Skip to Main Content

Retinoblastom nan Timoun

Alex's Place anndan Sylvester

Plis pase yon sant trètman pou timoun ki gen maladi kansè ak san, Alex's Place se yon spase ki fèt pou abilite jèn pasyan nou yo ak sipòte fanmi yo.

Retinoblastom (RB) se yon fòm kansè ki ra. Li afekte selil retinal ki sansib nan limyè ki ede je nou wè. Li se malinyite je (okilè) ki pi popilè nan timoun ak twazyèm kansè ki pi popilè lakay timoun. Yo dyagnostike ant 250 ak 350 nouvo ka chak ane nan Etazini. Anviwon 90 pousan rive nan timoun ki gen mwens pase 5 ane.

Gen de kalite retinoblastòm; youn ki ereditè ak afekte tou de je yo (10 pousan nan ka yo) ak lòt kalite a ki non-ereditè, ki afekte sèlman yon je. Nan tout ka yo, seyans konsèy jenetik enpòtan pou timoun ki gen yon mitasyon liy-jèm (germ-line mutation). Maladi sa yo tèlman ra se pou sa li enpòtan pou w trete pitit ou a nan yon enstitisyon ki espesyalize nan retinoblastòm, tankou sant Sylvester Comprehensive Center.

Poukisa pou w chwazi sant Sylvester Comprehensive Cancer Center?

Trètman lokalize. Sylvester se sèl sant nan Sidès Etazini ak youn pami kat ou senk nan peyi a ki vrèman fòme nan yon trètman ki rele kimoterapi entra-ateryèl, ki founi plis trètman lokalize, ki fè timoun nan evite trètman sistemik ak redui anpil nesesite pou retire je a.

Rekòmandasyon pèsonalize. Menm si w gen yon predispozisyon familyal pou w gen yon kalite kansè patikilye, oubyen ou vle pitit ou a rete an sante pandan lontan, nou kenbe objektif ou yo nan tèt nou lè n ap bati orè ekzamen ak trètman w yo.

U.S. News & World Report klase enstiti Bascom Palmer Eye Institute #1. Enstiti Bascom Palmer Eye Institute se meyè etablisman nan peyi a pou trètman maladi ak twoub nan je, daprè U.S. News & World Report. Lè w chwazi nou pou swen je w, w ap resevwa meyè swen nan peyi a nan yon espas konpatisan.

Kesyon? Nou la pou ede w.

Espesyal randevou nou yo prè pou ede w jwenn sa w bezwen an. Kontak nou jodiya.

Trètman

  • Kimoterapi Peryokilè

    Pou kèk kansè entraokilè avanse, yo ka aplike dòz kimoterapi ki pi wo dirèkteman nan je a san efè segondè sistemik yo.

  • Kimoterapi Entravitreyal

    Yo aplike kimoterapi nan imè vitre an, sibstans ki tankou jèl ki anndan je a. Sa yon nouvo metòd trètman.

  • Terapi Radyasyon

    Terapi radyason Entansite modile (Intensity-modulated radiation therapy, IMRT) ka pi byen sible timè a ak evite tisi nòmal ki nan alantou yo.

  • Terapi Lazè

    Fotokoagilasyon se yon non teknik pou lè yo fokis yon reyon lazè atravè pipiy la ak fokis sou veso sangen yo ki antoure ak alimante timè a. Pwosesis sa detui selil kansè avèk chalè.

  • Enikleyasyon ak Pwotèz pou Je

    Enikleyasyon se anlèvman je a ak pati nan nèf optik la. Yo pèfòme sa sèlman lè yo pa ka restore vizyon ak lè yon gwo timè pwopaje nan nèf optik la. Yo ka pèfòme l si timè a lakoz hwo presyon anndan je a. Aprè operasyon, timoun ou an jeneralman kalifye pou yon je atifisyèl pou egale gwosè ak koulè lòt je a.

  • Kimoterapi Entra-Ateryèl

    Yo ka itilize nouvo metòd sa olye kimoterapi sistemik. Yo enjekte kimoterapi dirèkteman nan atè oftalmik la, atè prensipal ki founi san nan je a. Yo ka repete pwosesis sa chak de twa semenn, sa depann to ratresisman timè a.


Tès


Souvan, yo jwenn yon retinoblastòm lè w wè je pitit ou a parèt gen sant blan nan foto ki fèt avèk flach. Si sa rive, mande pou fè yon evalyasyon oftalmik pedyatik imedyatman. Sa ka gen ladan l:

  • Ekzamen Je

    Doktè je w la ap mennen yon ekzamen je pou detèmine kisa ki lakoz siy ak sentòm pitit ou a.

  • Tès Imaj

    Seyans eskanè ak tès imaj ede nou detèmine si retinoblastòm ap devlope ak fè enpak sou pati ki deyò je a. Tès yo gen ladan yo iltrason, seyans eskanè CT-scan ak imaj rezonans mayetik (MRI).

Asirans nou Asepte

Nòt: Plan sante ki gen kontra avèk UHealth aktyèlman yo nan yon lis pi ba a. Sepandan, tanpri konsilte konpayi asirans ou an pou w verifye si UHealth fè pati rezo konpayi asirans ou an.