Skip to Main Content

Kansè Vilv

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Kansè vilv se youn nan kansè ki pi ra Ozetazini. American Cancer Society estime 6.500 fanm chak ane te dyagnostike avèk kansè vilvè an. Kèlkeswa jan li ra, si sa rive w, ou vini bon kote an.

Vilva, deyò pati jenital fi an, ki gen ladan li tankou pati estrikti yo, lèv piti ki andedan ak perinean, espas ant vajen an epi tou dèyè an li menm. Kansè vilva afekte ti oswa gwo lèv lan.

Kasinòm epidèmoyid (Squamous Cell Carcinoma) Wit (8) pousan kansè vilva se selil kasinòm ak kal, an jeneral yo jwenn sou lèv vajen yo.

Adenokasinòm: Apeprè wit (8) pousan kansè vilv se andenokasinòm an jeneral yo jwenn li sou kote zòn rantre vajen an.

Lòt kalite kansè vilv, ki konte pou mwens pase dis (10) pousan kansè vilv yo, ki gen ladan:

  • Melanòm: An jeneral nan zòn ki ekspose tou lejè kò an, selil pigmantasyon melanòm yo konte pou sis nan chak 100 kansè vilv yo.

  • Maladi Pajèt mamè siplemantè (Extra-mammary Paget Disease (EMPD): Kalite sa a konte pou mwens pase de (2) nan tout kansè vilv yo.

  • Sakòm: Mwens pase de (2) nan chak 100 kansè vilv se sakòm. Kontrèman ak lòt kansè vilvè yo, sakòm vilv yo kapab parèt lakay fi yo nan nenpòt laj, menm nan timoun piti.

  • Selil kasinòm bazal: Selil bazal, se kansè po ki pi popilè, yo jwenn li souvan nan zòn po an ki pi ekspoze yo, raman nan vilv an.

Poukisa pou w chwazi Sant Sylvester Comprehensive Cancer?

Doktè ki gen plis eksperyans ki pou trete w. Sylvester trete plis pase 5.000 pasyan avèk kansè chak ane. Ekip doktè konsakre ou yo nan Sylvester gen yon kokenn chenn eksperyans pou trete kansè inik ou an.

Ekip swen Miltidisiplinè bay ekspètiz yo rekonèt nasyonalman. Doktè ekspè yo pale ak chak moun, fas a fas, sou baz regilye epi planifye swen egzat lan pou ou epi pou kansè espesifik ou an. Epi, ou kapab espere w ap jwenn kalib swen sa pandan plizyè ane k ap vini. Sylvester genyen tou sèl asosyasyon onkoloji jinekolojik nan Sid Florida k ap fòme nouvo jenerasyon doktè yo.

Yon Klinik ki Konsakre ak displazi. Maladi ano-jenital pre-envazif (yo konnen li sou non displazi tou) popilè epi kapab afekte kòl matris la, vajen, vilv ak anis la. Si w gen displazi, lè yo trete li nòmalman, yo kapab evite kansè nan kote sa yo.

Ekspè nan prezèvasyon fètilite. Ou pa oblije chwazi ant fètilite alavni ak trètman kansè. Espesyalis nan Sant Inivisitè Fètilite Miami nan Depatman Obstetrik ak Jinekoloji bay konsèy fètilite pou pasyan gason ak fi ki gen kansè pou ede w eksplore opsyon w yo ak pran desizyon konsènan prezèvasyon fètilite avan w sibi treètman tankou kimoerapi oswa terapi radyasyon.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Operasyon

    Pifò fi yo pral fè operasyon kansè vilv, swa li menm pou kont li oswa an kowòdinasyon avèk lòt terapi yo. Depann nan ki estad kansè ou an ye nan pwosesis trètman, doktè ou an pral defini si terapi radyasyon feso ekstèn oswa kimoterapi dòz ki ba asanm avèk terapi radyasyon pral fè trètman ou an mache pi byen.

    Objektif operasyon an se pou retire kansè an nan vilv lan epi kenbe plis tisi nòmal ki ozanlantou ki posib. Pandan plizyè ane, onkolojis yo te an mezi pou devlope teknik operasyon yo ki pa twò radikal pandan y ap kenbe to trètman potansyèl operasyon yo.

    • Operasyon ak Lazè: Espesyalis yo itilize reyon lazè olye yon eskalpèl pou fè dekoupe tisi an oswa pou retire sifas lezyon an oswa timè an.

