Skip to Main Content

Sèvis Entèprèt

Yon swen kalite depann sou bon jan komonikasyon ant pasyan ak pwofesyonèl swen sante yo. Nan sant Sylvester Comprehensive Cancer Center, nou ofri sèvis entèpretasyon gratis pou nouka ede pasyan ki gen tout bakgrawonn ak kilti santi yo konfòtab ak swen yo a.

Ou ka bezwen sèvis entèprèt si w pale Espanyòl, Kreyòl, oubyen yon lòt lang etranje, ou si w gen pwoblèm ekout. Lè sa posib, Uhealth ap ba w yon entèprèt medikal sètifye pou asiste w nan sant nou yo ak biwo nou yo. Yon entèprèt medikal sètifye pale plizyè lang ak ki gen konesans ak eksperyans nan tradui tèminoloji medikal.

Si yon entèprèt medikal pa disponib, ou ka itilize yon sistèm tradiksyon nan telefòn espesyalize pou pale ak doktè w la san sa pa koute w anyen.

Pasyan ka jwenn aksè ak sèvis entèprèt Sylvester a lè yo rele Relasyon Pasyan nan 305-243-3820 pou pran yon randevou. Entepretè jeneralman disponib pwochen jou travay la.