Skip to Main Content

Kansè Tete

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Kansè nan tèt ak kou konte pou yon ti pousantaj relativman ki piti nan tout kansè nan Etazini. Si w nan risk, ou yo deja dyagnostike w, doktè ekspè nou yo la pou ou menm ak tout fanmi w. Eksperyans nou ak ekspètiz ofri w meyè rezilta posib.

Gen plizyè estrikti ki ant tèt ou ak lestomak ou ki ka vin gen kansè. Kansè gòj ka gen ladan l kansè orofarenje, kansè bwat vokal la (larenks) ak kansè ezofaj la. Onkolojis espesyalize ak chirijyen nou yo trete tout kalite kansè gòj, tankou kansè amigdal, ki pa dèyè gòj la.

  • Orofarenks lan gen ladan l mitan gòj la soti nan amigdal la pou rive nan pwent bwat vokal la. Kansè ka devlope nan baz lang nan, nan amigdal la, sou plaèt mou an ak nan mi farenks lan. Gen de kalite nan kansè sa yo: HPV-pozitif, ki gen rapò ak enfeksyon papilomaviris imen, ak HPV-negatif. Kansè oral HPV-pozitif, souvan gen rapò ak anpil itilizasyon tabak ou kleren.

  • Larenks ou se bwat vokal ou. Kansè ki grandi nan pati sa nan kò w ka grandi nan ou arebò kòd vokal yo ak lòt estrikti ki tou pre bwat vokal la.

  • Ezofaj la konekte gòj la ak vant lan. Se yon tib miskilè ki gen twou. Kansè ezofaj koumanse nan manbràn mike a ki trase tib la. Kansè sa ka pwopaje soti deyò atravè lòt kouch.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Nou gen plis espesyalis nan operasyon tèt ak kou ki sètifye pase nenpòt lòt pwofesyonèl sante nan Sid Florid. Ekip nou an ofri solisyon operasyon senplifye. Nan majorite ka ki ekzije rekonstriksyon yo, ou fè sèlman yon sèl operasyon pou retire kansè al nenpòt operasyon rekonstriktif. Sylvester se yon nan meyè kote nan peyi a pou operasyon kansè silmitane ak kansè kou avèk rekonstriksyon mikwovaskilè.

Pwofondè ak lajè esè klinik yo. Sylvester ap mennen esè klinik nan espas li sa gen pase ven ane nan domèn terapi kansè ezofajyen. Espesyalis rekonstriktif nou yo ka rebati yon ezofaj ou vant aprè operasyon. Ou ka rejwenn kalite lavi ou abitye viv la.

Youn nan meyè pwogram reyabilitasyon diskou ak deglitisyon nan peyi a. Si w fè operasyon ki afekte machwè, vizaj ak/ou kou, se kèk pami meyè ekspè nan peyi a k ap sipòte w pèsonèlman pou restore kali vi w.

Zouti onkoloji radyasyon avanse. Sylvester se youn pami sèlman senk sant medikal nan peyi a ki gen terapi radyasyon ViewRay — terapi radyasyon MRI-gide. Avèk, sistèm RapidArc® radyoterapi nou an ki founi terapi radyasyon ekstèn ki gen entansite modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Zouti sa yo mennen nan trètman ki pi konpetan ak efikas, dire trètman ki pi kout, presizyon ekzat nan zafè sible timè ak mwens domaj nan tisi ki an sante ki antouraj la.

Ekspètiz nan re-trètman radyasyon pou timè gòj ki retounen. Re-trètman se yon pwosès konplèks ki ka vin aprè operasyon pou reaparisyon (lè kansè a retounen grandi ankò). Yo ka ofri re-trètman radyasyon se operayson pa posib. Pa gen anpil lòt pwofesyonèl swen sante nan Sid Florid ki ofri opsyon sa.

Pi bon Aksè avèk nouvo trètman yo. Esè kliniik ki fokis sou operasyon robotik, kimoterapi, sou redui toksite radyasyon ak imonoterapi souvan disponib pasyan kansè tèt ak kou. Aksè w genyen nan trètman ki pa disponib okenn lòt kote ofri w meyè chans pou meyè rezilta trètman.

Sèl sant Kansè Ekselans ki nomine nan Sid Florid. Nou trete kansè, sèlman kansè, ak ofri w meyè rezilta posib. Pwobabilite pou w siviv kansè apre senk ane nan yon Sant Kansè Devwe 17 pousan fwa pi plis pase pa lòt lopital yo.

Ekip swen pliridisiplinè ki gen ekspètiz yo rekonèt nasyonalman. Moun ki konpoze ekip swen w lan se ekspè nan kalite kansè w la ekzakteman ak nan tout aspè nan li. Tout doktè w yo, enfimyè ak plis moun kolabora pou sove lavi.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.