Skip to Main Content

Sakòm Tisi Mou

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Gen plis pase 50 diferan kalite sakòm tisi mou. Kansè sa yo ka grandi nan yon varyete selil ki fòme sipò estriktiral nan kò nou. Anpil timè tisi mou koumanse nan ponyèt ou ou pye, pandan gen lòt yo dekouvri nan pati anlè kò a. Raman, yo ka jwenn yo nan tèt ak kou w, ou anndan lòt ògàn yo, ak fwa a, ren, matris, tete, poumon, tib dijestif, ou kavite abdominal.

Men kèk nan kalite sakòm tisi mou ki pi popilè yo:

Anjyosakòm
Sa yo sanble ak veso sangen epi ka rive nan yon zòn ki te resevwa terapi radyasyon. Yo jeneralman rive nan tete a. Yo ka anprizone nan po a sèlman ou ka grandi kòm timè nenpòt kote nan kò a.

Timè estromal gastroentestinal (Gastrointestinal stromal tumors(Gastrointestinal Stromal Tumors, GIST)
Timè stromal gastroentestinal, sakòm tib dijestif ki plis popilè a, afekte anviwon 5000 moun pa ane nan Etazini.

Sakòm Kaposi
Sakòm Kaposi (KS) se kalite kansè prensipal ki afekte moun ki gen VIH/SIDA. Nan KS, kansè devlope nan selil ki aliyen lenf ak veso sangen yo. Selil kansè yo ka grandi tou nan manbràn mikez yo nan nen an, bouch, poumon, ak anis. KS lakoz tach (lezyon) mov, mawon ou wouj sou po a ak ka pwopaje nan lòt ògàn nan kò a, tankou wa ak pounmon.

Leyomyosakòm
Sakòm sa yo leve nan yon misk ki swa ki fòme mi ògàn ou veso sangen yo, swa nan ekstreminite ou anndan kavite abdominal la.

Liposakòm
Se yon kalite kansè tisi konektif ki sanble tisi ki gra lè yo gade yo nan miwoskòp, li ra. Sakòm sa yo ka leve nan selil gra preske nenpòt kote nan kò a, men jeneralman se janm, pye ou jenou ki enplike.

Sakòm Sinovyal
Kansè sa souvan afekte adolesan ak jèn adil. Timè sa sanble sinovyòm nòmal, anvlopman atikilasyon yo.

Sakòm Pleyomòfik Nondiferansye
Youn nan kalite sakòm tisi mou ki pi popilè se tip nondiferansye a. Yo sanble ak selil ki primitif anpil ki poko tounen yon tip selol estriktiral nòmal. Anpil fwa avèk tès patoloji adisyonèl, ka detèmine liy diferansyasyon probab.

Sakòm Iterin
Sakòm iterin se kansè ra ki fòme nan misk iterin nan, ou nan tisi ki sipòte matris la. Se onkolojis medikal ak jinekolojik ki trete timè sa yo.

Lòt maladi group sakòm nan trete

Fibromatoz Demoyid
Yo sanble ak sikatris ki gonmen, timè sa yo pi souvan rive nan ektremite ou twon, ou pafwa ka rive anndan vant lan.

Sinovitis Vilonodilè Pigmante
Sa se yon maladi ra kote anvlopaj atikilasyon (sinoviyoum) grandi depase epi kòm rezilta bay atrit konsiderab. Ou jere timè sa yo an konsiltasyon avèk lòt onkolojis òtopedik. Nou gen nouvo esè klinik ki trete maladi sa.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Anpil eksperyans nan trete anpil ka sakòm ak kansè zo ak tisi mou. Paske nou wè tèlman anpil pasyan ki gen sakòm, kansè zo ak tisi mou, nou gen ekspeyrans ou bezwen an pou founi meyè avèk mwens konplikasyon potansyèl.

Terapi sible ak esè klinik pou pasyan ki gen mitasyon timè. Nou ofri opsyon trètman ki pi avanse ki disponib nan Sid Florid la.

