Skip to Main Content

Timè nan Sevo ak Kolòn Vètebral (Pedyatrik)

Alex's Place anndan Sylvester

Plis pase yon sant trètman pou timoun ki gen maladi kansè ak san, Alex's Place se yon spase ki fèt pou abilite jèn pasyan nou yo ak sipòte fanmi yo.

Ekip eksperimante pliridisiplinè nou an founi swen konplè pou dyagnostike ak trete timè sèvo ak kolòn vètebral nan timoun. Timè nan sèvo ak kolòn vètebral ekzije swen konplèks, kidonk ekip pitit ou a genyen ladan l ekspè nan kansè, reyabilitasyon fizik ak konyitif, sikoloji ak lòt domèn pou ofri yon swen konplè.

Ekip swen pitit ou a devlope yon plan trètman ki ofri meyè rezilta posib, ki gen ladan l terapi reyabilitasyon pou ede yo retounen nan aktivite chak jou ak lekòl. Nou ofri swen swivi alontèm pou asire sante yo ak byennèt yo.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Se sèl pwogram transplant selil kouch pedyatik ki baze nan yon inivèsite nan Sid Florid. Nou sèvi timoun ki nan Sid Florid, Amerik Latin ak Karayib la atravè afilyasyon nasyonal nou yo. Timoun ou an gen aksè avèk yon baz donè ki pi laj ak esè klinik ki enplike transplant selil souch pou ogmante chans reyisit transplant lan.

Yon apwòch ekip pliridisiplinè. Ekip swen timoun ou an genyen ladan li doktè kansè pedyatik, enfimyè onkolojis, enfimyè praktisyèn, travayè sosyal, terapis ekout ak diskou, pwofesè, espesyalis nan lavi timoun ak lòt moun toujou pou founi yon swen konplè ak sipò. Nou ede amelyore kalite vi pitit ou a.

Rekòmandasyon pèsonalize. Nou kenbe ni ou menm ak tout objektif pitit ou a nan lespri n lè n ap devlope ekzamen ak bati kalandriye trètman an. Kit yon istwa familyal kèk kansè patikilye oubyen w vle asire sante pitit ou a alontèm, w ap jwenn atansyon pèsonalize.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Terapi radyasyon MRI-gide an tan reyèl ViewRay (ViewRay real-time MRI-guided radiation therapy)

    Sant Sylvester Comprehensive Cancer Center se youn pami sèlman senk sant medikal nan peyi a ki gen teknoloji sa. Si w bouje pandan trètman an, l ap kanpe epi rekalibre, kidonk se sèlman pati trètman an ekzatman ki resevwa radyasyon an, li evite tisi ki an sante yo.

  • Kouto Gama

    Sylvester gen eksperyans avèk enstriman radyo-operasyon estereyotaktik non-envazif sa ki itilize reyon radyasyon ki fokis avèk ekzaktitid pou l ka elimine timè ki enfekte ak ki pa enfekte, menm ak twoub vaskilè ak fonksyonèl nan sèvo a. Sa pwoteje tisi ki an sante ki tou pre a. Se yon altènatif nan plas operasyon sèvo tradisyonèl ak terapi radyasyon sèvo pou trètman kondisyon sèvo ki konplèks ak difisil.

  • Esè Kliniik

    Terapi biyolojik pran avantaj sou materyèl kò pasyan an li menm fabrike oubyen ki kreye nan laboratwa. Nan esè klinik, terapi biyolojik la pouse sistèm imin pasyan an pou l konbat maladi a. Aktyèlman y ap etidye vaksen pou timè sèvo.


Tès


Gras ak itilizasyon teknik imaj ki pi sofistike yo, sant Sylvester Comprehensive Cancer Center ka detèmine gwosè ekzat ak plasman yon timè sèvo ou kolòn vètebral pou trètman sible.

  • Espektroskopi MR

    Yo konnen l sou non espektroskopi rezonans mayetik nikleyè (nuclear magnetic resonance, NMR), li se yon teknik analitik non-envazif ak san radyasyon ki yonize. Yo itilize espektroskopi MR pou etidte chanjman metabolik nan timè sèvo ak lòt maladi ki afekte sèvo a.

  • SEYANS ESKANÈ PET-CT SCAN

    Se yon teknik medsin nikleyè ki konbine yon seyans eskanè tomografi emisyon pozitron (PET) ak yon eskanè tomografi enfòmatize reyon-X. Yo kolekte imaj yo nan tou aparèy yo nan menm sesyon an. Yo sipèpoze imaj sa yo (plase yo ansanm) pou montre aktivite biyochimik sèvo a ak aparans fizik. Teknoloji sa pa disponib tout kote.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.