Skip to Main Content

Kansè Tete Gason

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Malgre majorite moun ki gen kansè tete se fanm, gason ka genyen l tou. Kansè tete nan gason ra — mwens pas youn pou an nan kansè tete rive gason. Majorite kalite kansè tete gason genyen se kasinòm kanalè envazif (IDC).

Ni gason ni fanm gen tisi tete, men pyiske kò gason pa pwodui anpil òmòn ki estimile tete, tisi tete yo minimal. Men, pafwa gason ka devlope plis tisi tete akoz enbalans òmòn ou kèk medikman.

Men faktè ki ka ogmante risk yon gason pou l gen kansè tete:

  • Laj: Risk y ap ogmante tout otan w ap vinn pi granmoun Laj mwayèn lè yo dyagnostike gason se anviwon 68 ane.
  • Wo Nivo Estrojèn: Gason ka gen yon nivo estrojèn ki wo akoz medikaman, lè yo gen twòp pwa, estrojèn nan enviwònman an, anpil itilizasyon kleren, maladi fwa, ou kondisyon testikilè.
  • Sendròm Klinefelter: Gason ki gen kondisyon sa genyen yon nivo androjèn ki pi ba (òmòn gason) ak yon nivo estrojèn ki pi wo (òmòn fanm).
  • Ekspoze nan Radyasyon: Terapi radyasyon nan lestomak, tankou pandan yon trètman kansè, ogmante risk pou gen kans tete.
  • Fanmi ak Jenetik: Si anpil fanmi w abitye gen kansè tete pi mitasyon jenetik (paptikilyèman mitasyon jenetik BRCA2) bagay sa yo endike yon pi gwo risk.

Operasyon se premye liy trètman pou kanse tete lakay gason. Nan kèk ka, doktè w la rekòmande kimoterapi, terapi òmonal, oubyen yon lòt trètman anvan oubyen aprè operasyon. Doktè w la ap pale ak ou sou tout opsyon yo.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Enstiti Kansè Tete Ki Renome, Braman Family Breast Cancer Institute nan Sylvester. Nou ofri youn nan meyè dyagnostik pou kansè tete nan peyi a ak pwogram swen, avèk trètman ki prepare swivan bezwen endividyèl ou.

American College of Radiology nome nou Sant Imaj Tet Ekselans (Breast Imaging Center of Excellence). Gras ak ekselan imaj yo, ou resevwa yon dyagnostik ki pi ekzat, ki vin bay yon plan trètman ki pi efikas.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Mastektomi Radikal Modifye

    Operasyon ki pi popilè nan gason an yo rele l yon mastektomi radikal modifye, ladan l yo retire pwent tete a, areyòl ak tout tisi tete a epi yo kite misk ki anba yo entak. Jeneralman, yon timorektomi pou evite tete pa posib paske tete gason twò piti.

  • Biyopsi gangliyon lenfatik santinèl (Sentinel lymph node biopsy)

    Doktè itilize ti operasyon sa pou detèmine si kansè a pwopaje depase timè primè a pou l rive touche sistèm lenfatik ou. Yon gangliyon lenfatik santinèl se premye kote selil kansè yo ka ale lè yo koumanse pwopaje. Pandan biyopsi a, doktè w la enjekte yon koloran espesyal (trasè) pou lokalize gnagliyon yo ak retire yo pou ka chache selil kansè. Si yo pa gen kansè, sa vle di li pa sanble kansè pwopaje epi li pa nesesè pou retire plis gangliyon lenfatik.

    Sylvester ofri yon nouvo trètman ki anpeche retire plis gangliyon lenfatik, menm si yo sispèk santinèl yo. Anvan operasyon, yon seyans eskanè iltrason anba bra a ka endike ki gangliyon lenfatik ki enplike (y ap parèt pi gwo ou anfle). Lè yo itilize kimoterapi anvan operasyon (kimoterapi neyoadjivan), li ka konvèti yon gangliyon lenfatik pozitif an negatif lè yo biyopsize l, sa vle di yo pa bezwen retire plis gangliyon lenfatik.

  • Terapi Radyasyon

    Yo souvan itilize terapi radyasyon apre yon mastektomi pou gason ki gen kansè ki laj (timè ki 5 santimèt ou pi laj) oubyen kansè ki pwopaje nan sistèm lenfatik la ou veso sangen yo.

  • Terapi òmòn

    Terapi òmòn se yon trètman ki efikas pou gason ki genyen kansè òmòn-respetè-pozitif. Si kansè a retounen ou grandi pandan terapi òmon, doktè w la ka ajoute kimoterapi kòm yon pati nan trètman w lan.

