Skip to Main Content

Ti Selil kansè nan Poumon (Small Cell Lung Cancer (SMLC)

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Ti selil kansè nan poumon parèt lè selil ki enfekte yo fòme nan tisi poumon yo. Se yon fòm kansè poumon ki grav anpil. Selil kansè poumon yo konte pou 10-15 pousan kansè poumon primè. Anpil fwa, yo jwenn li nan yon etap avanse avèk prèske sèlman sou moun k ap fimen sigarèt.

Gen de (2) kalite nan ti selil kansè sa yo:

  • Kasinòm ti Selil (oat cell cancer)
  • Kasinòm ti selil konbine

Doktè ou pral kreye yon plan trètman ki baze sou kalite kansè ou genyen an.

Poukisa pou w Chwazi Sant Sylvester Comprehensive Cancer?

Tès Klinik Depistaj Kansè Poumon Espesyalize. Kansè poumon se youn nan pi gwo kòz lanmò kansè nan tout peyi an. Ekspè Sylvester yo ap travay pou chanje sa a. Si ou genyen yon gwo risk pou devlope kansè nan poumon, ou kapab jwenn èd pou idantifye maladi a nan premye etap li yo, lè tretman an pi efikas. Klinik espesyalize nan kansè poumon nou an bay tès depistaj ki enplike yon eskanè CT ki pa gen kontras pou eskane pwatrin lan.

Jwenn tès depistaj tou prè lakay ou. Tès depistaj yo fèt nan sant prensipal Sylvester nan Miami, Kendall, Plantation, epi nan Deerfield Beach. Si w se yon ansyen oswa moun aktyèl ki konn fimen ki konsène sou risk kansè nan poumon epi ou ta renmen konsidere orè yon tès depistaj, tanpri rele nou nan 305-243-5302 oswa 1-877-243-1056.

Ekip depistaj kansè poumon ak dyagnostik ki pi eksperimante nan Sid Florida. Nou espesyalize nan reyalizasyon dyagnostik ki pi kòrèk epi egzat pou kansè w la, souvan jiska nivo jenetik la.

Pwogram robotik ak asistans videyo ki klase pami 10 pi bon yo nan Sidès la. Chirijyen ekselan nou yo itilize teknoloji robotik avèk asistans videyo pou amelyore rezilta pasyan yo, avèk diminisyon pèt san pandan operasyon, sejou lopital ki pi kout ak to sivivans ki pi wo an mwayèn pou pasyan ki apwopriye.

Zouti onkoloji radyasyon avanse yo. Sylvester se youn pami sèlman senk sant medikal nan peyi a ki gen terapi radyasyon ViewRay — terapi radyasyon MRI-gide. Avèk, sistèm RapidArc® radyoterapi nou an ki founi terapi radyasyon ekstèn ki gen entansite modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Zouti sa yo mennen nan trètman ki pi konpetan ak efikas, dire trètman ki pi kout, presizyon ekzat nan zafè sible timè ak mwens domaj nan tisi ki an sante ki antouraj la.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Operasyon

    Yo itilize operasyon an lakay moun ki gen kansè nan poumon nan estad prekòs, tankou nan ka lè yo te jwenn kansè an nan yon poumon nan yon sèl poumon ak tou prè glann lenfatik yo sèlman. Pafwa, yo kapab konsidere yon operasyon aprè terapi radyasyon an oswa kimoterapi lakay moun ki te reponn byen avèk yon diminisyon nan gwosè timè. Kalite kansè poumon sa a parèt an jeneral nan toude poumon yo, konsa operasyon konbine souvan avèk lòt trètman. Kimoterapi oswa terapi radyasyon itilize aprè yon operasyon pou touye tout selil kansè yo.

  • Kimoterapi

    Kimoterapi se medikaman pou konbat kansè yo ba w sou fòm yon konprime oswa nan venn ou (ak yon egwi). An jeneral, moun ki gen ti selil kansè nan poumon yo trete avèk kimoterapi, epi terapi radyasyon nan pwatrin lan kapab ajoute pou moun maladi an gen limit nan estad. Moun kimoterapi an fè yo byen kapab resevwa radyasyon prevantif nan sèvo an.

    Biwo: Si w bezwen chimyoterapi nan venn (enjeksyon), ou kapab fè li nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) a nan lokal prensipal Sylvester a nan Miami, ki se yon inite 12.000 pye kare ki gen ladan li 33 chèz ki kapab kage ak 11 sal prive. Si w prefere, ou kapab pran trètman enfizyon w lan nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, epi Deerfield Beach.

  • Terapi Radyasyon

    Objektif terapi avèk reyon se pou elimine oswa retresi yon timè, swa poukont oswa nan konbinezon ak operasyon oswa chimyoterapi - oswa toude. Li kapab jere deyò kò an (radyasyon ekstèn) oswa entèn, epi "grenn" reyon grefe dirèkteman nan timè an (kirierapi). Yo itilize terapi reyon an tou pou kontwole yon timè ki pa kapab geri epi amelyore konfò w.

  • Esè Kliniik

    Anplis terapi estanda yo, gen esè klinik disponib epi yo kapab rekòmande. Onkològ ou a pral revize dosye w lan avèk ou epi detèmine si yon trètman esè klinik kapab yon bon chwa pou ou.


