Skip to Main Content

Kansè Peni

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Kansè peni lan kòmanse nan selil peni yo. Peni an se pati jenital ekstèn mal yo epi yo gen kèk kalite tisi, ki genyen ladan li po, nè yo, misk fen, avèk veso sangen yo. Trètman espesifik pou kansè peni baze sou plizyè faktè ki gen ladan tout eta sante w epi istwa medikal, menm si kansè an gaye sòti nan mikoz ki ale nan lòt tisi yo, oubyen lòt fakè endividyèl yo.

Diferan kalite kansè peni yo

Kasinòm selil ki gen kal (Squamous Cell Carcinoma)
Yon valè 95 pousan kansè peni se selil kasinòm ki gen kal. Kansè sa kòmanse nan selil plat po yo (seli ki gen kal yo) ki nan peni a, souvan sou po a oswa tèt peni an (glann yo). Kansè selil peni ki gen kal la k ap grandi dousman epi li kapab jwenn trètman si yo dekouvri li bonè.

Melanòm
Melanòm yo parèt sou po ki twò ekspoze nan solèy Yo kapab parèt sou kèk lòt pati, tankou sou peni an. Sèlman yon ti pousantaj kansè peni yo ki se melanòm.

Kasinòm selil Bazal (Basal Cell Carcinoma)
Selil bazal (Bazal cell) se yon lòt kalite kansè ki kapab gen enpak sou peni an. Li fè sèlman yon ti pousantaj nan tout ka kansè peni yo. Li grandi dousman epi li gaye trè ra nan lòt pati kò yo.

Adonekasinòm (maladi pajèt peni an)
Se yon kalite kansè peni ki ra. Li kapab devlope nan glann sidoripa ki sou po peni an.

Sakòm
Sakòm yo se yon ti pòsyon nan kansè peni yo. Yo devlope nan misk ki soup, veso sangen yo, oswa lòt tisi ki konekte peni an.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Zouti onkoloji radyasyon avanse. Avèk, sistèm RapidArc® radyoterapi nou an ki founi terapi radyasyon ekstèn ki gen entansite modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Zouti sa yo mennen nan trètman ki pi konpetan ak efikas, trètman ki pi kout, presizyon egzat nan zafè timè sible ak mwens domaj nan tisi ki an sante ki nan antouraj la.

Plis esè klinik kansè pase nenpòt lòt lopital nan Sid Florida. Si li nesesè pou kansè w la ak estad li ye an, esè klinik nou yo ba w nouvo fason byen fasil pou trete ak pou geri avèk potansyèl kansè w la.

Youn nan sèlman sis Sant Ekselans Kansè deziyen nan Florid. Nou trete kansè, sèlman kansè, ak ba w pi bon rezilta posib. Chans pou siviv aprè senk (5) lane anba kansè nan yon Sant Konsakre a Kansè se 17 pousan pi wo pase nan lòt lopital yo.

Ekip swen miltidisiplinè ki gen ekspètiz yo rekonèt nan tout peyi an. Moun ki konpoze ekip swen w lan se ekspè nan kalite kansè w la egzat nan tout aspè li. Tout doktè w yo, enfimyè ak plis moun k ap kolabore pou sove lavi.

Ekspètiz radyografi k ap itilize teknoloji disponib ki pi avanse. Founisè ekspètiz nou an pèmèt yo pou fè diferans dekouvèt nòmal ak anòmal epi travay avèk ou pou devlope yon plan trètman pèsonèl pou bon dyagnostik lan.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman


Trètman kansè peni baze sou plizyè faktè endividyèl, ki gen ladan li eta sante global, istwa medikal ou, epi degre maladi an. Ou gen sèvis espesyalis miltidisiplinè pou kansè nou an ki pral travay ansanm pou devlope yon plan trètman konplè pou ou menm avèk maladi kansè ou an. Kalite trèttman sa yo genyen ladan yo:

  • Operasyon

    Pou tout estad kansè peni, operasyon se trètman ki pi popilè an. Sylvester Comprehensive Cancer Center bay kalite operasyon sa yo, ki baze sou dyagnostik egzat ou an.

    • Mikro operasyon Mohs: Nan pwosedi delika sa a, yo retire timè a sou po a nan epesè ki fen yo. Chirijyen an gade pwent timè sou chak epesè timè ki te retire nan yon mikwoskòp pou analize selil kansè yo. Kalite operasyon sa yo retire selil tisi ki an sante pi plis li kapab epi li souvan fèt pou retire kansè sou po.

    • Operasyon Lazè: Avèk yon reyon lazè, chirijyen an koupe tisi a san okenn san ladan, oswa retire kote ki genyen timè a.

