Skip to Main Content

Kesyon Popilè Moun Renmen Poze

Verifye repons kèk kesyon pasyan nou yo pi renmen poze sou trètman kansè nan sant Sylvester Comprehensive Cancer Center.

Kijan pou m pran yon randevou?
Sant Sylvester Comprehensive Cancer Center ofri plizyè opsyon pratik pou pran yon randevou.

Kisa m bezwen pote nan randevou m nan?
Ou ka jwenn enfòmasyon konsènan kisa pou w pote nan randevou w la lè w vizite paj Premye Vizit ou a.

Èske Sylvester ofri asistans pou moun ki gen pwoblèm ekout ak je?
Wi. Èd ak sèvis oksilyè ak entèprèt disponib sou demand. Si w bezwen asistans nan sans sa, tanpri rele 305-985-4327.

Eske w ofri sèvis entèprèt ak tradiksyon?
Wi. Nou konn ki enpòtans sa genyen pou nou kominike byen ak pasyan nou yo ki gen plizyè ak ki pale plizyè lang. Verifye Sèvis Entèprèt pou w ka jwenn plis enfòmasyon.

Konbyen tan yon randevou pran?
Li varye, li depann ki kalite randevou ou genyen nan ki depatman ou genyen l. Tanpri mande biwo doktè a enfòmasyon espesifik yo.

Kijan m ka elimine randevou m nan?
Tanpri rele biwo doktè Sylvester a omwens 24 èdtan anvan randevou w la, oubyen 305-243-5757.

Èske Sylvester trete kansè m nan? M pa wè kansè dyagnostik mwen an di m genyen an.
Souvan, espesyalite ka gen yon varyete non. Pi souvan, nou trete kansè w la. Sant Sylvester Comprehensive Cancer Centerse youn nan prensipal sant kansè nan peyi a. Tanpri rele nimewo telefòn Nouvo Pasyan nou an pou w ka aprann plis nan 305-748-6579 oubyen 877-243-1056.

Kijan m ka fè aprann kèk bagay sou doktè w yo anvan vizit mwen an?
Jwenn swen espesyalize w bezwen an. Vizite paj Jwenn yon Doktè a, epi mete ki kalite doktè w bezwen an nan espas rechèch la. Chak doktè gen yon paj sou bakgrawonn ak eksperyans yo, sètifikasyon akreditasyon ak lòt detay.

Èske pa gen okenn nan sant ou yo ki gen famasi?
Wi, tout lopital ki nan Kanmpis Medikal Inivèsite Miami yo gen famasi, ni sant Sylvester Comprehensive Cancer Center a. Gen kèk nan sant satelit Sylvester yo ki gen famasi tou. Aprann plis sou patikilarite yon sant patikilye genyen.

Èske lopital ak sant medikal ou yo gen chapèl ou lòt kote pou fè adorasyon?
Gen chapèl entèkonfesyonèl nan Lopital Inivèsite Miami, Lopital Jackson Memorial ak sant Sylvester Comprehensive Cancer Center. Ou ka jwenn plis enfòmasyon konsènan ekipman sant yo sou paj lokasyonchak lopital.

Èske gen kafeterya ak lòt kote pou moun manje nan sant ou yo?
Wi, sant Sylvester Comprehensive Cancer Center gen yon kafeterya. Gen lòt opsyon pou manje tou. Aprann plis sou paj lokasyonnou yo.

Èske Sylvester ofri aksè entènèt gratis?
Wi. Wi-Fi gratis disponib anndan kou deyò majorite batiman yo. Pou w monte sou entènèt la, chache rezo Medical Wireless ou CanesGuest sou konpitè w la. Verifye lis Kesyon & Repons Popilè sou Wi-Fi nou an pou plis enfòmasyon.

Ki kote pou m pake, epi konbyen pakin koute?
Tanpri vizite paj Pakin ak Transpòtasyon nou an pou tout detay, tankou pwogram rabè pou pasyan, sèvis bis, ak transpòtasyon piblik ki tou pre a.

Èske Sylvester aksepte asirans mwen an?
Nou aksepte majorite konpayi asirans. Pou jwen plis enfòmasyon, tanpri vizite paj asirans lan oubyen rele konpayi asirans ou a pou w ka asire w.

Ki moun pou m kontakte pou kesyon sou fakti?
Ale sou paj Fakti & Sèvis Finansyè (Billing & Financial Services) pou plis detay, ak tout nimewo telefòn biwo fakti divès kalite biwo nou genyen yo.

Ki kote m ka enfòme m sou detay ki gen rapò ak konfidansyalite pasyan?
Vizite Dwa Konfidansyalite Pasyan (Patient Privacy Rights).

Kijan pou m fè pou m gen aksè ak achiv medikal mwen?
Ou ka wè tout enfòmasyon medikal ou yo sou entènèt la san traka gras ak MyUHealthChart. la ki byen sekirize. Pou enfòsyon sou kijan pouw fè demand pou jwenn achiv medikal sou papye, vizite pajAchiv Medikal la.

Èske m kalifye pou yon Esè Klinik
Tradui avansman ki fèt nan domèn rechèch an trètman ki plis efikas rete youn nan pi gwo priyorite Sylvester yo. Li pi bon pou w diskite ka patikilye w la avèk onkolojis Sylvester w la. Yo konn sante w pi byen, epi ka ba w konsèy. Li plis sou divès kalite esè klinik ak rechèch klinik. Ou chache tou esè klinik kansè espesyal ak chache swivan divizyon/zòn terapetik.