  • Kimoterapi

    Kimoterapi se medikaman pou konbat kansè yo ba w nan venn ou nan yon konprime. Yo ka rekòmande kimoterapi tou anvan operasyon, yo rele sa kimoterapi neyoadjivan, pou ede redui gwosè timè a ak amelyore rezilta operasyon an. Souvan, yo itilize plis pase yon medikaman an menm tan oubyen youn apre lòt pou detui diferan kalite selil kansè nan menm kansè tete a.

    Lokal: Si w bezwen kimoterapi nan venn (enfizyon), ou ka fè l nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) a nan lokal prensipal Sylvester a nan Miami, ki se yon inite 12.000 pye-kare ki gen ladan l 33 fotèy enklinab ak 11 sal prive. Si w prefere, ou ka pran trètman enfizyon w lan nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, ou Deerfield Beach.

  • Terapi Bone Frèt (Cold Cap Therapy) pou Minimize Pèt Cheve

    Sylvester ofri terapi bone frèt (Cold Cap Terapi), FDA apwouve l, pou redui pèt cheve pandan kimoterapi. Jan terapi a mache se refwadi yo refwadi bone a pandan trètman.

  • Terapi Sible (Targeted Therapy)

    Terapi sible yo bati pou atake chanjman molekilè ki fè selil kansè yo grandi ak pwopaje. FDA apwouve plizyè terapi sible. Èseptin, se yon fòm kansè sible ki popilè, li trete kansè tete HER2-pozitif. Nan kansè tete sa yo, selil kansè yo gen yon mitasyon jenetik ki keye twòp pwoteyin HER2, ki estimile kwasans selil kansè. Èseptin sible ak bloke reseptè yo pou siyal pou grandi ak pwopaje yo pa reyisi pase. Èseptin make selil kansè yo tou pou sistèm imin nan ka detwi yo.


Tès

  • Mamografi

    Mamografi se fason ki pi rapid ak pi efikas pou detekte yon kwasans abnòmal nan tete w. Avèk tomosentèz, oubyen mamografi 3-D, teknolojis radyoloji ka jwenn imaj tete sou plizyè ang, amelyore presizyon yon lekti evalyasyon ak redui bezwen potansyèl pou fè seyans eskanè plizyè fwa.

  • Iltrason Tete ak MRI

    Doktè w la ka fè demand yon ekzamen imaj nonenvazif, tankou yon iltrason tete ou MRI tete, si w gen tete pwès ak ou gen yon risk kansè tete ki elve — espesyalman pou moun ki gen yon 20 pousan oubyen risk vi ki pi elve pou gen kansè tete.

  • Diktoskopi

    Plis pase 80 pousan kwasans kansè tete soti nan kanal lèt. Si sentòm ou yo gen ladan yo yon dechaj likid ki gen ti takte san ki soti nan pwen tete yo, chirijyen w yo ap itilize yon diktoskopi pou jwenn lezyon pou pran echantiyon ak retire l. Li itilize yon skop fib optik mwens pase yon milimèt pwofondè ki anndan kanal lèt la nan pwent tete a pou voye imaj nan yon monitè òdinatè.

  • Biyopsi

    Yon biyopsi se yon ti echantiyon tisi tete yo sispèk la epi yo reti ak teste l. Yo ka pèfòme biyopsi nan plizyè fason, depann de sikonstans lan: aspirasyon ak pwent egwi (biyopsi envazif minimal). Biyopsi santral apati imaj gide, aspirasyon kis, ditoskopi (kanal lèt) ak biyopsi chirijikal (biyopsi eksizyonèl ou ensizyonèl).

  • Tès Reseptè Estrojèn ak Projesteròn

    Tès sa chache reseptè estrojèn ak pwojesteròn (òmòn) nan tisi kansè w la. Si selil kansè tete w yo gen reseptè estrojèn ak projesteròn, kansè a ka grandi pi rapid. Tès la di doktè w la si trètman pou bloke estrojèn ak projesteròn yo ap efikas.

  • Tès Reseptè Faktè Kwasans Epidèmal Moun Tip 2 (Human Epidermal Growth Factor Type 2, HER2/neu)

    Tès sa mezire konbyen jèn kansè tete HER2/neu ki genyen avèk konbyen pwoteyin HER2/neu ki fèt sou echantiyon tisi tete. Si gen plis jèn HER2/neu ou pi wo nivo pwoteyin HER2/neu pase nòmal, kansè a ka grandi ou pwopaje pi rapidman.

  • Tès Miltijèn

    Paske pa gen okenn timè ki gen yon sèl mitasyon, profil jenomik pèmèt patolojis (ekspè selilè) idantifye gwoup mitasyon nan echantiyon tisi timè w la. Nou ka kreye yon pwofil timè pou ou. Pwofil sa ede detèmine ki kalite trètman k ap pi efikas ak konbyen tan ou bezwen trètman an.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.