Skip to Main Content

Kasinòm Lobilè Envazif (Invasive Lobular Carcinoma, LC)

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Kasinòm lobilè envazif afekte glann ki pwodui lèt yo (lobil) nan tete a ak pwopaje (metastaze) nan lòt pati nan kò a. Yon kasinòm miks ka gen ni karakteristik kasinòm kanalè envazif (invasive ductal carcinoma, IDC) ak ni kansè tete lobilè envazif.

Pafwa yo rele l kasinòm lobilè enfiltran, se dezyèm kalite kansè ki pi popilè aprè IDC, ki reprezante 10 nan tout kansè tete envazif.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Enstiti Kansè Tete Ki Renome, Braman Family Breast Cancer Institute nan Sylvester. Nou ofri youn nan meyè dyagnostik pou kansè tete nan peyi a ak pwogram swen, avèk trètman ki prepare swivan bezwen endividyèl ou.

American College of Radiology nome nou Sant Imaj Tet Ekselans (Breast Imaging Center of Excellence). Ou resevwa yon dyagnostik ki pi ekzat, ki vin bay yon plan trètman ki pi efikas.

Yon ekip kansè tete pliridisiplinè. Ou resevwa swen nan men yon ekri ekspè nan tout fasèt nan kansè tete, ki ofri w yon swen konplè pou meyè chans pou reyisi.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Operasyon

    Yo ka itilize operasyon kòm yon metòd trètman primè oubyen yo ka konbine l ak lòt terapi pou kansè, sa depann sou dyagnostik la. Onkolojis chirijikal Sylvester yo espesyalize anpil nan opsyon chirijikal pou kansè tete.

  • Operasyon pou Konsève Tete

    Nan pwosedi sa yo retire tisi kansè a afekte men li pa retire tete. Gen kèk ekzanp operasyon konsève tete tankou timorektomi (lumpectomies) ak mastektomi pasyal.

  • Timorektomi

    Nan pwosedi sa yo retire yon timè (boul) ak yon ti kantite tisi nòmal nan alantou l. Se chirijyen kansè Sylvester yo ki premye koumanse avèk teknik timorektomi onkoplastik la ak kounyeya y ap anseye lòt chirijyen nan peyi a. Pandan yon timorektomi, chirijyen w lan retire timè a ak yon ti pati nan alantou tisi a. Doktè w la eskilte rès tisi tete ki rete pou ka bay tete w yon aparans natirèl, li fè ti touch nan lòt tete a pou l ka fè tou de sanble ak youn lòt.

  • Timorektomi avèk Rediksyon Tete

    Pou fanm ki gen gwo tete, onkolojis chirijikal la ak chirijyen plastik la ka fè yon operasyon rediksyon tete, koumanse ak tete ki gen kansè a pou yo ka asire yo rete tisi ki gen boul la ak yon maj ki pwòp — ou sekiritè — nan anlantou boul la. Chirijyen plastik la redui lòt tete a pou l ka sanble ak lòt la.

  • Mastektomi Pasyal

    Operasyon sa, yo konn rele l tou mastektomi segmantal, ladna l yo retire yon pi gwo pati nan tete a plis pase yo retire nan timorektomi.

  • Mastektomi Po ak Pou Evite Pwent Tete

    Lè sa apwopriye ak posib, nan pwosedi sa yo konsève po ak pwent tete a pou minimize sikatris ak amelyore abilite chirijyen an pou l rekonstwi tete w.

  • Mastektomi

    Yon mastektomi retire tout tete a kansè a afekte a. Chirijyen an ka retire youn oubyen plis gangliyon lenfatik anba bra w pandan operasyon an, oubyen kòm yon pwosedi nan pita, pou wè si kansè pwopaje.

    Si w fè yon mastektomi ou yon timorektomi, ou ka chwazi pou w fè yon operasyon rediksyon tete nan menm tan an oubyen w ka deside pou w fè l aprè. Chirijyen w lan ka pèfòme yon timorektomi onkoplastik oubyen chirijyen kansè tete w la ak yon chirijyen plastik ka travay ansanm pou yo fè yon operasyon rekonstriktif. Gen nouvo teknik ki rann li posib pou kreye yon tete ki sanble nan fòm ak aparans ak tete natirèl ou.