Tès

  • Tès Fonksyon Pilmonè

    Yo fè tès non envazif sa antanke pati evalyasyon inisyal pasyan kansè poumon. Li pèmèt nou wè kijan poumon yo ap travay ak kalite tisi poumon w pou detèmine si operasyon an se yon opsyon ki kapab fèt. Tès pou gade jan poumon ap fonksyon pou ede doktè ou an tou pou prevwa kijan poumon ou pral fonksyone aprè operasyon an.

  • Radyografi avèk Reyon Lestomak

    Tès sa a egzaminen poumon w ak kavite lestomak ou pou chèche anòmali yo. Yo itilize li antanke yon tès depistaj pou nenpòt anòmalite ki gen bezwen jwenn plis atansyon.

  • Seyans Eskanè Tomografi Kalikile pou Lestomak (Computed Tomography (CT) Scan of the Chest)

    CT-scan lestomak bay detay sou ki kote kansè a ye, karakteristik timè a (yo), ak estati glannon lenfatik yo anndan lestomak lan. Li ede doktè w la detekte tout akimilasyon likid anòmal andedan kavite lestomak ou.

  • Seyans eskanè Tomografi Emisyon Pozitron (Positron Emission Tomography (PET) Scan / CT-Scan)

    Seyans eskanè sa se tès dyagnostik estanda pou kansè poumon epi ki bay enfòmasyon valab pou detèmine etap klinik kansè poumon an.

  • Imaj Rezonans Mayetik Sèvo (Magnetic Resonance Imaging, MRI) oswa CT Scan

    Metataz lan (pwopagasyon ak kwasans selil kansè nan poumon) nan sèvo an rive nan 50 pousan ka ti selil kansè poumon an. Tès imaj rezonans mayetik (Magnetic resonance imaging (MRI) yo montre nou si yon kansè gaye nan sèvo ou epi li ede nou pou nou planifye yon trètman.

  • Byopsi

    Yo kapab pran yon ti kal echantiyon nan timè a (byopsi) gras ak yon egwi oswa pandan l ap itilize yon nwayo byopsi sou oryantasyon imaj. Patolojis nou yo revize echantiyon an nan yon mikwoskòp avanse pou detèmine karakteristik selil yo. Yo kapab fè yon byopsi avan operasyon pandan operasyon kansè poumon an pou diminye risk ak enkonvenyan yon biyopsi avan operasyon gras ak itilizasyon metòd tankou torakoskopi, torasentèz, medyastinoskopi ak lòt yo.

  • Bronkoskopi

    Bronchoskopi an pèmèt doktè ou gade andedan pasaj ou yo pou li gade zòn ki sispèk epi pran yon ti echantiyon tisi lè l ap sèvi avèk yon enstriman piti pou gade (bronchoskop). Pou fè pwosedi an, doktè w la fouye sond la nan nen w oswa bouch ou pou egzaminen trache w ak pasaj pilmonè w (bwonch ak bwonchyòl).

  • Torakoskopi

    Yo itilize pwosedi sa pou egzaminen kavite lestomak ou ak pran echantiyon pati sispèk yo. Fè yon thorakoskopi, doktè w fè yon ti dekoupe ant de (2) zo kòt yo pou yo mete yon tib fen ak yon limyè (thorakoskòp).

  • Torasentèz

    Pandan torasentèz la, doktè w la itlize yon egwi pou rasanble likid nan espas ant kouch anvlòp lestomak ou a ak poumon w yo.

  • Medyastinoskopi

    Yo itilize pwosedi sa pou gade glann lenfatik yo anba kou w epi pran echantiyon. Doktè w la fè yon ti dekoupe nan tèt zo tete w ak foure yon enstriman fen, ki tankou tib enstriman pou fè pwosedi an.

  • Iltrason Andobwonchik (Endobronchial Ultrasound, EBUS)

    Nouvo teknoloji sa pèmèt nemològ entèvansyonèl la pou gade kansè pi lwen poumon an ak wè nodil ki fè byopsi yo nan yon seyans eskanè CT-scan ou MRI. Li itil pou vizyalize glann lenfatik santral ki tou pre vwa respiratwa prensipal yo.

  • Mikwoskopi Lejè

    Mikwoskopi lejè se itilizasyon yon mikwoskòp gwo pwisans pou chache echantiyon tisi pou kèk chanjman nan selil, sa kapab ede pou fè dyagnostik kansè an.

  • Imonositochimi

    Tès sa itilize antikò yo pou chache kèk antijèn nan yon echantiyon tisi pou fè yon dyagnostik kansè an. Li ka ede doktè w la tou pou detèmine kalite kansè ou genyen an.

  • Analiz Mitasyon Jenetik Timè

    Tès sa a idantifye konpozisyon jenetik timè a pou ede doktè w la prevwa kijan kò w ap reponn ak trètman, tankou pou medikaman terapi sible yo.

  • Egzamen Sitolojik

    Kalite evalyasyon laboratwa sa itilize yon mikwoskòp pou ekzaminen selil pou chache nenpòt anòmalite oswa siy kansè.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.