Skip to Main Content

Fè Fas Kare ak Efè Segondè

Pandan w ap resevwa trètman pou kansè, ou ka devlope efè segondè, tankou:

  • Fatig ak feblès - Santi w fatige jan w pa abitye santi w ak santi w fèb fizikman se yon efè segondè estanda trètman radyasyon ak kimoterapi.

  • Pèt cheve ak anvi vomi - Se efè segondè popilè kimoterapi.

  • Kote yo trete a vin tou wouj akoz radyasyon - Sa ka varye epi terapis radyasyon w lan ap siveye po w pandan vizit chak jou w yo. Terapis la ap enfòme pwofesyonèl swen sante w la oubyen enfimyè w la si yo bezwen fè egzamen pou po w.

  • Aktivite Seksyèl - Aktivite seksyèl ou ka afekte pandan trètman radyasyon an. Sa ka fèt akoz fatig ak malèz nan pati y ap trete a. Si w gen kesyon, tanpri poze onkolojis radyasyon w lan yo oubyen vizite paj enfòmasyon sante seksyèl nou an. Si w gen nenpòt kesyon an konsènan aktivite seksyèl ou sou bank spèmatozoyid, tanpri diskite sa ak doktè w la anvan w koumanse trètman an.

  • Chanjman Irinè ou Entestinal - Tanpri notifye ekip swen w lan si w gen nenpòt chanjman irinè (nan pipi) ou entestinal (nan trip).

  • Itilizasyon Planin - Pou fanm ki nan laj pou fè pitit, ou dwe itilize planin pou w evite tonbe ansent pandan trètman an. Pou gason, pandan ak imedyatman aprè radyasyon, itilize pwoteksyon pou w ka evite ansent fanm. Si w tonbe ansent pandan w ap swiv trètman pou kansè sa ka reprezante yon danje pou ni timoun k ap devlope a ni manman an tou.

Pandan trètman w lan ap pwogrese. li nòmal pou fatig ou a ak tout feblès ou a agrave. Si sa rive, eseye konsèy sa yo pi ba a pou w ka jwenn kèk soulajman:

  • Eseye fè ti ekzèsis lejè tankou mache ak detire
  • Redui aktivite w yo
  • Redui sou tan travay ou
  • Fè ti kabicha si w kapab
  • Eseye fè uit èdtan dòmi

Asire w rete idrate pandan trètman w lan Note si w ap resevwa trètman radyasyon, ou pa radyoaktif epi pa ka bay okenn lòt moun radyasyon an.