Skip to Main Content

Kesyon Repons pou Esè Klinik

Etid rechèche klinik se etid kote pasyan ede doktè ak syantis jwenn fason pou amelyore sante ak swen kansè. Chak etid yo ap eseye reponn kesyon syantifik ak pou jwenn meyè fason pou fè prevansyon, dyagnostike, oubyen trete kansè, ak ede avanse konesans sou kansè ak enpak li.

Sylvester antreprann yon gwo gam etid rechèch klinik avèk genyen ant 200 ak 300 esè klinik ki dispoonib ak tout lè.

Kijan m ka Jwenn Esè Klinik Pou Kalite Kansè Pa m nan? Page 1

Pou jwenn esè nan Sylvester, vizite Sitwèb UHealth Esè Klinik yo pou ka chache esè klinik yo swivan dyagnostik, doktè, nimewo esè, oubyen mo kle.

Pou plis enfòmasyon sou etid kansè ki disponib yo, pale ak kowòdonatè swen pasyan w lan oubyen rele Biwo Esè Klinik la sou 305-243-2647.

Pou enfòmasyon sou tout esè klinik ki disponib atravè tout peyi a ale sou Clinicaltrials.gov epi chache esè yo swivan dyagnosis oubyen mo kle.

Poukisa Genyen Esè Klinik? Page 1

Yon esè klinik se youn nan etap final nan yon pwosesis rechèch sou kansè ki long ak ki fèt ak anpil pridans. Chèchè k ap fè rechèch sou kansè yo koumanse esè klinik nouvo medikaman jis apre lè yo fin teste you sou selil kansè ki grandi nan laboratwa ak nan bèt ki nan laboratwa yo. Yo etidye trètman ki bay plis espwa nan eksperyans preliminè sa yo se gras esè klinik yo fè sou pasyan. Esè Klinik sou pasyan kansè gen objektif pou jwenn si apwòch favorab sa yo konsènan prevansyon pou kansè, dyagnostik ak trètman yo sekiritè ak efikas. Se sof si yon moun gen volonte a li ka patisipe nan yon esè klinik.

Ki Benefis Ki Genyen Lè w Patisipe Nan Yon Esè Klinik? Page 1

Se sof si yon moun vle enplike li nan yon esè klinik li ka patisipe ladan l, men moun ki patisipe ka jwen avantaj tankou:

  • Gen aksè ak medikaman favorab yo, aparèy medikal, oubyen apwòch trètman anvan yo vin disponib kòm opsyon swen estanda.
  • Trètman kansè gratis ou sibvansyone pandan dire esè a
  • Yon wòl plis aktif nan pwòp swen sante w
  • Swen medikal espesyalize nan yon sant kansè k ap domine nan domèn nan
  • Siveyans pwòch trètman w lan ak tout efè segondè l yo
  • Opòtinite pou w fè ladiferans ak amelyore trètman pou jenerasyon k ap vini yo.

Esè Klinik jwe yon wòl enpòtan nan lit k ap mennen kont kansè a. Patisipasyon nan yon esè klinik kontribiye nan konesans medikal. Anpil moun ki gen kansè kounyeya viv pi lontan paske trètman yo pi efikas gras ak esè klinik yo. Si w deside patisipe nan yon esè klinik nan Sylvester, w ap jwe yon wòl enpòtan nan avansman konesans syantifik ak ede pasyan yo alavni.

Kijan esè klinik fonksyone? Page 1

Evalyasyon Pwotokòl Esè Klinik
Yo mennen esè klinik yo swivan yon plan pwotokòl yo byen bati pou pwoteje sante patisipan benevòl yo pandan y ap chache reponn kèk kesyon rechèch espesifik. Pwotokòl la gen ladan l enfòmasyon sa yo:

  • Objektif etid la
  • Plan etid la
  • Konbyen moun k ap patisipe
  • Kiyès moun ki kalifye pou patisipe nan etid la ak kiyès ki p ap ka ladan l
  • Detay sou lè tès y ap fèt, pwosedi yo ak medikaman ansanm ak dozaj yo
  • Dire esè a
  • Kalite enfòmasyon y ap gen pou kolekte yo
  • Etap final yo

Gen yon envestigatè prensipal ki dirije yon esè klinik, pi souvan se toujou yon doktè. Li dirije esè klinik la epi asire l ekip klinik ak rechèch la swiv plan an. Manb ekip rechèch la sipèvize regilyèman sante patisipan yo pou detèmine sekirite ak efikasite etid la.