Zouti onkoloji radyasyon Avanse. Sylvester se youn pami sèlman senk sant medikal nan peyi a ki gen terapi radyasyon ViewRay — terapi radyasyon MRI-gide. Avèk, sistèm RapidArc® radyoterapi nou an ki founi terapi radyasyon ekstèn ki gen entansite modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Zouti sa yo mennen nan trètman ki pi konpetan ak efikas, dire trètman ki pi kout, presizyon ekzat nan zafè sible timè ak mwens domaj nan tisi ki an sante ki antouraj la.

Sèl sant yo nome Sant Kansè Ekselans nan Sid Florid. Ou dwe konfidan konnen ou nan meyè plas ki ekziste pou trete kansè w la nan Sid Florid.

Bank ak biwo anrejistreman tisi sakòm Konplè. Ou ka ede pwochen pasyan lè w patisipe nan rechèch ki ede kreye terapi amelyore demen yo.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman


Trètman sakòm tisi mou ka swa lokal ou sistemik. Trètman lokal, tankou operasyon ak terapi radyasyon, retire, detui, ou kontwole selil kansè yo nan yon sèten pati. Yo itilize trètman sistemik tankou kimoterapi pou detui ou kontwole selil kansè atravè tout kò a.

  • Operasyon

    Trètman estanda pou sakòm tisi mou se operasyon. Objektif la se pou retire tout timè a nèt ou kantite maksimòm posib la. Si kansè a pwopaje nan gangliyon lenfatik yo, y ap retire yo. Gwosè timè a detèmine si y ap itilize operasyon sèlman pou trètman. Timè ki pi laj pase yon gwosè kèlkonk yo jeneralman ka trete avèk terapi radyasyon ak/ou ke anvan ou aprè operasyon.

  • Terapi Radyasyon

    Li sible presizeman timè w la ak livre pa deyò kò a (sa rele terapi radyasyon reyon ekstèn) pou trete kansè ou soulaje sentòm. Teknolojik avanse k ap travay pou yo gen ladan yo terapi radyasyon ekstèn modile entasifye (intensity modulated external radiation therapy, IMRT) ak terapi radyasyon MRI-gide ViewRay.

  • Kimoterapi

    Yo souvan bay kimoterapi nan yon plan trètman avèk operasyon ou terapi radyasyon pou ogmante enpak pou l touye kansè. Jeneralman yo ba w nan venn pi atravè konprime oralman (nan bouch) yon melanj medikaman ki konbat kansè.

    Si w bezwen kimoterapi nan venn (enfizyon), ou ka fè l nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) a nan lokal prensipal Sylvester a nan Miami, ki se yon inite 12.000 pye-kare ki gen ladan l 33 fotèy enklinab ak 11 sal prive. Si w prefere, ou ka pran trètman enfizyon w lan nan lokal Kendall ak Deerfield Beach.

  • Terapi Sible (Targeted Therapy)

    Terapi sible yo bati pou atake alterasyon molekilè ki fè selil kansè yo grandi ak pwopaje. Yo gen potansyèl pou yo plis efikas ak gen mwens efè segondè pase kimoterapi. Yo bay kèl nan medikaman sa yo ansanm ak medikaman kimoterapi, pandan gen kèk lòt yo itilize pou kont yo. Kimoterapi itilize medikaman pou kanpe kwasans selil kansè yo. Yo ka itilize yo tou pou dirije kimoterapi nan timè a ak plis presizyon.

  • Imonoterapi (Terapi Biyolojik)

    Medikaman oubyen konbinezon pwize nan pouvwa pwòp sistèm imin kò a genyen pou l batay ak kansè.

  • Esè Kliniik

    Sa ka yon opsyon pou pasyan ki gen sakòm metastatik ak non-resekab, jan onkolojis la rekòmande l la pou ka endividyèl pa w la.

  • Kriyochiriji (opsyon pou trètman Sakòm Kaposi)

    Kriyochiriji se yon metòd pou jele ou detui selil Sakòm Kaposi (KS) avèk nitrojèn likid. Doktè yo ka plase medikaman dirèkteman sou lezyon yo ou enjekte l ann yo pou l ka jwenn yon efè similè.

  • Terapi Ablasyon pou Timè GIST

    Pou kèk kalite timè ou nan ka kote operasyon ka twò riske pou ou, ak pou timè ki izole nan fwa a, kalite trètman sa itilize diferan teknik pou detui tisi fwa ki pa nòmal yo, tankou:

    • Ablasyon Radyofrekans (Radiofrequency Ablation, RFA): Atravè egwi espesyal yo fouye dirèkteman nan timè a, ond radyo wo frekans chofe egwi a ak timè a, li touye selil kansè yo.

