Skip to Main Content

Kasinòm Neroandokrin (NET) Poumon

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

NET, yo rele l timè kasinoyid poumon tou, se kalite kansè poumon primè ki mwens danje. Yo devlope nan yon kalite selil espesyal ki rete nan pòch lè yo ak grandi dousman. Gen de kalite ki ekziste: timè neroandokrin tipik ak timè neroandokrin atipik. Yo itilize operasyon pou kont li pou trete tou de kalite yo — pa gen lòt trètman ki nesesè aprè yo fin retire timè a.

Timè kasinoyid poumon, oubyen kasinoyid poumon, pa popilè. Yo jeneralman grandi pi lan pase lòt kansè poumon. Se selil neroandokrin ki konpoze yo, ki fabrike òmòn yo. Selil neroandokrin ou yo ede kontwole sikilasyon lè ak sikilasyon san nan poumon w.

Kalite kasinòm NET Poumon gen pami yo:

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Sylvester se yon sant kansè deziyen NCI. National Cancer Institute te rekonèt Sylvester pou travay eksepsyonèl li fè rechèch nan laboratwa li yo, trete pasyan yo nan klinik li yo ak lopital li yo, epi lonje men nan kominote ki pa gen desèvi medikal ak estrateji prevansyon inovatè.

Ekip depistaj kansè poumon ak dyagnostik ki pi eksperimante nan Sid Florid la. We specialize in achieving the most accurate, correct diagnosis of your cancer, often down to the genetic level.

Pwogram robotik ak asistans videyo ki klase pami 10 meyè yo nan Sidès la. Chirijyen ekselan nou yo itilize teknoloji robotik avèk asistans videyo pou amelyore rezilta pasyan yo, avèk diminisyon pèt san pandan operasyon, sejou lopital ki pi kout ak to sivivans ki pi wo an mwayèn pou pasyan ki apwopriye.

Zouti onkoloji radyasyon avanse. Avèk, sistèm RapidArc® radyoterapi nou an ki founi terapi radyasyon ekstèn ki gen entansite modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Zouti sa yo mennen nan trètman ki pi konpetan ak efikas, dire trètman ki pi kout, presizyon ekzat nan zafè sible timè ak mwens domaj nan tisi ki an sante ki antouraj la.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

 

Trètman w lan ap depann sou kalite kasinòm nan, gwosè ak ki kote timè a ye, si l pwopaje nan gangliyon lenfatik yo ou lòt ògàn yo ak istwa sante jeneral ou. Plan sante w la ka gen ladan l youn ou plizyè metòd, tankou:

  • Operasyon
  • Kimoterapi
  • Lòt trètman medikaman
  • Terapi Radyasyon

Tès

  • Tès Fonksyon Pilmonè

    Yo pèfòme tès non-envazif sa kòm pati evalyasyon inisyal pasyan kansè poumon. Li pèmèt nou wè kijan poumon yo ap byen travay ak kalite tisi poumon w pou detèmine si operasyon se yon opsyon pratikab. Tès fonksyon pilmonè ede doktè w la predi tou kijan poumon w ap fonksyone apre operasyon.

  • Reyon-X Lestomak

    Tès sa ekzaminen poumon w ak kavite lestomak ou pou chache anòmalite. Yo souvan itilize w kòm yon tès ekzamen pou nenpòt anòmalite ki bezwen plis karakterize.

  • Seyans Eskanè CT-Scan pou Lestomak

    CT-scan lestomak founi detay sou ki kote kansè a ye, karakteristik timè a (yo), ak estati gangliyon lenfatik yo anndan lestomak la. Li ede doktè w la detekte nenpòt akimilasyon likid anòmal anndan kavite lestomak ou.

  • Seyans eskanè Tomografi Emisyon Pozitron / CT-Scan

    Seyans eskanè sa se tès dyagnostik estanda pou kansè poumon, ki founi enfòmasyon valab pou detèmine etap klinik kansè poumon an.

  • Oktreoskenn (Santigrafi Reseptè Somatostatin/SRS)

    Seyans eskanè sa lokalize timè nan kò w. Anvan seyans eskanè sa, you resevwa yon enjeksyon medikaman (oktreyotid) ki limite timè kasinoyid yo. Yon kamera espesyal detekte pati kote medikaman yo akimile yo, se sa ki pèmèt doktèt la evalye kansè a.

  • Biyopsi

    Yo ka pran yon ti kal echantiyon nan timè a (biyopsi) gras ak yon egwi oubyen si yo itilize yon biyopsi prensipal (core) chirijikal sou oryantasyon imaj. Patolojis nou yo revize echantiyon an anba yon mikwoskòp avanse pou detèmine karakteristik selilè yo. Yo ka pèfòme yon biyopsi entra-operatif pandan operasyon kansè poumon anpou diminye risk ak enkonvenyans yon biyopsi pre-operatif gras ak itilizasyon metòd tankou torakoskopi, torasentèz, medyastinoskopi ak lòt.

  • Bronkoskopi

    Bronkoskopi pèmèt doktè w la gade anndan vwa respiratwa w pou chache pati yo sispèk ak pran yon vyet ti echantiyon tisi gras ak yon enstriman fen ki pèmèt ou wè (bronkonskòp). Pou pèfòme pwosedi a, doktè w la fouye skòp la nan nen w ou bouch ou pou ekzaminen trache w ak pasaj pilmonè w (bwonch ak bwonchyòl).

  • Torakoskopi

    Yo itilize pwosedi sa pou ekzaminen kavite lestomak ou ak pran echantiyon pati yo sispèk yo. Doktè w la fè yon vyet ti ensizyon ant de kòt epi fouye yon tib fen ki gen yon limyè (torakoskòp) pou pèfòme pwosedi a.

  • Torasentèz

    Pandan torasentèz la, doktè w la itlize yon egwi pou rasanble likid nan espas ant kouch anvlòp lestomak ou a ak poumon w yo.

  • Medyastinoskopi

    Yo itilize pwosedi sa pou gade gangliyon lenfatik yo anba yon kou w epi pran echantiyon. Doktè w la fè yon vyet ti ensizyon nan tèt zo tete w ak fouye yon enstriman fen ki tankou yon tib pou pèfòme pwosedi a.

  • Iltrason Andobwonchik (Endobronchial Ultrasound, EBUS)

    Nouvo teknoloji sa pèmèt nemològ entèvansyonèl la chache kansè pi lwen poumon an ak biyopsize nodil yo wè nan yon seyans eskanè CT-scan ou MRI. Li itil nan vizyalize gangliyon lenfatik santral ki tou pre vwa respiratwa prensipal yo.

  • Mikwoskopi Lejè

    Mikwoskopi lejè se itilizasyon yon mikwoskòp grand puisans pou chache echantiyon tisi pou kèk chanjman nan selil, sa ka ede dyagnostike kansè.

  • Imonositochimi

    Tès sa itilize antikò pou chache kèk antijèn nan yon echantiyon tisi pou dyagnostike kansè. Li ka ede doktè w la tou detèmine kalite kansè ou genyen an.

  • Analiz Mitasyon Jenetik Timè

    Tès sa idantifye fabrik jenetik timè a pou ede doktè w la predi kijan kò w ap reponn ak trètman, tankou pou medikaman terapi sible.

  • Ekzaman Sitolojik

    Kalite evalyasyon laboratwa sa itilize yon mikwoskòp pou ekzaminen selil pou chache nenpòt anòmalite ou siy kansè.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.