Skip to Main Content

Sèvis Travay Sosyal Onkoloji

Sèvis travay sosyal onkoloji nan sant Sylvester Comprehensive Cancer Center ka ede w fè fas ak defi lavi kouran ki ka rive kòm rezilta yon dyagnostik ak tretman kansè. Wòl travayè sosyal onkoloji a se pou ede pasyan, fanmi, ak swanyan fè fas ak pwoblèm ki soulve anvan, pandan ak apre tretman kansè.

Travayè sosyal onkoloji yo founi sipò ki kouvri pwoblèm pratik, blokaj pou jwenn tretman, pwoblèm finans ak pwoblèm emosyonèl. Yo fasilite tou yon varyete gwoup sipò pou pasyan, fanmi ak swanyan. Travayè sosyal onkoloji a ka evalye zòn detrès ki afekte lavi kouran w, ak fè entèvansyon pratik ak sipòtif pandan swen w lan.

Kijan Nou Ka Ede.

Yon travayè sosyal onkoloji ka ede w ak:

  • Defi pou w re-entegre sou mache travay la
  • Pran kontwòl lavi w
  • Ede w ak tout fanmi w ak pwoblèm finansye
  • Lòt pwoblèm sikososyal tankou transpòtasyon
  • Bay sipò emosyonèl
  • Travay pou rezoud blokaj asirans

Aprann Plis

Si w bezwen asistans ak nenpòt pwoblèm sikososyal ki rive apre tretman, ekip travayè soyal onkoloji nou an ka asiste w. Si w nenpòt lòt kesyon ou pwoblèm,tanpri kontakte nou nan 305-243-4129 pou kontakte travayè sosyal lokal pa w la menm.

Sèvis Sipò Kansè

Kontakte nou jodiya pou w ka aprann plis oubyen pran yon randevou.