Skip to Main Content

Akiponkti

Cancer Support Services

Randevou

Pou w aprann plis ou pran yon randevou, rele 305-243-4129 oubyen
305-243-8204.

Sant Sylvester Comprehensive Cancer Center kontan ofri pasyan n yo akiponkti. Se doktè akiponkti ki fòme, lisansye e ki gen konpetans ki pèfòme metòd trètman olistik ak sekirite sa nan sant nou an, epi li pa gen okenn efè segondè. Depi debi l an Chin sa gen plis pase 2.500 ane jiska popilarizasyon l nan Etazini nan ane 1970 yo, yo itilize akiponki tradisyonèlman pou ede fè prevansyon maladi ak jere sentòm yo, epi tou pou amelyore lasante an jeneral.

Misyon nou se pou amelyore kalite vi w atravè metòd sekiritè, ki pa toksik ak pèsonalize. Sante ak byennèt pasyan nou yo enpòtan anpil pou ekip nou an, epi nou ankouraje w pou aprann plis sou avantaj potansyèl akiponkti. Majorite pasyan yo twouve trètman yo non sèlman rilaks men tou enèjetik, epi tou li ede redui sentòm yo. Akiponkti ka ede w ak detant epi fatig ki gen rapò ak kansè, ak ede redui efè segondè trètman kansè. Nou ofri pasyan kansè yo akiponkti pandan ak aprè kimoterapi pou ede w jere sentòm ou yo ak redui efè segondè yo.

Enstiti Kansè Nasyonal la (National Cancer Institute) rapòte akiponkti ka ede redui sentòm ou site pi ba yo ki gen rapò ak kansè:

  • Enkyetid
  • Depresyon
  • Fatig
  • Santi w menm lè l pa fè cho
  • Anvi vomi ak vomi
  • Neropati (domaj nèf yo)
  • Doulè
  • Pa gen apeti
  • Pwoblèm somèy
  • Pèdi pwa

Kijan Akiponkti Fonksyone

Pandan premye vizit akiponkti w la, w ap rankontre ak youn nan doktè akiponkti ki fòme nan onkoloji nou yo. Doktè akiponkti a ap konsilte w pou konprann kondisyon w lan, dyagnostik ou a, ak plan trètman ki egziste, epi preskri yon plan trètman akiponkti pèsonalize ki inik ak ki konplimate plan swen onkoloji w la.

Pandan sesyon akiponkti w la, doktè akiponkti a ki gen fòmasyon espesyal pou sa ap aplike zegwi, chalè, oubyen presyon nan youn ou plizè kote nan po w – yo rele pwen akiponkti. Gen plis pase 360 pwen akiponkti nan kò a. Ekspè yo kwè akiponkti ka mache paske li kreye repons fizik nan selil nève w, glann pituitè w, ak pati nan sèvo w, ki ka ede san w koule ak tanperati kò w, ranfòse aktivite sistèm iminè w, epi okazyone deklanchman anti-doulè natirèl ki nan kò a pou soulaje doulè. Gen rechèch k ap fèt pou eseye pi byen konprann egzakteman kijan akiponkti fonksyone.

Pou w pran yon randevou akiponkti, tanpri rele 305-243-4129 oubyen 305-243-8204.

Sèvis Sipò Kansè

Kontakte nou jodiya pou w ka aprann plis oubyen pran yon randevou.