Skip to Main Content

Jere Swen w lan

Lè w ap swiv trètman nan sant Sylvester Comprehensive Canscer center, nou fè pati ekip nou a epi w gen yon wòl enpòtan pou w jwe. Nou vle ede fè randevou w la ak swen w lan san strès.

Swiv konsèy sa yo:

  • Yon objektif atravè trètman radyasyon se pou jere pwa w ak kenbe tèt ou byen idrate. Sa se verite espesyalman si w ap resevwa kimoterapi tou.

  • Rive ak lè nan tout randevou w gen ak onkolojis ou, sesyon terapi radyasyon ak lòt randevou.

  • Swiv tout enstriksyon pou trètman chak jou y ap ba ou yo.

  • Fè ekip trètman w lan ak ekip terapi w la (terapet, enfimyè ak onkolojis radyasyon w lan) konnen nenpòt efè segondè ki genyen an, tankou nouvo doulè ou ka genyen pandan trètman w lan.

  • Prete yon atansyon espesyal ak nenpòt instriksyon sou swen po ak bouch yo ba ou.

  • Pale ak doktè w la anvan w nenpòt sipleman ou medikaman. Gen kèk sipleman ki ka gen kèk efè negatif ansanm avèk trètman radyason an.

  • Pandan w nan lopital la w ap resevwa swen ak trètman, y ap verifye idantifikasyon plizyè fwa. Yo fè sa pou sekirite w. Yo ka mande w pou non w, dat ou fèt ak pou w verifye yon foto nou genyen nan sitèm nou an. Menm si sa ka parèt tankou se yon repetisyon n ap fè, sekirite w se priyorite n.