detaye. Yon MRI tèt la pèmèt nou wè je a ak òbit lapi byen ak chache maladi ki ka genyen.

  • Seyans Eskanè Tomografi Enfòmatize CT-Scan (Computerized Tomography)

    CT-scan gen ladan l imaj rayon-X — fè foto anndan je a ak estrikti ki arebò je a tou. Yon òdinatè konbine imaj sa yo, epi l kreye yon imaj 3D detaye pati a.

  • Biyopsi

    Yo ka dyagnostike yon timè òbital gras ak yon biyopsi (echantiyon tisi) yo rele yon òbitotomi ou avèk yon vitrektomi (echantiyon jèl vitre ki anndan je a) anba kontwòl anestezi lokal ou jeneral.

  • Tès San ak Likid Rachidyen (Spinal Fluid)

    Tès sistemik (san ak likid rachidyen) ka siyale anflamasyon ou selil anòmal yo. Tès yo gade kantite selil san total, to sedimantasyon, nivo asid irik ak plis bagay toujou.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.