    • Eksizyon Lokal Elaji (Wide Local Excision): Anpil operasyon pou kansè vilv kapab jis retire kansè an ak yon maj klè nan tisi nòmal ki alantou li an.

    • Eksizyon Lokal Radikal (Wide Local Radical): Nan ka kote kansè a plis gaye, pwosedi chirijikal lan pou retire kansè an kapab bezwen yon gwo kantite tisi nòmal ki alantou li, menm jan tou glann lenfatik ki tou prè nan lenn lan.

    • Vilvektomi: Pwosedi chirijikal sa a retire pati oswa tout vilv lan nèt.


    Menm si doktè a fin retire tout pati vizib kansè an nan moman operasyon an, kèk kapab swiv kimoterapi oswa terapi radyasyon pou tiye nenpòt selil kansè ki te rete.

  • Byopsi Glann Lenfatik Santinèl

    Kansè a gen plis chans pou li gaye sòti nan timè ale nan glann lenfatik sentinèl la. Yo enjekte yon koloran tou prè timè a epi ki travèse nan kanal lenfatik yo pou rive jwenn glann lenfatik yo. Paske koloran lan fè glann santinèl yo klere anba linèt espesyal, depistaj glann sentinèl lan ogmante a 95 pousan oswa pi plis. Chèchè nan Sylvester yo mennen tès entènasyonal pou valide wòl byopsi sou glann santinèl la nan kansè vilv.

  • Kimoterapi

    Kimoterapi se yon konbinezon medikaman ki konbat kansè yo lage nan venn ou nan pou kapab tiye selil kansè ki rete yo. Sylvester bay yon nouvo trètman ki anpeche pou retire plis glann lenfatik, menm si yo sispèk santinèl yo. Anvan operasyon, yon seyans eskanè iltrason lenn lan kapab mete aksan sou glann lenfatik ki enplike, elajisman glann lan di sa. Lè yo itilize kimoterapi anvan operasyon (kimoterapi neyoadjivan), li kapab konvèti yon glann lenfatik pozitif a negatif lè yo te fè byopsi, pou evite retire plis glann lenfatik.

  • Kimoterapi Lokal

    Kimoterapi an kapab aplike lokalman nan vilv lan an krèm oswa losyon.

  • Iminoterapi

    Kalite trètman sa a itilize sistèm iminitè ou pou li konbat kansè li an. Espesyalis yo itilize sibstans kò w fè yo oubyen yo fè nan laboratwa pou ranfòse, dirije ou restore defans natirèl ou kont kansè. Yo kapab itilize terapi imikimòd ki se yon krèm yo aplike sou po an pou trete lezyon vilv.


Tès


Chak nouvo egzamen pasyan nan Sylvester kòmanse avèk yon istwa detaye. Egzamen oswa tès yo ki kapab fèt aprè sa a:

  • Egzamen Fizik, tankou yon Ekzamen Pèlvik

    Yo ka fè yon Pap tès kòm yon pati nan egzamen pèlvyen an pou chache nenpòt siy kansè ou avan kansè, enfeksyon osinon anflamasyon.

  • Kòlposkopi

    Tès sa itilize yon loup yo rele yon kolposkòp pou gade vilv ou, vajen w ak kòl matris ou. Pandan yon kolposkòpi, doktè a ap trete po ou ak yon solisyon dilye nan engredyan prensipal vinèg lan, asid asetik. Zòn ki enfekte oswa sispèk yo ap vin blan sa ap rann yo pi fasil pou wè yo. Si doktè a detekte tisi ki pa nòmal, li kapab teste li pou detekte prezans selil kansè yo.

  • Tès Papiyomaviris lakay Moun (Human Papillomavirus, HPV)

    HPV se yon gwoup viris ki lakòz souvan veri nan pati jenital ou. Kèk kalite viris la kapab lakòz selil vilv yo tounen nan estad avan kansè. Doktè ou an kapab fè tès sa a menm moman ak yon Pap tès.

  • Byopsi

    Lè yo pran yon echantiyon nan tisi yo sispèk la, se sèl fason pou yo wè si tout bon ou gen kansè nan vilv. Rezilta yo pral di ekip swen ou an si ou bezwen operasyon siplemantè osinon bezwen pran plis glann lenfatik.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.