Skip to Main Content

Alex's Place anndan Sylvester

Pasyan ki pi jèn nou yo resevwa swen pasyan ki ospitalize yo nan yon sant ki tou nèf, ki iltramodèn, ki rele Alex's Place anndan Sylvester. Klinik pedyatrik ematoloji-onkoloji ki gen 3.200 mèt kare a vin tounen yon reyalite gras ak donasyon bon kè antreprenè ak filantropis Alexander Daly. Plis pase yon sant trètman pou timoun ki gen maladi kansè ak san, Alex's Place se yon spase ki fèt pou abilite jèn pasyan nou yo ak tout fanmi yo. Chak espas kimoterapi yo genyen pwòp ekran plat pa li pou gade videyo oubyen itilize tankou yon konpitè. Plafon nan chak sal egzamen genyen yon imaj rekonfòtan avèk koulè ak tout tèm ki apwopriye pou timoun. Espas piblik yo nan Alex's Place bati yon jan pou yo ka entèraktif, yo gen jwèt ak aktivite ki enteresan pou timoun ak tout fanmi yo. Gen lòt gran pwen pou n soulinye tankou yon sal klas ki gen nan espas lakote pasyan yo ka fè devwa lekòl yo avèk tou yon jaden trankilite pou moun ka fè ti refleksyon yo nan lapè epi jwi lè deyò a.

Pou w ka pran premye randevou ak yon espesyalis Sylvester pou pitit ou a, rele 305-243-5757 oubyen 800-432-0191.

Pou pran yon randevou pou fè swivi pou pitit ou a, rele nouvo klinik pasyan ki p ap ospitalize yo, Alex's Place anndan Sylvester, nan at 305-689-7210.

Antreprenè ak filantropis Alexander Daly avèk Dr. Julio C. Barredo, dirèkte onkoloji-ematoloji pedyatik nan Sylvester.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.