  • Biyopsi gangliyon lenfatik santinèl (Sentinel lymph node biopsy)

    Doktè itilize ti operasyon sa pou detèmine si kansè a pwopaje depase timè primè a pou l rive touche sistèm lenfatik ou. Yon gangliyon lenfatik santinèl se premye kote selil kansè yo ka ale lè yo koumanse pwopaje. Pandan biyopsi a, doktè w la enjekte yon koloran espesyal (trasè) pou lokalize gnagliyon yo ak retire yo pou ka chache selil kansè. Si yo pa gen kansè, sa vle di li pa sanble kansè pwopaje epi li pa nesesè pou retire plis gangliyon lenfatik.

    Sylvester ofri yon nouvo trètman ki anpeche retire plis gangliyon lenfatik, menm si yo sispèk santinèl yo. Anvan operasyon, yon seyans eskanè iltrason anba bra a ka endike ki gangliyon lenfatik ki enplike (y ap parèt pi gwo ou anfle). Lè yo itilize kimoterapi anvan operasyon (kimoterapi neyoadjivan), li ka konvèti yon gangliyon lenfatik pozitif an negatif lè yo biyopsize l, sa vle di yo pa bezwen retire plis gangliyon lenfatik.

  • Transfè Gangliyon Lenfatik Venn ak Grèf Lenfatik

    Si w te fè lenfodèm nan yon operasyon anvan sa, chirijyen ekspè Sylvester yo ka enpoze ou founi soulajman nan kondisyon enfim sa ki rive lè gangliyon lenfatik anba bra a ki gen kansè dwe soti pandan yon operasyon, sa ki deranje sikilasyon nòmal fliyid lenfatik yo pou soti nan ponyèt la. Pyiske yo pa gen okenn kote pou ale, fliyid yo retounen nan tisi manm nan,sa ki lakoz anflamasyon ki bay anpil doulè. Nan transfè gangliyon lenfatik vaskilarize, gangliyon lenfatik yo ak stòk san yo transfere nan rejyon kote gangliyon lenfatik yo koupe a pou retabli drenaj nòmal yo.

  • Terapi Radyasyon

    Onkolojis radyasyon w lan ap diskite terapi radyasyon bon pou kansè ou a ak ki kalite livrezon radyasyon ki pi apwopriye pou ka pa w la. Kalite yo gen ladan yo terapi radyasyon tankou kiriterapi ("grenn" radyoaktif yo mete nan timè a), terapi tete pasyèl (yo fokis dòz ki pi wo pou ka akselere terapi a), ak terapi radyasyon reyon ekstèn.

  • Kimoterapi

    Kimoterapi se medikaman pou konbat kansè yo ba w nan venn ou nan yon konprime. Yo ka rekòmande kimoterapi tou anvan operasyon, yo rele sa kimoterapi neyoadjivan, pou ede redui gwosè timè a ak amelyore rezilta operasyon an. Souvan, yo itilize plis pase yon medikaman an menm tan oubyen youn apre lòt pou detui diferan kalite selil kansè nan menm kansè tete a.

    Si w bezwen kimoterapi nan venn (enfizyon), ou ka fè l nan Comprehensive Treatment Unit (CTU) a nan lokal prensipal Sylvester a nan Miami, ki se yon inite 12.000 pye-kare ki gen ladan l 33 fotèy enklinab ak 11 sal prive. Si w prefere, ou ka pran trètman enfizyon w lan nan lokal Kendall, Plantation, Hollywood, Coral Springs, Coral Gables, ou Deerfield Beach.

  • Terapi Bone Frèt (Cold Cap Therapy) pou Minimize Pèt Cheve

    Sylvester offers FDA-cleared cold cap therapy to reduce hair loss during chemotherapy. The therapy works by cooling the scalp during treatment.