    • Operasyon Kryo (Cryosurgery): Trètman sa enplike pou mete tisi ki pa nòmal lan fè glas pou detwi li.

    • Sikonsizyon: Si timè a sou po peni an, yo kapab retirel avèk sikonsizyon.

    • Eksizyon Lokal Laj: Operasyon an retire selil kansè avèk kèk tisi an sante ki kote li.

    • Anpitasyon peni an: Si kansè a nan kèk oswa tout peni an, chirijyen an ta dwe rekòmande yon penektomi an pati oswa total. Yo kapab mete yon lòt peni ankò.

  • Kimoterapi

    Objektif kimoterapi an la pou diminye selil kansè yo lè yo gaye nan lòt pati ki nan kò an. Li geri timè tou ki pa kapab geri avèk operasyon oswa terapi radiyasyon. Nan kèk ka, yo kapab itilize li pou diminye gwosè yon timè avan yon operasyon. Kansè peni estad 0 kapab jwenn trètman avèk kimoterapi lokal (yon losyon oswa krèm).

    • Si w bezwen kimoterapi nan venn (enjeksyon), ou kapab fè li nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) nan lokal prensipal Sylvester ki nan Miami. Se yon inite 12.000 pye kare ki gen ladan li 33 chèz ki kapab kage ak 11 chanm prive. Si w prefere, ou kapab fè trètman pou enjeksyon ou yo nan Kendall, Plantation, Hollywood,Coral Springs, avèk Deerfield Beach locations.

  • Terapi Byolojik

    Terapi Byolojik – yo rele li tou byoterapi oswa iminoterapi – ki genyen lyen avèk sistèm imintiè w pou konbat kansè. Sibstans kò a ki te fèt oswa andedan yon laboratwa ogmante, dirije, oswa repare defans natirèl kò an kont kansè. Terapi byolojik lokal avèk imikimòd kapab itilize nan ka kansè peni an nan estad 0.

  • Terapi Radyasyon

    Trètman sa a an jeneral fèt anvan oswa aprè operasyon an, pou diminye yon timè oswa pou trete selil kansè ki rete yo. Si operasyon pa posib, terapi radyasyon pou kont pa li kapab trete kansè peni an. Terapi radyasyon deyò voye avèk presizyon yon gwo nivo radyasyon dirèk nan selil kansè yo lè l ap sèvi avèk yon machin ki mache nan kò a. Pafwa, radyasyon andedan yo rele kiriterapi kapab itilize pou voye radyasyon andedan yon timè peni. Trètman radyasyon yo fèt san doulè. Nòmalman yo dire sèlman kèk minit.


Tès


Anplis yon istwa medikal konplè avèk egzamen fizik, dyagnostik kansè peni gen ladan li an jeneral:

  • Biyopsi

    Yo retire epi yon patolojis fè dyagnostik selil sispèk yo nan yon mikwoskòp (yon espesyalis selil). Patolojis la pral verifye siy kansè. Yon fwa yo te fèdyagnostik kansè peni an, tès anplis yo te fèt pou chèche konnen si selil kansè yo gaye andedan peni gason an, oswa deyò nan lòt pati yo ki nan kò an.

  • Eskanè Tomografi Kalkile (Computed Tomography Scan (CT or CAT Scan)

    Pwosedi sa fè foto detaye zòn ki andedan kò an, ki soti nan plizyè ang diferan. Yo fè enkeksyon yon koloran nan yon venn oswa kapab vale tou, sa ap ede ògàn oswa tisi yo parèt pi klè.

  • Imaj Rezonans avèk Leman (Magnetic Resonance Imaging, MRI)

    Pwosedi sa a fè konbinezon itilizasyon yon leman, ond radyo, avèk yon òdinatè pou pwodwi foto detaye zòn espesifik andedan kò an. Yon sibstans yo lage nan venn rasanble bò selil kansè yo alò yo parèt pi klere nan foto a.

  • Ekzamen Iltrason

    Yon egzamen iltrason sèvi avèk gwo ond son (iltrason) ki rebondi nan tisi ki andedan yo oswa ògàn yo pou pwodwi eko. Sa, an retou, fòme foto tisi yo ki nan kò a ki rele sonografi.

  • Biyopsi Glann Lenfatik Santinèl

    Chirijyen an retire premye glann lenfatik kansè a kapab gen chans pou gaye sò nan timè an, idantifye pandan li fè enjeksyon yon lank tou prè timè a epi ap gade glann lenfatik la. Alò yo retire nè a epi yon patolojis verifye avèk anpil prekosyon nan yon mikwoskòp pou chèche selil kansè yo. Li kapab pa nesesè pou retire plis glann lenfatik si yo pa jwenn selil kansè yo.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.