Konsèy Administratif Evalyasyon Enstitisyonèl la (Institutional Review Board, IRB) dwe apwouve ak sipèvize tout esè klinik ki fèt nan Etazini pou asire l risk yo akseptab epi jistifye sou baz avantaj potansyèl li ofri yo. Yon IRB se yon komite endepandan ki gen ladan l doktè, estatisyen, ak lòt manb nan kominote a ki asire w yo esè klinik yo etik epi dwa pasyan yo pwoteje.

Akò Konsanti
Anvan pou l patisipe nan yon esè klinik, yon patisipan dwe kalifye pou etid la. Gen kèk etid rechèch ki chache patisipan ki gen maladi a oubyen kondisyon an pou yo etidye yo nan esè klinik la, pandan gen lòt menm k ap chache benevòl ki an sante. Akò konsanti se pwosesis kote w bay patisipan benevòl yo enfòmasyon konsènan yon esè klinik anvan yo deside si yo vle patisipe. Pwosesis akò konsanti a kontinye bay patisipan ki enskri yo enfòmasyon ki ajou pandan etid la ap dewoule. Yo ka ofri asistans pou tradiksyon ak entèpretasyon pou patisipan ki pa twò fò nan lang anglè.

Ekip rechèch la founi yon dokiman akò konsanti ki gen ladan l detay sou etid la, tankou objektif etid la, dire etid la, pwosedi obligatwa yo, risk ak avantaj potansyèl, lòt altènatif ki genyen ak kiyès pou kontakte pou plis enfòmasyon. Kounyeya patisipan yo deside si y ap siyen dokiman an.

Akò Konsanti a se pa yon kontra epi benevòl yo lib pou yo anile patisipasyon yo nan etid la konplètman oubyen refize kèk trètman patikilye ou tès tou nenpòt lè a.

Ki Diferan Etap Esè Klinik la Genyen? Page 1

Majorite rechèch klinik ki gen ladan l teste pwogrè yon nouvo medikman nan yon seri etap ki byen òdone, yo rele sa faz. Sa pèmèt doktè ak syantis poze ak reponn kesyon nan yon fason ki debouche sou enfòmasyon fyab sou medikaman ak pwoteje pasyan yo. Yo souvan klase esè klinik yo nan youn pami kat faz:

Esè Faz I: Faz sa evalye kijan yo ka administre yon nouvo medikman an tout sekirite ki gen ladan l dozaj nòmal ak efè segondè potansyèl yo. Yon Esè Faz I souvan genyen ladan l yon ti kantite pasyan ou benevòl ki an sante limite, pafwa jiska anviwon yon douzèn. Esè Faz I yo se premye etid yo fè sou moun, epi an fèt, se yon etap enpòtan pou fè tranzisyon nouvo trètman yo soti nan laboratwa pou rive bò kabann malad yo. Pwogram Esè Klinik Faz I an nan Sylvester ede doktè ak syantis yo etabli relasyon kolaboratif ki souvan debouche sou nouvo chwa trètman pou pasyan yo.

Esè Faz II: Etid sa yo itilize rezilta ki soti nan esè faz I yo konsènan dozaj maksimòm ki tolerab yo ak limit toksisite dozaj la. Esè Faz II yo kontinye teste sekirite medikaman an ak koumanse evalye efikasite nouvo medikaman an. Souvan, etid sa yo konsidere yon ti kantite pasyan ki limite.

Esè Faz III: Kalite esè sa ka teste yon nouvo medikaman ki favorab, yon nouvo melanj medikman, oubyen pwosedi chirijikal ki ka ogmante to trètman ou diminye efè segondè trètman an lè w konpare yo ak swen estanda y ap itilize aktyèlman. Y ap mete yon patisipan patisipe nan trètman estanda a oubyen nan nouvo trètman an pa aza (sa rele randomizasyon). Esè Faz III souvan pran yon valè kantite pasyan epi yo ka fè yo nan plizyè sant kansè atravè tout peyi a ou atravè lemond. Esè Faz III ka mennen nan etap kote FDA (Food and Drug Administration) asepte yon nouvo medikman ou trètman.