  • Terapi òmòn

    Pou kansè tete ki sansib ak òmòn tankou estrojèn ak pwojesteròn, lè w pran medikaman ki entèfere avèk aktivite òmòn sa yo ou kanpe pwodiksyon òmon sa yo ka anpeche rekirans (retou kansè a). Onkolojis ou ka sijere tou operasyon pou retire yon glann k ap pwodui òmon.

  • Terapi Sible (Targeted Therapy)

    Terapi sible yo bati pou atake chanjman molekilè ki fè selil kansè yo grandi ak pwopaje. FDA apwouve plizyè terapi sible. Si biyopsi w la montre ou pozitif pou reseptè HER2, y pa trete w avèk Èseptin (Herceptin) anvan operasyon, an plis kimoterapi a.

  • Esè Kliniik

    Esè Kliniik se etid rechèch ki teste avantaj nouvo medikman ou terapi kont estanda swen ki ekziste nan moman an. Pale ak onkolojis Sylvester w la pou w konnen si yon esè klinik bon pou ou.


Tès

  • Mamografi

    Mamografi se fason ki pi rapid ak pi efikas pou detekte yon kwasans abnòmal nan tete w. Avèk tomosentèz, oubyen mamografi 3D, teknolojis radyoloji ka jwenn imaj tete sou plizyè ang, amelyore presizyon yon lekti evalyasyon ak redui bezwen potansyèl pou fè seyans eskanè plizyè fwa.

  • Iltrason Tete ak MRI

    Doktè w la ka fè demand yon ekzamen imaj nonenvazif, tankou yon iltrason tete ou MRI tete, si w gen tete pwès ak ou gen yon risk kansè tete ki elve — espesyalman pou moun ki gen yon 20 pousan oubyen risk vi ki pi elve pou gen kansè tete.

  • Diktoskopi

    Plis pase 80 pousan kwasans kansè tete soti nan kanal lèt. Si sentòm ou yo gen ladan yo yon dechaj likid ki gen ti takte san ki soti nan pwen tete yo, chirijyen w yo ap itilize yon diktoskopi pou jwenn lezyon pou pran echantiyon ak retire l. Li itilize yon skop fib optik mwens pase yon milimèt pwofondè ki anndan kanal lèt la nan pwent tete a pou voye imaj nan yon monitè òdinatè.

  • Biyopsi

    Yon biyopsi se yon ti echantiyon tisi tete yo sispèk la epi yo reti ak teste l. Yo ka pèfòme biyopsi nan plizyè fason, depann de sikonstans lan: aspirasyon ak pwent egwi (biyopsi envazif minimal). biyopsi santral apati imaj gide, aspirasyon kis, ditoskopi (kanal lèt) ak biyopsi chirijikal (biyopsi eksizyonèl ou ensizyonèl).

  • Tès Reseptè Estrojèn ak Projesteròn

    Tès sa chache reseptè estrojèn ak pwojesteròn (òmòn) nan tisi kansè w la. Si selil kansè tete w yo gen reseptè estrojèn ak projesteròn, kansè a ka grandi pi rapid. Tès la di doktè w la si trètman pou bloke estrojèn ak projesteròn yo ap efikas.

  • Tès Reseptè Faktè Kwasans Epidèmal Moun Tip 2 (Human Epidermal Growth Factor Type 2, HER2/neu)

    Tès sa mezire konbyen jèn kansè tete HER2/neu ki genyen avèk konbyen pwoteyin HER2/neu ki fèt sou echantiyon tisi tete. Si gen plis jèn HER2/neu ou pi wo nivo pwoteyin HER2/neu pase nòmal, kansè a ka grandi ou pwopaje pi rapidman.

  • Tès Miltijèn

    Paske pa gen okenn timè ki gen yon sèl mitasyon, profil jenomik pèmèt patolojis (ekspè selilè) idantifye gwoup mitasyon nan echantiyon tisi timè w la. Nou ka kreye yon pwofil timè pou ou. Pwofil sa ede detèmine ki kalite trètman k ap pi efikas ak konbyen tan ou bezwen trètman an.

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.