Skip to Main Content

My Wellness Check FAQs

Randevou

Pou w aprann plis ou pran yon randevou, rele 305-243-4129 oubyen
305-243-8204.

Nan sant Sylvester Comprehensive Cancer Center, pki fè pati University of Miami Health System, nou la pou nou sipòte w ak swanyan w atravè dyagnostik, trètman, ak apre ou fini ak tretman.

Fen tretman kansè a ka yon soulajman pou pasyan ak swanyan, men li ka yon peryòd ensètid tou.

Nou la pou n ede
Sylvester devlope Pwogram Survivorship (Sivivans) pou ou ki gen ladan l gwoup sipò, seminè, atelye, ak plis toujou. Atravè efò rechèch nou yo, n ap chache abòde tou efè sosyal, ekonomik, fizik kansè genyen pami pasyan pedyatik ak granmoun nou yo.

Vizit Survivorship ou a se yon rankont pèsonalize swivan dyagnostik ou a ak bezwen apre tretman, ak fidbak nan men ekip pliridisiplinè a. Enfimyè pratisyèn, enfimyè klinik espesyalis ak sistan doktè dirije klinik sivivans lan ak fidbak nan men ekip swen prensipal ou a. Ekip swen Survivorship ou a gen eksperyans ak travay ansanm pou asire plan swen w lan ak resous yo satisfè tout bezwen w.

Pasyan ki konplete tretman kansè gen enkyetid, epesyalman sou efè segondè alontèm ak peryodik yo. Anplis, gen kesyon sou pwoblèm fizik, emosyonèl ou pratik sou kansè ak tretman l. Pasyan yo ka benefisyen nan vizit klinik sa ak nan enfòmasyon ak resous yo ofri yo.



Planifye pou Demen

W ap retounen an yon Plan Cancer Survivorship Care yo kreye apati fidbak ekip medikal ou a bay. Plan swen sa ka itilize kòm yon resous pou lòt pwofesyonèl swen sante non-onkoloji w yo pou yo ka okouran tou kisa k te pase nan dyagnostik kansè w la. Y ap ba w tou teknik pou viv an sante ak yon revizyon rekòmandasyon ki panche sou swivi medikal jeneral ak swen. Lòt aspè enpòtan nan sivivans kansè gen rapò ak enpòtans ekzamen kansè pou anpeche pwochen retou ou nouvo kansè, jesyon efè ki vin byen ta ki gen rapò ak tretman, epi pwosesis veyès

Nan vizit pwogram Adult Survivorship ou a, n ap kouvri tou:

Objeftid nou se pou w ale ak enfòmasyon ak resous ki gen rapò ak dyagnostik ou a ki benefik pou ou.


Kesyon Moun Poze Souvan

Kilè yo ka resevwa m nan pwogram Adult Survivorship la?
Pwogram disponib pou tout pasyan ki te konplete tretman kansè. Nou ofri swen pou sivivan nenpòt dyagnostik kansè a, ak sèvis maladi espesyal.

Kilè m ka vini nan pwogram Adult Survivorship?
Program UM Survivorship aktyèlman rankontre ak pasyan nan 6 mwa depi yo fin konplete tretman aktif. Pasyan ka ktoujou ap pran medikaman, tankou terapi òmonal pou kansè tete ak pwostat, epi nou kontan resevwa yo nan pwogram nou an.

Kijan yo ka rankontre m nan pwogram Adult Survivorship?
Pou w vizite Pwogram Adult Survivorship nan, pwofesyonèl swen sante Onkoloji w la dwe refere pasyan. Tanpri diskite sa ak pwofesyonèl swen sante Onkoloji w la si w pa t gen referans pou yo ka ede fasilite randevou w la

Eske asirans sante m nan ap kouvri vizit mwen an?
Nan majorite ka, wi. Pwogram Survivorship University of Miami an ka ede reponn kesyon sou pèman pou vizit sa. Pou aprann plis, kontakte SCCCSURVIVORSHIP@miami.edu

Kisa Survivorship Care Plan nan ye?
Se yon plan swen pèsonalize ki ba w ak tout doktè ki enplike nan swen w yo yon dokiman ekri ki detaye tretman ou te resevwa yo pou kansè w la. Li bay tou yon kalandriye pwochen vizit swivi ak sa yo rekòmande yo pou pi devan. Sa se moman kote yo ba w teknik jeneral pou viv an sante avèk resous lokal ak nasyonal avèk revizyon ak enfòmasyon.

Pou kesyon ou plis enfòmasyon sou pwogram UM Survivorship la ou evènman Survivor, tanpri kontakte SCCCSURVIVORSHIP@miami.edu.

Sèvis Sipò Kansè

Kontakte nou jodiya pou w ka aprann plis oubyen pran yon randevou.