Skip to Main Content

Kansè Fwa ak Kanal Bilyè (Liver and Bile Duct Cancer)

Randevou

Rele oswa klike sou pou yon vizit an pèsòn
oswa vityèl.

Rele nou nan
1-844-324-HOPE (4673)

Oswa

Fwa w lokalize dèyè kòt la sou bò dwat vant ou. Li filtre enpite ak anmagazine nitriman kò w bezwen. Kanal bilyè yo se tib fen ki soti nan fwa a pouale nan vesikil la ak soti nan vesikil la pou ale nan ti trip la. Objektif yo se pou transpòte bil, yon fliyid ki fabrike anndan fwa a. Bil yo fonn grès yo pandan dijesyon.

Nan Sylvester, nou ofri opsyon trètman ki pi efikas pou kansè fwa ak kanal bilyè ki gen ladan l kansè vesikil, epatoblastom, kasinòm epatoselilè ak kolanjyokasinòm entrahepatik.

Gam konplè terapi nou yo gen ladan yo:

  • Nouvo medikaman kimoterapi ak esè klinik
  • Ablasyon radyofrekans (chofe selil kansè)
  • Kriyoterapi (friz selil kansè yo pou detui yo)
  • Sfè (boul) ou pèl radyoaktif
  • Terapi medikaman sible
  • Radyochiriji estereyotaktik, ak plis:

Apwòch nou an ki baze sou ekip ofri w yon dyagnostik ki kòrèk ak trètman ki pi sible a. Ekspè ekip swen kansè Sylvester w la dedye lavi yo nan ekzakteman kalite kansè w genyen an. N ap toujou trete w kòm yon manb egalego nan ekip swen w lan

.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Opsyon terapi radyasyon avanse tankou ViewRay (youn pami sèlman senk sant nan peyi a) ak RapidArc®, ak yon Siemens 40-slice eskanè CT 4D, ofri terapi radyasyon ekstèn modile (intensity modulated external radiation therapy, IMRT). Teknoloji iltramodèn nou an ofri trètman ki pi konpetan ak efikas, dire trètman ki pi kout, presizyon ekzat nan zafè sible timè ak mwens domaj nan tisi ki an sante ki nan alantou a.

Plis esè klinik kansè pase nenpòt lòt lopital nan Sid Florid la. Si l nesesè pou kansè w la ak nan etap li ye a, esè klinik nou yo founi w nouvo fason pou trete ak pou potansyèlman geri kansè w la.

Sèl sant Kansè Ekselans ki nomine nan Sid Florid. Nou trete kansè, sèlman kansè, ak ofri w meyè rezilta posib. Pwobabilite pou yon pasyan siviv kansè apre senk ane se 17 pousan fwa pi wo si w trete nan yon Sant Kansè Devwe pase nan lòt lopital yo.

Ekip swen pliridisiplinè ki gen ekspètiz yo rekonèt nasyonalman. Kolaborasyon sove lavi. Moun ki konpoze ekip swen w lan se ekspè nan kalite kansè w la ekzakteman ak nan tout aspè nan li.

Aksè nan medsin presizyon. Nou defini kansè w la ak trètman li swivan jèn ki kondi l la, olye sèlman kote l lokalize a ak etap li ye.

Enfimyè navigatè yo asire yo ou pa janm pou kont ou nan pakou kansè w la. Nou asire nou resevwa tout dosye w gen deyò Sylvester yo, kowòdine randevou espesyalite, ak tès, epi reponn kesyon w yo.

Anpil eskperyans nan kansè vesikil ak kanal bilyè/bilyè. Nou ofri pi bon presizyon ak retablisman pi rapid pou pasyan ki fè operasyon vesi.

Radyo-operasyon NanoKnife® envazif minimal. Nou ofri plis opsyon pou pasyan ki genyen timè vesikil ou bilyè ki pa ka opere oubyen difisil pou w jwenn yo, ki pwodui ti kal doulè ak ekzije sèlman yon sejou tou kout nan lopital.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.