Skip to Main Content

Nitrisyon

Cancer Support Services

Randevou

Pou w aprann plis ou pran yon randevou, rele 305-243-4129 oubyen
305-243-8204.

Sèvis Nitrisyon nan sant Sylvester Comprehensive Cancer Center kwè manje byen se lè w nouri kò a ak tout lespri a. Se yon chwa kalite vi ki ka ede kò w akonpli objektif meyè sante li ka atenn. Nou travay kole sere ak ou pou nou ka konprann dyagnostik kansè w la, plan trètman yo, bezwen yo, ak objeftik ki ren rapò ak nitrisyon ak rejim alimantè, epi tou ak ede w bati plan nitrisyon pèsonalize w la pandan ak apre trètman kansè.

Lè w kenbe yon meyè nitrisyon pandan ak apre trètman kansè sa ka ede:

  • Amelyore abilite kò w pou l ka konbat enfeksyon
  • Amelyore retablisman al gerizon apre tretman
  • Amelyore jan kò w tolere tretman
  • Kenbe ak amelyore kalite vi
  • Kenbe ak amelyore kouraj ou ak nivo enèji w
  • Anpeche ak korije malnitrisyon
  • Anpeche gaspiye pwa miskilè kò a
  • Redui efè segondè ki gen rapò ak nitrisyon ak konplikasyon

Estaf nou an ansanm gen pase 55 ane eksperyans nan abòde pwoblèm nitrisyonèl moun ki gen kansè. De pami manb estaf nou yo se manb fondatè gwoup pratik onkoloji a Akademi Nitrisyon ak Dyetetik.

Kilè pou Chache Sipò Nistrisyonèl

Si w ap swiv oubyen te swiv tretman kansè nan Sylvester epi w gen kesyon ou enkyetid konsènan nitrisyon, ou ka mande doktè w la pou l bay yon referans pou wè ak ekip nou an.

Si w gen youn nan sentòm ou kondisyon nou site pi ba a, ou ka benefisye gras ak yon referans pou sèvis nitrisyon:

  • Kondisyon kwonik, tankou maladi kwonik ou dyabèt
  • Apeti bese
  • Difikilte pou moulen ou vale manje
  • Twò gwo ou obèz
  • Twò piti
  • Pèt pwa envolontè

Gen kèk faktè ki ka ogmante risk malnitrisyon. Si yo dyagnostike w gen kansè nan tèt ak kou, kansè pankreyatik, oubyen kansè metastatik, ou ka gen gwo risk nitrisyonèl. Siw te rete nan lopital pou anpil tan epi w pèdi pwa san pa t vle, ou ka nan gwo risk tou. Pale ak doktè w konsènan nenpòt enkyetid ou ta ka genyen.

Sèvis Nitrisyon Nou ofri

Nou ofri ekzamen nitrisyonèl pèsonalize ak konsèy pou:

  • Klas kominotè ak sesyon konsè an gwoup
  • Pwoblèm nitrisyonèl ki lye ak maladi espesifik
  • Edikasyon sou sekirite alimantè
  • Plan alimantè
  • Konplikasyon nitrisyonèl akoz rezilta tretman
  • Defisyans Nitrisyonèl
  • Fliyid-Oral ak egzijans elektwolit
  • Jesyon pwa

Nou ofri tou kalite tretman espesyalize pi ba yo:

  • Ekzamen ak rekòmandasyon pou pran wout espesyalize sipò nitrisyonèl, tankou manje nan tib ak nitrisyon nan venn (nan yon IV)
  • Edikasyon sou sekirite alimantè
  • Kansè Tèt ak Kou: Founi enèji pou klas Konba yo
  • Pran Kontwòl: Klas nitrisyon "Konbat Kansè ak Manje" chak mwa

Nou ofri ekzamen tou ak rekòmandasyon pou pran wout espesyalize sipò nitrisyonèl, tankou manje nan tib ak nitrisyon ou resevwa lòt kote nan kò w ki pa nan ni bouch ni kanal alimantè (nan yon IV)

Sèvis Sipò Kansè

Kontakte nou jodiya pou w ka aprann plis oubyen pran yon randevou.