Skip to Main Content

Terapi Mizik

Cancer Support Services

Randevou

Pou w aprann plis ou pran yon randevou, rele 305-243-4129 oubyen
305-243-8204.

Terapi Mizik nan sant Sylvester Comprehensive Cancer Centerangaje pasyan yo nan aktivite mizikal ki ede abòde aspè fizyolojik ak siko-emosyonèl trètman kansè. Terapet mizik lisansye nou yo travay avèk ou pou patisipe nan aktivite mizikal ki pwomote gerizon ak byenèt ou.

Lè w patisipe nan sesyon terapi mizik sa ka ede:

  • Ede nan relaksasyon
  • Pwodui atitid ak emosyon pozitif
  • Ede kenbe fonksyon ekzekitif (yon ansanb kapasite mantal ki pèmèt pi akonpli tach chak jou yo) epi lòt kapasite konyitif
  • Founi opòtinite pou eksperyon kreyatif ak atistik
  • Redui doulè, anvi vomi ak malèz
  • Redui strès ak enkytid

Kiyès Nou ka Ede.

Nou ofri sèvis terapi mizik pou nenpòt moun ki aktyèlman ap swiv ou ki te apenn te swiv trètman kansè. Pasyan ki resevwa terapi mizik kapab angaje nan aktivite ki pwomote byenèt atravè konpozisyon mizik.

Pasyan nou yo rapòte lè w jwe yon enstriman pandan w ap swiv trètman an ede yo fè fas ak pil tan yo fè etène a, pandan l ofri tou yon bon fason pou fè konyitif (konpreyansyon) yo travay, pafwa kimoterapi ka deranje sa. Pasyan yo rapòte tou yo valorize mizik pou soulve atitid yo ak founi yon medyòm pou ekspresyon emosyonèl pandan swen yo.

Pasyan ki ale nan gwoup mizik yo nan inite a rapòte yo pran plezi nan sosyalize ak lòt pasyan epi kreye mizik yon anviwònman ki pa gen okenn strès. Swanyan yo rapòte deklarasyon pozitif sou jan yo wè fanmi yo "aji tankou yo konn abitye yo deja," pandan y ap fè mizik ansanm sa pèmèt yon fason pozitif pou fanmi resoude pandan yon moman difisil.

Pou kesyon sou terapi mizik nan Sylvester, tanpri kontakte Mary Kauffman nan m.kauffman@miami.edu.

Kalite Terapi Mizik Nou Ofri

Gras avèk mizik k ap jwe an dirèk, tande mizik toutan, oubyen leson enstrimantal, terapet mizik nou yo ka sipòte w atravè tout faz trètman an. Ekip terapi mizik nou an fabrike chak eksperyans mizikal swivan bezwen endividyèl ou.

Sèvis terapi mizik gen ladan ladan li:

  • Sesyon terapi mizik pèsonèl: Plan trètman mizik endividyalize nou yo ka ede w jere strès ak enkyetid, eksprime emosyon w ak panse w, ekzèse ak jere abilite konyitif, epi redui sansasyon izolasyon pandan ospitalizasyon ak trètman kansè. Terapi mizik endividyèl ka ede tou moun ki nan pakou espirityèl ak siviyans yo.
  • Sesyon terapi mizik an gwoup: Nou fè sesyon terapi an gwoup nan inite ospitalizasyon ak transplant selil pou pèmèt pasyan yo jwenn yon tan pou yo ka rilaks, amize yo, epi konekte ak lòt moun nan yon anviwònman ki san strès. Ou ka chante ak jwe chante w pi renmen yo, pandan w ap diskite kijan lè w nan yon eta pozitif sa ka gen yon enpak sou byenèt ou.
  • Koral Sivivans: Nou se sèl koral sivivans kansè ki gen yon baz akademik ki fokis sou itilizasyon chante pou byenèt nan Florid. Ekip nou an gen pase 30 ane eksperyans ap dirije gwoup vokal epi kapab adrese nenpòt bezwen vokal ki anfas yo. Koral la ouvri ak tout pasyan, moun ki siviv kansè, swanyan, estaf, oubyen nenpòt moun ki se alye kansè.
  • Pèfòmans mizik an dirèk #SylvesterMusicProject: Terapet mizik nou yo kowòdine pèfòmans mizik an dirèk etidyan Frost School of Music yo ak mizisyen kominote lokal yo pèfòme pou odyans ki nan sal datant klinik ak lokasyon satelit nou yo. Mizik nan inite enfizyon nou yo, espas piblik yo ak sal dantant yo pèmèt pasyan ak estaf pou yo dekouvri avantaj mizik k ap jwe an dirèk. Terapet nou yo entèvyouwe, antrene ak konekte regilyèman ak mizisyen yo pou asire yo mizik yo ofri yo apwopriye epi tout moun apresye yo.

Fòmasyon Terapi Mizik Etidyan

Pasyan nou yo benefisye lè yo resevwa trètman modèn nan domèn terapi mizik, pandan estaf nou an aktivman fòme jenerasyon montant terapet mizik yo. Etidyan ki soti nanpwogram terapi mizik nan Frost School of Music vini nan Sylvester pou konplete sesyon estaj yo. Isit la, yo aprann kijan pou itilize mizik klinikman anba sipèvizyon terapet mizik nou yo. Etidyan atravè peyi a ka aplike pou yo konplete staj sis mwa yo a pou yo ka kalifye pou pran ekzamen sètifikasyon lisans nasyonal la.

Sèvis Sipò Kansè

Kontakte nou jodiya pou w ka aprann plis oubyen pran yon randevou.