Skip to Main Content

Konsèy Konsiltatif Pasyan ak Fanmi

Randevou

Pou w aprann plis ou pran yon randevou, rele 305-243-4129 oubyen
305-243-8204.

Patient and Family Advisory Council a reprezante vwa pasyan ak manb fanmi yo ak tout swanyan sant Sylvester Comprehensive Cancer Center yo. Konsèy la konsakre l pou l fòtifye kolaborasyon ant pasyan ak ekip swen sante a pou amelyore abilite Sylvester pou l ofri swen sante sekiritè, konplè ak senpatik pi wo nivo.

Misyon Nou

Misyon nou se pou nou founi yon fowòm ak yon espas ki sekiritè pou pasyan, manb fanmi, ak swanyan pou yo entegre yo ak pataje fidbak ak ide pou amelyore eksperyans pasyan an nan Sylvester.

Egzijans

Manb Konsèy ki reyisi yo:

  • Kapab eksprime lide yo klè ak poze kesyon
  • Kapab wè plis pase eksperyans pèsonèl yo
  • Patisipe nan yon rankont chak mwa swa nan lokalite Miami ou Plantation nan
  • Tande byen ak respekte opinyon lòt moun
  • Travay ak estaf Sylvester sou nouvo ak projè devlopman ki an kou

Enplike w

Pasyan ak fanmi yo ak swanyan yo ka swa patisipe nan rankont chak mwa yo kòm yon manb Konsèy oswa patisipe nan yon pwojè kòm yon Konseye. Nou fè rankont chak mwa aktyèlman nan de kote, Miami ak Plantation.

Pou plis enfòmasyon, tanpri kontakte:

Jessica MacIntyre (Miami)
jmacintyre@med.miami.edu
305-243-4570

Sèvis Sipò Kansè

Kontakte nou jodiya pou w ka aprann plis oubyen pran yon randevou.