Skip to Main Content

Premye Vizit ou

Nan jou vizit ou a, tanpri rive nan randevou w la omwen 20 minit anvan lè pou w ka ranpli tout dokiman nesesè yo. Anplis, tanpri note gen kèk vizit, tankou pou evalyasyon ak konsiltasyon, ki ka pran kat èdtan ou plis. Sa asire w resevwa dyagnostik ki pi ekzat posib la, ak yon plan swen ki baze sou ka espesifik pa w la.

Sonje — kansè w la inik menm jan ak ou. Lè w prepare davans, ou ka ede redui strès ou ka santi. L ap asire tou nou ka pase kantite tan nesesè ap ba w repons w ap chaje ak swen ou bezwen an.

Sylvester Comprehensive Cancer Center se yon gwo espas, li mye pou w familyarize w ak kanpis la anvan vizit ou a. Verifye paj lokasyon nou an pou plis enfòmasyon, ak tout enstriksyon adrès, kat, ak detay pakin.

Pote Enfòmasyon Sante w
Rive jou vizit ou a, n ap deja resevwa dosye swen sante w nan men pwofesyonèl swen sante prensipal ou a ou doktè ki te refere w la. Sepandan, ou dwe prepare pou vizit la tou lè w asire w tout enfòmasyon swen sante w yo ak nòt pèsonèl ou yo byen òganize.

Mete bagay sa yo nou site anba a nan kaye nòt ou oubyen katab ou pou w pote nan premye vizit ou:

  • Alèji w genyen
  • Kopi nenpòt rezilta tèsou rapò lab (ou ka mande doktè w pou sa yo)
  • Dat ak adrès nenpòt operayon ou pwosedi
  • Dat ou te trete a ak ki kote
  • Dat pwoblèm sante w la te koumanse
  • Detay sou istwa sante fanmi w (kondisyon paran, granparan, ou frè ak sè w gen ou te genyen)
  • Medikaman w ap pran, ak pou ki kondisyon yo preskri yo
  • Nòt sou istwa sante pèsonèl ou
  • Sipleman (medikaman sou kontwa, plant, ou vitamin) w ap pran
  • Sentòm ou te genyen anvan vizit la
  • Vaksen ou te resevwa, api kilè ak ki kote

Vin ak kesyon
Sonje — pa gen kesyon ki move kesyon. Nou bezwen konnen kisa w ap panse, ak kisa w plis enterese ladan l. Kidonk, ekri nenpòt kesyon w genyen an, epi mande manb fanmi ou moun pwòch pou yo bay nenpòt kesyon yo ka genyen tou. Se meyè fason pou w asire w sonje pou mande ak resevwa repons ou bezwen pou swen pèsonèl.

Vin ak medikaman
Tanpri pote tout medikaman w yo jou vizit ou a. Kite yo nan resipyan ou te ahcte yo ladan yo a. Doktè Sylvester w la ap revize sa yo ak ou lè w rive. Yo enpòtan anpil pou sante global ou ak desizyon swen k ap pran pou ou yo.

Mennen yon manb fanmi ou zanmi ak ou
Kit se yon manb fanmi oubyen yon zanmi, lèw gen yon moun ou fè konfyans ansanm ak ou nan randevou w la sa ede diminye strès ou, li ba w yon moun pou w pale, ak ede w jwenn repons kesyon ou te ka bliye poze pandan randevou a.

Pote kat idantifikasyon w ak lòt enfòmasyon

Asire w pote bagay sa yo ki site anba a ansanm ak ou:

  • Yon kopi direktif davans ou si w ap ospitalize
  • Non, adrès, ak nimewo telefòn lòt doktè k ap trete w, ki refere w, ak ou ta renemn ki resevwa yon kopi rapò konsiltasyon nou an
  • Foto Idantifikasyon (sa vle di, Lisans Kondi, paspò, elatriye)
  • Kat asirans ou ak otorizasyon referans asirans – rele konpayi asirans ou anvan randevou w la si w pa fin asire kisa w ap bezwen ekzakteman
  • Nimewo Sekirite Sosyal ou