Esè Faz IV: Sa yo gen ladan yo evalasyon swivi ki kontinye fèt apre apwobasyon FDA a, lè medikaman an deja sou mache a epi disponib pou itilizasyon piblik (siveyans pòs-komèsyalizasyon), pou ka jwenn plis enfòmasyon konsènan efè segondè alontèm yo.

Kisa pwogram esè klinik Faz 1 nan Sylvester a ye? Page 1

Enstiti Nasyonal Plan Daksyon sou Sante pou Rechèch Medikal (National Institutes of Health Roadmap for Medical Research) la pou founi "fondasyon nesesè pou avanse rechèch preliminè ak klinik" pou akselere transfè terapi favorab yo soti nan laboratwa pou rive nan klinik pou pran swen pasyan. Yo te kreye Program Esè Klinik Faz I nan Sylvester a pou reyalize filozofi sa anndan yon espas sekiritè.

Pwogram nan gen yon ekip pliridisiplinè doktè, syantik, famasyen,teknisyen laboratwa, enfimyè, estatisyen, kowòdonatè rechèch ak administratè done. Ekip sa rezève laboratwa, famasi ak espas pou administre kimoterapi, ki yo tout travay ansanm pou founi pasyan ki patisipe nan esè Faz I yo swen ki gen pi wo nivo a.

Esè Faz I yo se premye etid yo fè sou moun, epi an fèt, se yon etap enpòtan pou fè tranzisyon nouvo trètman yo soti nan laboratwa pou rive bò kabann malad yo. Pwogram Esè Klinik Faz I an nan Sylvester ede doktè ak syantis yo etabli relasyon kolaboratif ki souvan debouche sou nouvo chwa trètman pou pasyan yo:

  • Program Esè Klinik Faz I nan Sylvester a se sèl sant tès Faz I akademik nan Sid Florid la ki konsakre sou devlopman medikaman pou pasyan kansè.
  • Sylvester gen Alex’s Place ladan l tou, ki se sèl Program Esè Klinik Faz I Pedyatik nan Sid Florid la, ki gen objektif ankouraje plis kolaborasyon ant syantis Sylvester ak onkolojis pedyatik. Plis pase yon sant trètman pou timoun ki gen maladi kansè ak san, Alex's Place se yon spase ki fèt pou abilite jèn pasyan nou yo ak tout fanmi yo. Aprann plis soukansè pedyatik ak Alex’s Place.
Kisa ki Pase Apre Yon Esè Klinik Fini? Page 1

Lè yon esè klinik fini, envestigatè prensipal ak ak ekip rechèch la ekzamine avèk anpil atansyon enfòmasyon yo te kolekte pandan etid la pou pran desizyon sou siyifikasyon rezilta yo jwenn yo ak bezwen potansyèl ki genyen pou fè lòt tès.

Lè Faz I ak II esè a fini, envestigatè yo deside si rezilta preliminè sa yo jistifye pou pase nan pwochen faz etid.

Apre yon esè Faz III fini, chèchè yo byen ekzamine done yo pou deside kijan pou entèprete rezilta yo. Si rezilta yo patikilyèman enpòtan, yo ka mansyone yo nan jounal ak diskite yo nan reyinyon syantifik ak gwoup pledwari pou pasyan anvan yo pibliye yo.

Souvan yo pibliye rezilta esè klinik yo nan jounal stantifik lòt kòlèg evalye Evalyasyon lòt kòlèg yo fè (peer-review) se yon pwosesis kote ekspè revize rapò a anvan yo pibliye l pou yo asire yo analiz la ak konklizyon an byen fonde. Depi yo fin pwouve yon nouvo apwòch sekiritè ak efikas nan yon esè klinik, li ka tounen nouvo estanda prati medikal la.

Lyen Rekòmande

Cancer.Net from ASCO: About Clinical Trials
Coalition of Cancer Cooperative Groups
EmergingMed
American Cancer Society: What You Need to Know About Clinical Trials
Myths & Facts about Cancer Clinical Trials – Coalition of Cancer Cooperative Groups
Cost of Clinical Trials – National Cancer Institute
Clinical Trials and Insurance Coverage – National Cancer Institute
States That Require Health Plans to Cover Patient Care Costs in Clinical Trials
Clinical Trials Home Page
Clinical Trials.gov

Glosè tèm ki konsène yo

http://www.cancer.gov/dictionary?expand=A