    • Kriyoablasyon: Anba gidans iltrason, yon enstriman espesyal jele ak detui selil kansè yo.

    • Eletroporasyon Irevèsib NanoKnife® (Irreversible Electroporation - IRE): Pwosedi sa se yon trètman efikas pou kèk timè GIST patikilye yo konsidere ki pa ka opere. Pandan w anba anestezi jeneral, radyolojis entèvansyonèl Sylvester/UMHC yo itilize gidans imaj CT-scan ou iltrason pou yo mete elektwod nan ou tou pre timè a. Depi yo fin plase elektwod yo, jeneratè NanoKnife la voe yon seri chòk eletrik kout ak fò dirèkteman nan timè a. Sa ouvri mi selilè timè a; selil kansè a mouri; epi tisi ki an sante yo rete entak.


Tès

  • X-Ray

    Pandan yon X-ray zo ak ògàn nan zòn sentòm yo sa ka bay enfòmasyon enpòtan.

  • CT-Scan ou Cat Scan (Computed Tomography)

    Tomografi kalkile se yon pwosedi kote yo pran foto detaye anndan kò w sou plizyè ang. Yon koloran ede ògàn ou tisi pou parèt klè.

  • MRI

    MRI itilize leman, radyo-ond ak yon òdinatè pou kreye yon seri foto detaye anndan kò a ak nenpòt anòmalite.

  • Seyans Eskanè Zo

    Pèmèt nou wè nenpòt selil k ap divize rapidman, tankou selil kansè nan zo a. Yo enjekte yon ti kantite materyèl radyoaktif ki sekiritè nan yon venn. Materyèl la kolekte nan zo yo epi yo ka detekte l avèk yon eskanè.

  • PET Scan (Positron Emission Tomography)

    Menm jan ak seyans eskanè zo, PET-scan itilize yon sik ki lejèman radyoaktif yo enjekte nan sikilasyon sangen w. Sik radyoaktif sa kolekte nan timè, kote yo ka detekte l ak yon kamera espesyal. PET-scan ede lokalize timè ak detèmine si selil kansè ap pwopaje.

  • Biyopsi

    Nan prèske tout ka yo, doktè a retire (biyopsi) yon ti echantiyon selil ak tisi nan timè w la pou konfime dyagnostik la. Yon patolojis, ou ekspè selilè, ap ekzaminen echantiyon an anba yon mikwoskòp pou verifye si gen kansè.

    • Biyopsi Timè: Yon biyopsi timè rive lè biyopsi ak operasyon pou retire timè a planifye ansanm.

    • Mikwoskopi Lejè: Avèk tisi yo retire a, patolojis la chache kèk chanjman ki gen nan selil la. Chirijyen w lan ka mezire ki tisi ak longè zo ki enplike pou jije sa ki gen pou retire a, ak kisa ki ka sove.

  • Bronkoskopi

    Yon tib fen ak flesib, yo rele bronkoskòp, gen yon limyè ak yon lenns kamera. Doktè a rantre tib la nan gagann ou pou chache lezyon anndan trache w, oubyen gagann ou. Si w gen yon lezyon k ap senyen, doktè w la ka kanpe blese a ak retire tisi pou biyopsi pandan tès la.

  • Andoskopi

    Pou lezyon nan tib dijestif la, doktè a ap itilize yon tib fen ak flesib, yo rele andoskòp, ki gen yon limyè ak yon lenns kamera. Tib sa pèmèt doktè a wè anndan ezofaj ou, vant ou, ak yon pòsyon nan trip ou. Doktè a ka itilize andoskòp la pou pran biyopsi lezyon yo. Lezyon sa yo ka grandi nan rektòm ou tou, jeneralman anba sifas tisi rektal la epi yo dwe jwenn yo avèk yon andoskòp.

  • Iltrason

    Ond son ka ede detèmine si yon boul ou mas solid ou si li plen ak fliyid. Kis, ou mas ki ranpli ak fliyid, mwens probab pou yo ta ka yon sakòm.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.